• This page, Chwa nan benefis e sèvis pou swen moun aje , is   offered by
  • MassHealth

Chwa nan benefis e sèvis pou swen moun aje

Konprann tout benefis e sèvis ki disponib nan chwa swen pou moun aje (Senior Care Options, SCO). Gen plizyè plan SCO, e chak plan ofri fonksyon ki lejèman diferan. Benefis ki site annapre la a se benefis estanda ki disponib nan tout plan yo.
Enfòmasyon enpòtan: nan SCO, ou pa peye kopeman pou benefis e pou sèvis ki annapre la yo.

Konprann tablo yo

  • Kolòn Benefis la di kòman benefis la rele.
  • Kolòn Deskripsyon an bay yon ti rezime sou sa ki gen nan benefis la.

Sèvis ki baze nan kominote a

BenefisDeskripsyon
Èd nan tranzisyon swen yo (nan tout milye)Sèvis èd nan tranzisyon ant milye swen, sa gen ladan kowòdinasyon enfòmasyon ant founisè ou yo, suivi apre yon sejou nan lopital ouben nan etablisman, edikasyon sou eta sante w, e referans.
Anplwaye sante kominotèSèvis ajan sante kominotè founi, sa gen ladan edikasyon sou sante lakay ou oubyen nan kominote a, ede jwenn sèvis ou bezwen, e konsèy.
Sèvis swen lakaySèvis ki founi lakay ou oubyen nan kominote a ki ede w fè aktivite toulèjou ou yo e swen pèsonèl ou tou. Sa yo gen nan yo soutyen nan men yon anplwaye pou ede w an dirèk, ankouraje w, oubyen sipèvize aktivite ou yo. Swen lakay (home care) ka gen ladan tou fòmasyon e aktivite pou devlope konpetans pou w viv nan kominote a e ede w defann tèt ou.
Amenajman lakayChanjman lakay ou a ki amelyore sekirite, soutyen pou sante w, oubyen ede w gen yon lavi pi otonòm. Egzanp gen ladan ranp, balis, ouvèti pòt pi laj, e sistèm espesyal pou aparèy medikal. Tout amenajman dwe nesesè pou pwoteje sante w, byennèt ou, oubyen sekirite w, oubyen ogmante endepandans ou lakay ou a.
Jesyon medikamanSèvis yon anplwaye ki founi soutyen. Anplwaye ki founi soutyen an ap ede w pran preskripsyon ou yo epi medikaman ki vann san preskripsyon.
Soutyen konfrè, konsèy, navigasyonSèvis fòmasyon, enstriksyon e konsèy. Sevis sa yo ap ede w defann enterè ou yo epi angaje w ak kominote kote w rete a.
Swen repiSwen pou yon ti tan ki founi lè moun k ap okipe w la bezwen yon moman repo oubyen li p ap disponib. Swen repi ka òganize alavans oubyen ka founi nan ijans. Sèvis sa yo ka founi lakay ou oubyen nan yon etablisman ki founi swen akoutèm, tèlke swen dakèy pou adilt, swen sante lajounen pou moun aje, etablisman swen enfimyè, èd pou yon lavi otonòm, domisil pou repo, oubyen lopital.
TranspòTranspò al nan sèvis e aktivite kominotè ki ede w rete endepandan epi aktif nan kominote kote w rete a.

Sèvis dan

BenefisDeskripsyon
Sèvis dantè

Swen prevantif, reparatè e dijans nan sante andedan bouch. Nou kouvri tou sèten sèvis dan lè yo fè pati yon tretman pou yon pwoblèm medikal, pa egzanp, rekonstriksyon machwa apre yon blesi, rache dan anvan tretman kansè oubyen egzamen andedan bouch anvan grèf yon ògàn.

Anpil plan SCO kouvri sèvis dan siplemantè, tèlke kouwòn e enplant. Konsilte chapit 4 nan gid manm plan ou an pou plis detay.

Benefis nan aparèy medikal dirab

BenefisDeskripsyon
Aparèy medikal dirab (DME)Aparèy tankou chèz woulant, beki, sistèm matla elektrik, founiti moun ki gen dyabèt, kabann lopital yon founisè kòmande pou itilize lakay, ponp pèfizyon entravenez (IV), aparèy ki pwodui vwa moun, aparèy ki bay oksijèn, aparèy swen pou dyaliz, nebilizè, kad pou mache, baton, aparèy pou traksyon sèvikal, estimilatè zo, e ponp pou lèt tete. Plan SCO yo kouvri tou aparèy medikal ki pa dirab, tèlke sereng, pansman, founiti pou enkontinans, e gan chirijikal. Anpil plan ka menm voye bagay sa yo lakay ou pa lapòs.
ÒtèzAparèy mekanik oubyen ki moule pou ka soutni oubyen korije fòm oubyen fonksyon kò moun. Ou ka fè tès, ajisteman, oubyen fòmasyon nan kòman pou sèvi ak òtèz. Ou ka jwenn tou reparasyon oubyen ranplasman òtèz.
PwotèzAparèy ki ranplase tout oubyen yon pati nan kò a oubyen nan fonksyon kò a, sa gen ladan sak pou kolostomi, estimilatè kadyak, aparèy òtopedik, soulye pwotèz, bra e janm atifisyèl, e pwotèz mamè. Ou ka fè tès, ajisteman, oubyen fòmasyon nan kòman pou sèvi ak aparèy pwostetik. Ou ka jwenn tou reparasyon oubyen ranplasman aparèy pwostetik.
Ekipman pou terapi oksijèn e terapi respiratwaSistèm oksijèn, rechaje e lwe aparèy pou terapi oksijèn.
Sèvis e founiti pou maladi renal (nan ren)Tretman dyaliz, ekipman e founiti pou dyaliz lakay e sèten sèvis soutyen lakay, tankou vizit teknisyen ki gen fòmasyon nan dyaliz.

Planifikasyon Fanmi 

BenefisDeskripsyon
Planifikasyon fanmiSwen medikal, konsèy, konsiltasyon suivi, sansibilizasyon ak edikasyon kominotè. Ou ka jwenn sèvis sa yo nan men tout founisè pou planifikasyon fanmi nan MassHealth san okenn otorizasyon.

Vizit kay founisè swen sante

BenefisDeskripsyon
Vizit kay doktèSwen nan men yon doktè oubyen yon espesyalis, sa gen ladan randevou, egzamen, e tretman. Ou gendwa gen chwa pou w resevwa sèvis sa yo nan vizit an pèsòn oubyen nan telehealth.
Vizit kay espesyalisSwen nan men yon doktè ki konsantre sou yon seksyon medikal presi, tèlke yon iwològ, kadyològ, oubyen endokrinològ. Ou gendwa gen chwa pou w resevwa sèvis sa yo nan vizit an pèsòn oubyen nan telehealth.
Sèvis nan sant sante kominotèSwen nan men yon doktè oubyen espesyalis nan yon sant sante kominotè.
Swen pou vizyonEgzamen zye, fòmasyon nan vizyon, linèt, lantiy kontak, e lòt zouti pou ede w wè pi byen. Anpil plan SCO ofri benefis siplemantè pou vizyon, sa gen ladan alokasyon siplemantè pou monti e lantiy. Konsilte chapit 4 nan gid manm plan ou an pou plis detay.
Sèvis pou tannmanTès e aparèy nan zòrèy pou tande e pou ekilib, sa gen ladan èd pou tande, moul zòrèy, e enpresyon zòrèy.
Sèvis kiwopraktèAjisteman kolòn vètebral pou korije aliman.
Sèvis podyatri (swen pye)Tretman pou pwoblèm nan pye tankou blesi oubyen maladi.

Lopital, sèvis dijans, e transpò 

BenefisDeskripsyon
Sèvis anbilansTranspò dijans e ki pa dijans swa sou wout atè oubyen nan lè (tèlke elikoptè oubyen avyon) nan etablisman ki pi pre a ki ka founi swen ou bezwen an. Pou ijans, se pou eta w grav ase kote lòt mwayen pou ale nan yon etablisman ki founi swen ka mete lavi w oubyen sante w an danje. Plan ou an dwe otorize sèvis anbilans ki pa pou ijans.
Swen lopital pou malad ospitalizeSwen ki resevwa pandan yon sejou nan yon lopital, sa gen ladan swen egi, reyedikasyon, swen alontèm, e lòt sèvis lè malad ospitalize.
Sèvis e chiriji anbilatwaSèvis nan yon depatman dijans oubyen klinik anbilatwa, tèlke chiriji anbilatwa.
Sèvis reyedikasyon anbilatwaGen ladan fizyoterapi, ègoterapi, òtofoni, e evalyasyon konplè ki an rapò ak terapi sa yo. Ou ka resevwa sèvis reyedikasyon e terapi anbilatwa nan depatman anbilatwa lopital, kabinè terapet endepandan, etablisman reyedikasyon anbilatwa konplè (comprehensive outpatient rehabilitation facilities (CORF), e lòt lokal ki apwouve. Konsilte tablo "fizyoterapi, ègoterapi, oubyen òtofoni e tannman" an pou w jwenn plis detay sou sa.

Sèvis laboratwa oubyen radyoloji 

BenefisDeskripsyon
Laboratwa oubyen radyolojiAnaliz laboratwa e radyoloji, tèlke radyografi e analiz san.

Sèvis e soutyen alontèm

BenefisDeskripsyon
Sèvis sante lajounen pou adiltSwen yo ofri nan yon pwogram òganize, ki gendwa gen ladan swen enfimyè e yon siveyans medikal, terapi, èd nan aktivite toulèjou, nitrisyon e soutyen dyetetik, konsèy, aktivite, jesyon ka e transpò.
Sèvis nan etablisman dakèy pou adiltSwen ki founi nan yon milye rezidansyèl ki gendwa gen èd nan aktivite toulèjou e swen pèsonèl, sipèvizyon, e siveyans enfimyè.
Sèvis reyedikasyon ki ofri lajounenYon pwogram pou moun ki gen andikap entelektyèl oubyen nan devlopman ki gen ladan yon plan sèvis pèsonalize avèk objektif e aktivite. Gendwa gen nan sèvis yo sipèvisyon swen enfimyè e sou sante, fòmasyon sou konpetans devlopmantal, terapi, e fòmasyon nan konpetans pou lavi.
Etablisman dakèy pou adilt an gwoupSèvis yo founi nan yon kad lojman an gwoup pou manm ki admisib yo. Swen gendwa gen ladan èd nan lavi toulèjou e swen pèsonèl, sipèvizyon, siveyans enfimyè, e jesyon swen.
Sante lakaySwen ki founi nan men yon ajans swen lakay, sa gen ladan sèvis kontini swen enfimyè kalifye e èd sante lakay; bay medikaman; fizyoterapi, ègoterapi, e òtofoni; sèvis medikal e sosyal; epitou ekipman e founiti medikal. Lòt sèvis swen lakay gendwa kouvri tou. Anvan w resevwa sèvis swen lakay, se pou yon doktè di n ou bezwen sa, e se pou yo founi pa yon ajans ki bay swen lakay.
Swen palyatifSi w gen yon maladi nan faz tèminal e li prevwa pou w viv sis mwa oubyen mwens, ou gendwa resevwa swen nan nenpòt ki pwogram swen palyatif Medicare sètifye. Doktè swen palyatif ou a gendwa nan oubyen pa nan rezo plan an.
Kowòdinatè soutyen alontèm (LTS)

Tout moun ki enskri nan yon plan SCO gen dwa gen yon kowòdinatè pou lavi otonòm e LTS nan ekip swen li an. Kowòdinatè LTS yo nan yon òganism ki baze nan kominote a e ki kolabore ak plan asirans sante ou a pou ede w. Yo ede kowòdone sèvis e soutyen alontèm ou yo, mete w an kontak ak sèvis swen kominotè e konpòtmantal, e yo travay ak ou e ak ekip swen w lan pou asire ou resevwa swen ou bezwen. Dokiman ki annapre a bay plis deskripsyon sou wòl kowòdinatè LTS la e founi egzanp tou sou sèvis e soutyen alontèm (lont-term services and supports, LTSS).

Anglè: https://www.mass.gov/doc/you-have-the-right-to-a-long-term-supports-lts-coordinator-1/download

Swen enfimyè endepandanSwen nan men yon enfimyè lakay ou.
Sèvis edan nan swen pèsonèlSèvis ki ede w nan tout aktivite jounalye ou yo tankou benyen, preparasyon repa e manje, abiye, swen pèsonèl, pran medikaman, deplase, ale nan twalèt, transfè, lesiv, e fè menaj.
Etablisman enfimyè espesyalize (SNF)Gen ladan yon chanm semi-prive (oubyen prive si sa nesesè pou rezon medikal), repa, swen enfimyè, terapi, medikaman, analiz laboratwa, radyografi, founiti medikal, sèvis doktè, e petèt lòt sèvis ki an rapò. Ou jeneralman jwenn swen SNF nan etablisman ki nan rezo plan ou an, men nan kèk sitiyasyon, ou resevwa swen nan sèten etablisman ki pa nan rezo a depi yo aksepte to peman plan ou genyen an.

Sèvis pou sante mantal, twoub an rapò ak toksikomani, oubyen pou sante konpòtmantal

BenefisDeskripsyon
Swen pou sante konpòtmantal (BH) lè pasyan ospitalizeSèvis pou pasyan ki ospitalize pou evalye e trete pwoblèm sante mantal ki egi oubyen an rapò ak toksikomani, sa gen ladan swen sikyatrik, tretman pou toksikomani, kabann pou obsèvasyon, e sèvis lajounen ki nesesè sou plan administratif la. Pa gen limit avi nan kantite jou ou ka fè nan yon etablisman pou swen konpòtmantal kòm yon moun ki ospitalize.
Sèvis pou sante konpòtmantal kòm divèzyonSèvis ou gendwa itilize olye w ale nan lopital oubyen yon etablisman ki founi swen pou kèk bezwen sante konpòtmantal.
Swen pou sante konpòtmantal anbilatwaSèvis pou sante mantal e twoub an rapò ak toksikomani nan anplasman tankou yon klinik, lopital, sant sante kominotè, oubyen kabinè doktè. Ou ka resevwa sèvis sa yo tou lakay oubyen nan lekòl.
Sèvis pou tretman opyoyidSwen e tretman sipèvize pou yon moun ki gen yon depandans nan opyoyid.

Famasi

BenefisDeskripsyon
Medikaman preskripsyon

Chak nan plan SCO yo kouvri yon lis medikaman (lis medikaman sa yo gendwa gen diferans ant chak nan plan SCO yo). Sa pafwa rele yon fòmilè. Si w ap pran medikaman lè w antre nan SCO, ou ka jwenn yon kantite tanporèman, menm si medikaman an pa nan lis medikaman ki kouvri nan plan an. Ou gendwa gen chwa tou pou w enskri pou w resevwa livrezon otomatik pou medikaman nan kòmann pa lapòs de fason pou livrezon medikaman ou yo fèt lakay ou.

Pou wè si plan ou genyen an ofri yon livrezon pa lapòs, se pou w konsilte repètwa founisè e famasi plan an.

Medikaman kont maladi renal (nan ren)Plan SCO yo kouvri kèk nan medikaman pou dyaliz yo. Konsilte tanpri "Medicare Part B medikaman preskripsyon" ki nan liv pou manm nan plan ou genyen an (Chapit 4).

Fizyoterapi, ègotèrapi, Òtofoni e terapi pou tannman

BenefisDeskripsyon
FizyoterapiEvalyasyon, tretman, e restorasyon mouvman e fonksyon misk, nè, kè, e poumon yo.
ÈgoterapiEvalyasyon e tretman pou restorasyon oubyen amelyore konpetans pou lavi jounalye ki afekte akoz pwoblèm sante oubyen blesi.
Òtofoni e tannmanEvalyasyon e tretman pou twoub pou pale, langaj, vwa,
tande, e pale kouranman.

Sèvis prevantif e sèvis pou byennèt

BenefisDeskripsyon
Fimen e sispann konsomasyon tabakKonsèy endividyèl fas-a-fas e an gwoup sou sispann konsomasyon tabak e tretman medikaman, sa gen ladan terapi pou ranplase nikotin (nicotine replacement therapy, NRT).

Resous

Ou ka jwenn plis enfòmasyon tou sou benefis SCO yo lè w kontakte SHINE: Okipe bezwen asirans sante tout moun (Serving the Health Insurance Needs of Everyone, SHINE). SHINE travay ak ou e ak moun k ap okipe w yo pou ede w konprann ki chwa ou genyen. Telefonnen (800) 243-4636 | TTY: (800) 439-2370, lendi - vandredi 9 a.m. a 5 p.m.

Help Us Improve Mass.gov  with your feedback

Please do not include personal or contact information.
Feedback