Aprann konnen sèf

Sèf ke blan yo kouran nan Massachusetts. Yo ba yo non sa a paske anba ke yo a blan, yon aspè remakab, e yo leve ke yo lè yo rete sou pinga yo.
Doe with two fawns

Sèf nan Massachusetts

Ou jwenn sèf ke blan atravè Massachusetts. Yo se yon espès bèt sovaj ki enpòtan e ki gen anpil valè nan Massachusetts. Yo tabli yon sezon pou chase yo ki règlemante (ann otonn/ivè) ak yon pwogram jesyon pou yo.

Chèche ti konsèy k ap ede w evite konfli ak sèf isit. 

Deskripsyon

Sèf ke blan ka mezire anviwon 6 pye longè ak anviwon 3 pye wotè nan zepòl yo. Pwa yo depann de laj yo, sèks yo, ak kondisyon fizik yo, men adilt ki mal (chevrèy) peze ant 120 ak 160 liv an mwayèn, tandiske femèl (bich) peze ant 80 ak 120 liv an mwayèn. Mal sèf yo gen yon seri gwo kòn sou tèt yo ki fèt ak zo ki grandi chak sezon prentan ak ete; yo jete yo apre sezon repwodiksyon an nan fen ivè a.

Pandan sezon ete a, po sèf la gen yon koulè ant wouj ak mawon epi plim yo kout, fen, dwat, e rèd. Ann ivè, po yo chanje koulè, li vin yon koulè ant gri ak mawon, epi plim yo long, pwès, yo gen vid anndan yo, e yo yon ti jan koube, sa ki ba yo yon trè bon izolan kont fredi a. Vant yo, gòj yo, espas bò je yo, anndan zòrèy yo, ak anba ke yo blan pandan tout ane a. Pitit yo gen yon koulè ant koulè grenn bwa ak mawon epi yo pwentle avèk tach blan moun wè fasil sou do yo ak sou kote yo, sa ki pèmèt li pi difisil pou predatè wè yo. Tach sa yo disparèt distans pou yo gen 3 a 4 mwa.

Sèf ka kouri nan yon vitès 40 milalè pou ti bout tan epi yo ka kontinye kouri pandan yon bon bout tan a 25 milalè. Yo fè anpil nan vole; yo ka vole obstak ki mezire jiska 9 pye wotè oubyen 25 pye lajè. Bon kapasite sèf yo gen pou yo wè a ede yo nenpòt lè pandan jounen an epi je yo fò anpil nan detekte mouvman. Yo gen vizyon dikwomatik, sa vle di je yo gen 2 kalite reseptè ki distenge koulè, e yo ka distenge pifò koulè (sof koulè ki nan zòn wouj/oranj). Piske je yo sou kote tèt yo, yo pa ka byen detèmine distans, men sanble yo bouje tèt yo pou yo ka distenge distans kanmenm. Yo fò nan pran sant e yo byen tande, sa ki ede yo detekte danje.

Istwa lavi yo

Sèf ke blan se yon bèt ki krepiskilè (sa vle di yo pi aktif lè solèy fèk leve ak lè solèy pral kouche) epi yo gen yon tandans pou yo pi aktif leswa pase lajounen; souvan leswa y al nan zòn yo t ap evite lajounen, tankou lakou kay moun. Sèf ka viv pandan plis pase 10 an lè yo nan lanati; an jeneral femèl yo viv plis tan pase mal yo.

Pifò femèl pa akouple jiskaske yo vin gen 1.5 an. Apre yon gwosès ki dire anviwon 28 semèn, yo fè pitit yo ant fen mwa me ak kòmansman mwa jiyè. Selon laj yo ak kondisyon fizik yo, yon femèl sèf gendwa fè ant yon ak 3 pitit, men yo fè 2 an mwayèn. Chak pitit peze anviwon 4 a 6 liv epi yo ka mache nan yon espas 1 èdtan apre yo fin fèt. An jeneral, yon fèmèl adilt, pitit li yo, e pafwa pitit femèl li te fè ane anvan an rete yo tout ansanm kote manman an konn pakouri, nan yon espas ant 0.5 ak 2 mayl kare. Pifò mal konn kite manman yo lè yo gen ant 1 ak 1.5 an (ann anglè yo konn rele yo ‘pitit ki gen 1 an’) pou yo jwenn espas pa yo pou yo pakouri; yo rele sa dispèsyon. Dispèsyon se yon reyaksyon ki te evolye ki anpeche yo akouple ak pwòp fanmi yo ankò. Mal ki gen ennan yo ka vwayaje nan yon distans ant kèk mayl ak plis pase 20 mayl lè y ap fè dispèsyon; an jeneral sa fèt nan sezon prentan an lè manman yo ap fè pitit oswa nan sezon prentan an lè y ap chèche okazyon pou yo akouple. Mal yo gen yon tandans sèvi ak yon espas ki pi gwo pou yo pakouri regilyèman (ant 1 ak 4 mayl kare) pase femèl yo, epi mouvman yo ogmante anpil pandan sezon repwodiksyon an. Andeyò sezon repwodiksyon an, li nòmal pou w wè mal nan “gwoup gason”; pi souvan yo gen ant 2 ak 5 manm.

Sa yo manje, abititd yo, ak kote yo rete

Vant sèf ke blan yo gen 4 ‘chanm’ e yo pa gen ensiziv (dan ki tankou kouto devan bouch yo). Yo ka vale anpil manje nan yon tikras tan, apre sa yo deplase ale yon kote ki pi an sekirite pou yo kouche, rann manje yo ankò, epi moulen l pi byen. Sèf ke blan yo se èbivwa, sa vle di yo manje anpil diferan kalite plant ak fèy. Ki manje yo prefere a depann de gou plant ki gen nan zòn nan ak sezon an. Pandan tout ane a yo prefere zòn ki gen forè ki jèn ki toujou ap repouse, abita ki gen anpil raje pwès, tè agrikilti, ak lòt zòn yo ka pwomennen ladan yo. An jeneral, sèf manje fèy vèt, plant ki gen fèy, ak sa k fèk pouse sou pyebwa an prentan e ann ete. Nan fen ete a, ann otonn, e nan kòmansman ivè, bagay ki di tankou grenn bwa, nwa èt, ak nwa karye, oswa fwi ki mou tankou pòm, se yon gwo pati nan manje sèf la. Ann ivè, sèf yo manje bagay ki pi di (tij bwa, ti moso bwa, fèy ki rezistan, ak boujon). Yo konn pase tan nan zòn ki gen pyebwa konifè ki pa jete fèy yo pou yo ka jwenn abri kont van ak nèj ki twò fon.

Additional Resources

Contact   for Aprann konnen sèf

Help Us Improve Mass.gov  with your feedback

Please do not include personal or contact information.
Feedback