Aprann konnen kòdenn

Kòdenn sovaj, ki se zwazo sovaj ofisyèl yo konn chase Massachusetts la, fleri nan diferan zòn atravè eta a, san wete zòn rezidansyèl yo.
Turkeys

Kòdenn sovaj nan Massachusetts

Anvan Ewopeyen yo te vin kolonize Amerik, kòdenn sovaj te anpil nan Massachusetts. Piske yo te pèdi anpil zòn kote yo te rete yo, yo te elimine kòdenn sovaj nan eta a. Yo te touye dènye kòdenn natif natal an 1851. An 1970, MassWildlife te kenbe 37 kòdenn sovaj nan New York epi yo te lage yo nan Berkshires. Nouvo twoupe kòdenn sa a te grandi nan yon peyizaj ki ideyal pou yo ki te gen ni tè moun kiltive, ni forè, konsa disi otonn 1978 yo te estime popilasyon an te anviwon 1,000 kòdenn. Pandan gen plis kòdenn ki te sot nan eta vwazen yo ki vin viv isit, anvan lontan te gen kòdenn nan pifò zòn nan Massachusetts nan direksyon lwès Rivyè Connecticut la. Yo te kontinye deplase kòdenn yo nan eta a jiska 1996, sa ki te fè yo kontinye gaye nan sant, nòdès, ak sidès eta a. An 1991, yo te nome kòdenn sovaj la zwazo ofisyèl yo chase nan eta a. Jodi a, yo estime popilasyon an ant 30,000 ak 35,000 kòdenn! Grasa bonjan jesyon, kòdenn yo sipoze gen yon bèl avni. Chasè, moun ki renmen lanati, ak lòt moun ki renmen bèt sovaj byen kontan kòdenn yo tounen nan zòn nan.

Kòdenn sovaj se yon resous natirèl ki enpòtan nan Massachusetts. Yo klase yo kòm zwazo yo chase epi yo tabli yon pwogram jesyon ak sezon pou chase yo ki reglemante.

Chèche ti konsèy pou evite konfli ak kòdenn ak sa pou w fè ak kòdenn ki agresif isit.

Deskripsyon

Kòdenn sovaj la se yon zwazo ki trè bèl; koulè l ant nwa ak bwonz fonse  avèk tras blan nan zèl, plim mawon fonse nan ke yo, ak yon tèt ki ant ble/gri ak wouj. Kòdenn sovaj mal yo, yo rele yo “tom” tou, peze anviwon 16 a 25 liv. Yo pote yon “bab” ki sanble l fèt ak plim ki soti nan zo lestoma l. Lè yon mal ap fè chèlbè, tèt li vin yon koulè wouj vif, blan pal, oswa ble vif. Kòdenn femèl yo, yo rele yo “poul” tou, pi piti; yo peze ant 9 ak 12 liv. An jeneral yo pa granpanpan tankou mal yo; pi souvan yo gen yon koulè mawon ki pa vif epi tèt yo ant ble ak gri.

Istwa lavi yo

Kòdenn sovaj aktif pandan jounen an; yo dòmi nan gwo pyebwa leswa pou yo ka evite predatè. Nan zòn rezidansyèl, li nòmal pou kòdenn dòmi sou balistrad, sou do kay, oswa pafwa sou machin. Yo “pale” pandan sezon repwodiksyon an, ki jeneralman kòmanse nan mwa mas la e ki fini apre mwa me a. Se lè sa a mal yo fè plim yo parèt byen gwo, yo ouvri ke yo, epi yo “mache chèlbè”. Femèl yo ponn ze apre premye fwa yo akouple. Nich la se yon ti fon atè a ki gen fèy ladan l; l ap gen ant 12 ak 15 ze. Ze yo kale apre anviwon 28 jou anba manman yo. An jeneral ou ka kòmanse wè manman ak pitit nan kòmansman mwa jen an. Pitit kòdenn yo aktif kou yo fèt. Predatè, tankou rena ak malfini gendwa pran kèk ti kòdenn, epi lapli prentan yo ki frèt ka deranje jèn ti zwazo yo ki poko gen anpil plim. Jèn kòdenn yo rete ansanm ak manman yo pou omwen 4 a 5 mwa. Kòdenn aprann nan men youn lòt, souvan grasa imitasyon, ak lè yo asosye ak kòdenn ki pi gran, ki gen plis eksperyans. Yo sonje zòn kote yo rete a ak ki kote pou yo jwenn diferan manje ladan l.

Sa yo manje, abitid yo, ak kote yo rete

Kòdenn sovaj manje diferan kalite manje selon sezon an, san wete plant, grenn, nwa, ti fwi, ensèk, ak envètebre. Nan sezon otonn nan, yo manje grann bwa, nwa èt, nwa karye, ak ti grenn. Nan sezon ivè a, kòdenn yo evite zòn ki gen nèj ki twò fon. Pandan sezon ete a, ti kòdenn yo depann de ensèk ki gen anpil pwoteyin, sa ki pèmèt ti piti yo grandi epi devlope vit. Kòdenn grate atè a pou yo jwenn manje.

Kòdenn sovaj ka viv nan diferan kalite abita ak nan diferan kalite anviwònman atravè Massachusetts. Yo rete sou tè agrikilti, nan forè, nan zòn rezidansyèl, ak nan vil. Zòn ki gen anpil diferan kalite abita pi pwodiktif pou kòdenn yo paske yo gen diferan kalite manje ak abri atravè diferan sezon ki gen nan Massachusetts. Kòdenn ki nan zòn rezidansyèl ak nan vil depann anpil de manje moun mete nan aprèy pou zwazo, e yo ka vin vrèman abitye ak sèten kote yo konnen y ap jwenn manje.

Kòdenn sovaj rete nan twoupo ki gen yon yerachi. Chak bèt domine sou lòt kòdenn ki gen yon stati ki pi ba. Kòdenn gendwa eseye domine oubyen atake moun yo wè kòm pi ba pase yo. Pi souvan nou wè konpòtman konsa pandan sezon repwodiksyon an. Yonfwa yon kòdenn kòmanse aji avèk kran, li ka vrèman difisil pou l chanje ankò.

Contact

Help Us Improve Mass.gov  with your feedback

Please do not include personal or contact information.
Feedback