| Adopted Date: | 05/15/2026 |
|---|---|
| Effective Date: | 06/01/2026 |
| Updates: | Pibliye 15 me 2026, antre an aplikasyon 1ye jen 2026 (Ranplase Lòd Pèmanan Tribinal Siperyè a 1-22) |
Aplikab pou tout Tribinal Siperyè yo
| Adopted Date: | 05/15/2026 |
|---|---|
| Effective Date: | 06/01/2026 |
| Updates: | Pibliye 15 me 2026, antre an aplikasyon 1ye jen 2026 (Ranplase Lòd Pèmanan Tribinal Siperyè a 1-22) |
Aplikab pou tout Tribinal Siperyè yo
Lòd Pèmanan sa a antre an aplikasyon 1ye jen 2026, epi li anile ak ranplase Lòd Pèmanan Tribinal Siperyè 1-22 a, ki te antre an aplikasyon 1ye septanm 2022. Lòd Pèmanan sa a dwe rete an aplikasyon jiska nouvèl lòd tribinal la.
An Konfòmite avèk dwa konstitisyonèl, legal, ak lòt dwa ki aplikab yo, epi nan enterè lajistis, sèten pwosedi penal ak sivil ka fèt adistans (egzanp, pa òdinatè, konferans videyo, oswa telefòn) dapre Lòd Pèmanan sa a.
Tribinal la òdone,
Michael D.
Ricciuti Jij an Chèf Tribinal Siperyè a
Yo fè odyans nan afè penal yo a distans, san yo pa bezwen yon mosyon alekri, pou :
Odyans nan afè penal yo sipoze fèt an pèsòn pou :
Pa gen okenn metòd yo sipoze pou fè yon miz an akizasyon. Nou ankouraje jij yo fè konparisyon yo adistans lè akize a nan prizon epi li renonse a prezans fizik, sof si gen yon rezon valab pou akize a ak avoka a prezan fizikman.
Yon odyans penal ki deziyen kòm odyans ki sipoze fèt an pèsòn dapre Lòd Pèmanan sa a ka fèt adistans sou demann konjwen pati yo, san yo pa bezwen yon mosyon alekri, ak/oswa nan otorite jij la, an konfòmite avèk dwa konstitisyonèl, legal, ak lòt dwa ki aplikab yo. Yon jij ta dwe konsidere nati pwosedi a, tankou si li baze sou prèv, mande temwayaj yon temwen oswa yon detèminasyon kredibilite, ak pozisyon pati yo.
Odyans nan afè sivil yo sipoze fèt adistans pou :
Odyans nan kad afè penal yo sipoze fèt an pèsòn pou :
Yon odyans kriminèl ki deziyen kòm odyans ki sipoze fèt an pèsòn dapre Lòd Pèmanan sa a ka fèt adistans sou demann konjwen pati yo, san yo pa bezwen yon mosyon alekri, ak/oswa nan otorite jij la pou deside, an konfòmite avèk dwa konstitisyonèl, legal, ak lòt dwa ki aplikab yo. Yon jij ta dwe konsidere nati pwosedi a, tankou si li baze sou prèv, mande temwayaj yon temwen oswa yon detèminasyon kredibilite, ak pozisyon pati yo.
Yon jij ka òdone pou yon odyans kriminèl oswa sivil ki deziyen kòm odyans ki sipoze fèt adistans dapre Lòd Pèmanan sa a fèt an pèsòn si jij la detèmine yon odyans konsa nesesè pou rezolisyon ekitab ak efikas yon pwoblèm.
Yon pwosedi « ibrid », kote kèk patisipan prezante an pèsòn epi kèk lòt prezante adistans, ka fèt sou demann ak nan otorite jij la pou deside, epi an konfòmite avèk dwa konstitisyonèl, legal, ak lòt dwa ki aplikab yo. Yon patisipan ki mande pou l prezante adistans pandan yon pwosedi an pèsòn pa dwe gen okenn rezon pou fè objeksyon kont yon lòt patisipan ki prezante an pèsòn.
Pou nenpòt odyans adistans ki enplike yon pledè ki reprezante tèt li ki gen aksè limite oswa ladrès limite nan teknoloji odyans adistans, epi pou asire aksè ekitab nan lajistis, jij la dwe pran mezi rezonab pou fasilite patisipasyon adistans oswa li ka ofri yon altènativ an pèsòn.
Okenn moun pa dwe pran foto, ni fè anrejistreman oswa retransmisyon pa mwayen elektwonik, yon odyans tribinal adistans oswa ibrid, san otorizasyon alavans jij la oswa grefye-majistra ki asire sipèvizyon imedyat odyans adistans oswa ibrid la, an konfòmite avèk Règ Tribinal Siprèm Jistis la nan 1:19, ki reji aksè elektwonik nan tribinal yo.
Pou rezon aksè piblik a odyans an pèsòn, adistans, oswa ibrid ki ouvè a piblik la, manm piblik la ka gen aksè a odyans tribinal yo konsa :
Manm piblik la k ap chèche enfòmasyon espesifik oswa enstriksyon sou aksè piblik a odyans an pèsòn, adistans, oswa ibrid nan yon ka patikilye dwe kontakte Biwo grefye a pou plis detay.
| Updates: | Pibliye 15 me 2026, antre an aplikasyon 1ye jen 2026 (Ranplase Lòd Pèmanan Tribinal Siperyè a 1-22) |
|---|