Press Release

Press Release  EOTSS ap chache moun nan piblik la pou aplike nan Konsèy Gouvènans Aksesiblite ak Ekite Nimerik la

For immediate release:
2/20/2024
  • Executive Office of Technology Services and Security
  • Massachusetts Digital Service
  • Digital Accessibility and Equity Governance Board

Media Contact   for EOTSS ap chache moun nan piblik la pou aplike nan Konsèy Gouvènans Aksesiblite ak Ekite Nimerik la

Christopher Smith, Director of Legislative and External Affairs

BOSTON — Semèn sa a, Konsèy Gouvènans Aksesiblite ak Ekite Nimerik la te anonse ke yo pral chache jwenn aplikasyon nan men moun ki nan piblik la pou yo vin fè pati Konsèy la. Konsèy sa ki te kreye touswit apre Òdonans Egzekitif 614, te siyen pa Gouvènè Healey an Jiyè 2023 nan okazyon 33yèm anivèsè Lwa sou Ameriken ki Gen Andikap, misyon Konsèy la se ranfòse aksesiblite ak ekite nimerik pwogrese nan Massachusetts. Konsèy la ap gen pou konseye Biwo Egzekitif Sèvis Teknoloji ak Sekirite (Executive Office of Technology Services and Security (EOTSS) a ak Responsab Aksesiblite Enfòmatik Commonwealth (CIAO) la sou tout aspè politik la, pasasyon mache ak operasyon kote yo kapab ranfòse pou bay tout rezidan yo sèvis ak enfòmasyon gouvènman leta yo.   

Konsèy la ap chache manm piblik la ki gen konpetans ak/oswa ki te viv yon esperyans ak yon andikap. Manm piblik yo ap nome pa Sekretè  EOTSS la e y ap gen yon manda dezan.  

“Nou enpasyan pou n travay ak manm piblik la ki kapab pote vizyon yo, konpetans yo ak esperyans lavi yo pou ede n mete inisyativ aksesiblite Commonwealth la sou pye”, Ashley Bloom, Responsab Enfòmatik, ki kòmanse kòm CIAO mwa pase e li kòmanse prezide DAEGB.  

“Nan yon moman kote majorite aktivite leta yo fèt anliy e yo nimerize, nou rekonèt ijans ki genyen pou n rann eksperyans nimerik la disponib pou tout rezidan yo,” Sekretè EOTSS ak Responsab Enfòmasyon Leta a Jason Snyder, te deklare. “Nou enpasyan e nou fyè pou n fè pwogrese priyorite administrasyon Healey-Driscoll la anrapò ak aksè ak ekite nan espas nimerik la, e nou kontan envite piblik la vin patisipe nan Konsèy Gouvènans Aksesiblite ak Ekite Nimerik la.” 

Antanke sekretarya prensipal Leta ki responsab teknoloji ak sibèsekirite, EOTSS gen responsablite pou l kowòdone aktivite administrasyon an nan domèn teknoloji enfòmasyon e pou l asire l ke tout ajans depatman egzekitif yo konfòme yo ak nòm, politik ak pwosedi ke EOTSS pibliye yo. Apwòch antrepriz sa a founi yon kad inik ki konplè e li asire l ke Leta rete sou menm liy nan tout bezwen teknolojik yo, sa gen ladan konfidansyalite done, jesyon risk sibèsekirite, e kounye a aksesiblite ak ekite nimerik atravè kreyasyon pwogram Aksesiblite ak Ekite Nimerik la. 

###

Media Contact   for EOTSS ap chache moun nan piblik la pou aplike nan Konsèy Gouvènans Aksesiblite ak Ekite Nimerik la

  • Executive Office of Technology Services and Security 

    Our mission is to provide secure and quality digital information, services, and tools to customers and constituents when and where they need them.
  • Massachusetts Digital Service 

    Our mission at Mass Digital is to help our partners use the best technology, design, and data to make every interaction with Massachusetts government simpler, faster, and more meaningful. Mass Digital is part of the Executive Office of Technology Services and Security (EOTSS).
  • Digital Accessibility and Equity Governance Board 

    The Digital Accessibility and Equity Governance Board aims to promote digital accessibility in the Commonwealth. It will guide the Secretary and the Chief IT Accessibility Officer (CIAO) of the Executive Office of Technology Services and Security (EOTSS) on digital equity, including standards, policies, procurement, and federal funding opportunities.
  • Help Us Improve Mass.gov  with your feedback

    Please do not include personal or contact information.
    Feedback