Ede Itilize DTA Connect

Videyo ak enstriksyon etap pa etap sou itilizasyon Aplikasyon Mobil DTA Connect la ak DTAConnect.com ansanm ak dokiman enfòmasyon ke òganizasyon patnè yo ka itilize epi distribye.

Kijan pou kreye yon kont sou DTA Connect

Etap 1:

Ale sou DTAConnect.com oswa ouvri aplikasyon mobil DTA Connect la epi peze “Konekte.”

Si w pa resevwa okenn benefis DTA kounye a, ou kapab peze " Aplike pou Benefis" pou aplike.

Etap 2:

Si w deja gen yon kont sou DTA Connect, antre adrès imèl ou ak modpas ou, epi peze “Konekte.” Ou kapab ale dirèkteman nan etap 8 la pou makonnen kont ou an si w poko fè sa.

Si w pa deja gen yon kont sou DTA Connect, peze “Kreye yon kont” epi suiv etap ki vin annapre yo.

Etap 3:

Peze “Kontinye” pou pèmèt MyMassGov pataje enfòmasyon w yo avèk lòt ajans etatik yo. Sa gendwa fè w pèdi mwens tan nan lòt aplikasyon epi sa gendwa ede nou fè w jwenn plis benefis toujou.

Etap 4:

Antre adrès imèl ou epi peze “Voye Kòd Verifikasyon.” Pa bliye ki adrès imèl ou itilize pou kreye kont DTA Connect ou a. W ap bezwen li chak lè ou vle konekte sou DTA Connect.

Antre kòd verifikasyon ou te resevwa nan adrès imèl ou a epi peze “Verifye.”

Etap 5:

Antre prenon w ak non fanmi w epi peze “Kontinye.”

Etap 6:

Antre yon modpas sekirize selon enstriksyon ki parèt sou ekran an. Antre li yon lòt fwa ankò anba “Konfime nouvo modpas” epi peze “Kreye kont.” Pa bliye ki modpas ou itilize pou kreye kont DTA Connect ou a. W ap bezwen li chak lè ou vle konekte sou DTA Connect.

Etap 7:

Ou pral wè yon fenèt ki parèt ki di konsa: “Kreye Kont Enskripsyon Anliy ou an ak Siksè.”

Etap 8:

Pou itilize DTA connect, se pou ou konekte kont ou an ak dosye w. Pou fè sa, pale avèk yon anplwaye DTA an pèsòn nan yon biwo DTA oswa rele liy asistans DTA a.

Etap 9:

Apre ou pale avèk yon anplwaye DTA pou konekte kont ou an ak dosye w, konekte sou kont ou an. Peze “Konekte ak enfòmasyon DTA m yo” sou paj dakèy la. Apre sa, antre prenon w ak non fanmi w, dat nesans ou ak nimewo idantifikasyon ajans DTA w la oswa nimewo kat EBT ou a. Apre sa, peze “Konekte.” Kounye a, ou kapab pwofite tout sa DTA Connect ofri!

Fason pou ou mete enfòmasyon w yo ajou nan DTA Connect

Nan videyo sa a, nou pral esplike w fason ou ka mete kowòdone w yo ajou epi bay enfòmasyon sou kèk depans nan DTA. Lè ou mete enfòmasyon w yo ajou nan DTA Connect, ou kapab jwenn plis avantaj san w pa bezwen ni rele ni vizite DTA.

Kowòdone ou kapab mete ajou yo se nimewo telefòn ou, adrès imèl ou, lang ou prefere a, adrès kay ou ak adrès postal ou ajou. Enfòmasyon ou kapab mete nan DTA konsènan depans ou yo se depans ki gen rapò ak lojman, bòdwo pou sèvis debaz pou kay la, sa ou depanse pou pran swen moun ki sou kont ou yo, ak depans ki gen rapò ak sante.

Pou kòmanse, konekte sou DTA Connect la. Apre sa, peze “My Info.”

Sou ekran sa a, w ap wè yon rezime enfòmasyon DTA genyen yo konsènan fwaye ki asosye ak dosye w la.

Si w vle mete kowòdone w yo ajou, peze bouton “Edit” la nan seksyon Contact Information nan.

Nan seksyon sa a, w ap kapab mete nimewo telefòn ou ak adrès imèl ou ajou, epi w ap ka chwazi lang ou prefere a ak notifikasyon ou vle resevwa yo.

Li enpòtan pou DTA genyen yon nimewo telefòn ak yon adrès postal ki ajou pou li kapab voye avi ki enpòtan yo ba w e pou li kapab rele w lè sa nesesè.

Si w vle mete adrès kay ou ajou oswa si w vle fè nou konnen ou pa gen okenn kote pou rete, peze bouton “Edit” la nan Address la.

Nan seksyon sa a, w ap kapab ban nou adrès nouvo kay ou, w ap kapab fè nou konnen si w pa gen okenn kote pou rete oswa si w fèk jwenn yon lojman, epi w ap kapab mete adrès postal ou ajou.

Lè ou chanje adrès kay ou, aplikasyon an pral mande w ki depans ou genyen pou nouvo lojman w ak bòdwo pou sèvis debaz pou kay la. Si w pa mete depans ou fè pou lojman an ak bòdwo pou sèvis debaz pou kay la ajou, ou gendwa wè yon chanjman nan kantite kòb ou jwenn pou benefis SNAP la.

Si w annik bezwen rapòte yon chanjman nan adrès postal ou, ou kapab ale nan seksyon sou adrès postal ka epi peze bouton “Edit” la.

Si w vle mete depans ou fè pou lojman w yo ajou, san wete lwaye a ak ipotèk la, taks sou pwopriyete w yo ak asirans kay la, peze bouton “Edit” la nan seksyon Shelter Expenses la.

Si w vle mete depans ou fè pou bòdwo pou sèvis debaz pou kay la ajou, san wete depans ou fè pou chofaj la, èkondisyone a, kouran an, gaz la ak sèvis telefòn nan, peze bouton “Edit” la nan seksyon Utility Costs la.

Si w vle mete depans ou fè pou pran swen moun ki sou kont ou yo ajou, bezwen bouton plis la nan seksyon Dependent Care Expenses la. Apre sa, peze “Edit.”

Nan seksyon sa a, w ap kapab fè DTA konnen si w gen depans pou pran swen pitit ou yo, pa egzanp depans pou bebisitè, gadri, transpò oswa sèvis gad adilt ki andikape lajounen ak pwogram sipò pandan ou menm oswa yon moun ki nan kay la ap travay, ap chèche travay oswa ale lekòl.

Si ou menm oswa yon moun nan kay la genyen 60 lane oswa plis, oswa si youn nan nou jwenn yon sètifikasyon federal antanke moun ki andikape, w ap wè yon seksyon pou asirans sante ak depans medikal tou.

Si w vle mete enfòmasyon sa yo ajou, bezwen bouton plis la nan seksyon Health Insurance & Medical Expenses la. Apre sa, peze “Edit.”

Si depans total ou fè chak mwa pou asirans sante a ak depans medikal yo plis pase $190.00, w ap gen pou voye dokiman pou pwouve (dokiman verifikasyon) ou te fè tout depans medikal sa yo pou ou resevwa yon dediksyon medikal ki pi wo. Tanpri gade lòt videyo nou yo pou konnen kijan ou kapab voye dokiman verifikasyon w yo sou kont DTA Connect ou a.

Egzanp

N ap pran yon egzanp epi n ap mete ajou depans ki fèt pou lojman an.

Lè ou peze “Edit,” ou rive nan yon paj ki montre sa ou te gentan antre kòm depans epi w ap gen posiblite ajoute nouvo depans ki fèt pou lojman w.

Nan egzanp sa a, kliyan an peye $6,856.28 pou taks sou pwopriyete yo chak ane epi li peye $1,216.05 pou asirans kay la chak ane.

Lè ou peze “Add New Housing Costs,” ou gen posiblite ajoute lwaye w, ipotèk ou, taks sou pwopriyete w, asirans kay ou ak frè pou asosyasyon vwazen w lan.

Chwazi youn nan kategori sa yo epi peze “Continue” pou ale nan pwochen paj la, kote w ap ajoute montan ou peye a ak chak kilè ou peye l.

Peze “Continue” apre ou fin antre enfòmasyon sa yo pou retounen sou paj prensipal la nan seksyon depans ki fèt pou lojman an, epi peze “Submit” pou konfime chanjman w yo.

Fason pou Telechaje Verifikasyon sou DTA Connect

Nan videyo sa a, nou pral montre fason pou telechaje verifikasyon sou DTA Connect.

Telechaje verifikasyon nan itilize DTA Connect kapab ede w:

  • Enfòme DTA konsènan chanjman,
  • Konsève benefis ou yo nan soumèt dokiman DTA mande yo,
  • Maksimize benefis ou yo san ou pa bezwen rele oswa vizite DTA.

Ou pral aprann enstriksyon etap pa etap sou fason pou telechaje plizyè eleman diferan, tankou:

  • Fason pou soumèt dokiman verifikasyon yo,
  • Yon demann volontè pou sispann oswa anile benefis yo,
  • Yon demann pou gen yon reprezantan otorize, (yon reprezantan otorize se yon moun ki ka ede w ranpli dokimantasyon, fè acha pou ou oswa mete ajou enfòmasyon sou dosye w la)
  • Yon demann pou benefis ranplasman apre yon malè nan fwaye a ak anpil lòt bagay ankò!

Telechaje dokiman sou DTA Connect pou fè nou konnen yon chanjman oswa pou bay prèv dokiman ke DTA te mande nan yon Lis Kontwòl Verifikasyon. Pa egzanp, ou ka fè nou konnen konsènan:

Revni fwaye a:

  • Egzanp: soumèt foto souch chèk ou yo oswa yon lèt ekri ke anplwayè w la siyen sou papye ak antèt epi ki detaye kantite lè ou travay, frekans lè yo ak salè brit ak siyati anplwayè a. Si revni ou fini, ou kapab montre tou yon lèt revokasyon anplwayè w la ki gen dènye dat travay la ak dat dènye peman an.

Manm nan fwaye a:

  • Egzanp: yon deklarasyon ekri, siyen, ki endike ke yon moun te vin abite nan oswa te kite kay ou. Sa enkli sjoute yon tibebe ki fèk fèt. Si w ap ajoute yon manm, nou pral bezwen nimewo sekirite sosyal li ak dat nesans li.

Frè medikal pou nenpòt moun ki gen 60 an oswa plis oswa ki andikape:

  • Egzanp: soumèt bòdwo oswa resi frè medikal yo si total depans sante/medikal mansyèl ou yo plis pase $190. Si depans medikal ou yo se ant $35 a $190 pa mwa, ou ka ekri yon deklarasyon siyen ki endike konbyen ou peye pa mwa.

Frè Pansyon Alimantè pou Timoun:

  • Egzanp: Soumèt enfòmasyon Depatman Revni a ki verifye obligasyon legal ou

    pou peye pansyon alimantè pou timoun epi ki verifye peman pansyon alimantè w yo.

Egzansyon Règ Travay SNAP:

Egzanp: Ou ka ekri yon deklarasyon siyen si ou satisfè youn nan egzansyon règ travay yo tankou ou sanzabri, ou gen yon pwoblèm sante ki anpeche ou travay, si w ap pran swen yon timoun ki poko gen 6 an oswa yon adilt andikape.

Enstriksyon etap pa etap ki anba yo pral montre w fason pou telechaje dokiman nan itilize DTAConnect.

Etap 1

Website: Ale nan DTAConnect.com epi peze "Konekte".

Mobile: Louvri aplikasyon mobil DTA Connect la epi peze "Konekte".

Etap 2

Sitwèb: Antre adrèl imel ak modpas ou te itilize lè w t ap kreye kont DTA Connect ou a, epi peze "KONEKTE".

Etap 3

Website: Peze onglè "Dokiman" ki anlè nan paj akèy ou a.

Mobile: Peze “Telechaje”.

Etap 4

Website: Peze "Voye yon dokiman bay DTA”.

Mobile: Peze “Konfime”.

Etap 5

Website: Li enstriksyon yo, epi peze "Kontinye nan Etap 2".

Mobile: Chwazi dokiman ou ta renmen telechaje a. Ou ka chwazi pami plizyè opsyon,

tankou dokiman verifikasyon, fòm resètifikasyon, demann volontè pou anile oswa sispann benefis, demann pou yon reprezantan otorize, ak demann pou benefis ranplasman apre yon malè nan fwaye a.

Etap 6

Website: Ou pral resevwa yon mesaj pop-up ki mande w chwazi ki kalite dokiman w ap voye a. Ou ka chwazi pami plizyè opsyon, tankou dokiman verifikasyon, fòm resètifikasyon, demann volontè pou anile oswa sispann benefis, demann pou yon reprezantan otorize, ak demann pou benefis ranplasman apre yon malè nan fwaye a. Chwazi yon dokiman, epi

peze "Kontinye".

Mobil: Peze "Moun".

Etap 7

Website : Ou pral wè yon mesaj pop-up ki pral mande w chwazi ki moun ki konsène nan dokiman an, ansuit, peze "Kontinye".

Mobile: Konfime ke manm kòrèk fwaye a te chwazi.

Etap 8:

Website: Ou pral wè yon mesaj pop-up ki di ou "Chwazi yon fichye pou voye". "Tanpri fè si ke foto ou te pran an klè epi ou ka li l fasilman."

Mobile: Peze ikonn kamera a. Ou gen 2 opsyon:

Opsyon 1: Peze "Pran yon Foto", oswa

Opsyon 2: Peze "Bibliyotèk pou Foto" si ou deja gen yon foto verifikasyon an sou telefòn ou.

Etap 9

Website: Apre ou fin atache premye dokiman w lan, ou gen de opsyon: Opsyon 1: "Ajoute yon lòt fichye" oswa

Opsyon 2: "Voye bay DTA”.

Mobile: Ou pral wè yon apèsi imaj verifikasyon w lan.

Peze ikonn kamera a si w bezwen pran yon foto yon lòt verifikasyon oswa chwazi yon lòt foto ki deja sou telefòn ou an.

Peze "Soumèt".

Etap 10

Website: Peze "Voye bay DTA” lè w pare pou soumèt tout dokiman w yo.

Mobile: Peze "Konfime" lè w pare pou telechaje tout verifikasyon w yo.

Etap 11

Website: Ou pral resevwa yon mesaj pop ki di "Mèsi paske w te itilize DTA Connect pou telechaje dokiman w lan".

Mobile: Ou pral wè yon mesaj pop-up ki di "Telechajman "Fini":

Estati a pral chanje la a yon fwa dokiman w lan fin trete.

Tanpri pran pasyans pandan DTA ap trete dokiman yo nan lòd yo te resevwa yo a, epi gen kèk dokiman ki mande plizyè etap revizyon.

Ou pral resevwa yon avi si genyen yon chanjman nan benefis ou yo. Nou ka rele w si nou bezwen plis enfòmasyon. Kontinye tcheke pou mizajou.

Kijan pou Bloke epi Debloke Kat EBT w la nan DTA Connect

Kijan pou Bloke epi Debloke Kat EBT w la nan DTA Connect 

Etap 1 

Web: Ale nan DTAConnect.com epi peze "Konekte". 

Mobil: Ouvè aplikasyon mobil DTA Connect la epi peze "Konekte". 

Etap 2 

Antre imel ak modpas ou, epi peze "Konekte". 

Etap 3 

Web: Ale kote ou ka wè balans EBT w la, peze "Gade Plis." 

Mobil: Akote zòn kote ou ka wè balans EBT w la, peze "Detay sou Benefis." 

Etap 4 

Web: Akote zòn kote ou ka wè Nimewo Kat EBT w la, peze "Bloke Kat EBT." 

Mobil: Anba zòn kote ou ka wè Nimewo Kat EBT w la, peze "Bloke Kat EBT." 

Etap 5 

Web: Ou pral wè yon pop-up ki di "Kat ou a te bloke ak siksè." 

Mobil: Ou pral wè yon pop-up ki di "Siksè." Kat ou a te Bloke ak siksè 

Etap 6 

Pou debloke kat EBT w la, suiv menm etap sa yo epi peze "Debloke Kat EBT." 

Etap 7 

Web: Ou pral wè yon pop-up ki di "Kat ou a te debloke ak siksè." 

Mobil: Ou pral wè yon pop-up ki di "Siksè." Kat ou a te debloke ak siksè."

Last updated: February 15, 2023

Help Us Improve Mass.gov  with your feedback

Please do not include personal or contact information.
Feedback