Konsèy pou Odyans Adistans Tribinal Premye Enstans lan

Aprann kijan pou prepare w pou odyans jidisyè adistans.

Kijan pou prepare w si odyans adistans ou an ap fèt sou Zoom

  • Asire w ou gen yon bon koneksyon entènèt.
  • Si ou nouvo nan Zoom, li Gid demaraj rapid Zoom lan pou jwenn èd.
  • Telechaje aplikasyon Zoom gratis la (yon kont Zoom peye pa nesesè pou yon odyans adistans). Pou rantre nan odyans adistans ou a, klike sou lyen yo bay la oswa antre ID reyinyon an ak modpas tribinal la ba ou a.
  • Eseye epi teste ekipman ou (nan kote ou prevwa patisipe apati de li a) omwen yon jou anvan odyans lan pou ou santi ou alèz. Zoom ofri leson gratis atravè Sant Èd Zoom yo genyen sou entènèt la.
  • Lè w ap itilize Zoom, asire w non konplè ou parèt (epi non pa nimewo telefòn ou) pou ede tribinal la idantifye ou.
  • Chaje òdinatè w oswa aparèy mobil ou. Si w ap rele nan telefòn, asire w ou gen ase minit ak done. 
  • Ou ka itilize yon telefòn (fiks oswa pòtab) pou patisipe nan yon odyans adistans sou Zoom. Tribinal la ap ba ou apèl enfòmasyon an ansanm ak ID reyinyon an ak modpas la.
  • Itilize ekoutè oswa kas avèk yon mikwofòn entegre, si ou kapab. Sa libere men w epi amelyore kalite son an.
  • Kontakte tribinal la si ou ta renmen prezante prèv, swa atravè yon temwen oswa avèk dokiman oswa foto. Nan odyans lan, jij la oswa grefye a pral deside si yo pral pèmèt temwen yo temwaye.

Prepare espas ou

  • Jwenn yon espas trankil kote pèsonn p ap entèwonp ou.
  • Prepare tout papye ou yo, tankou yon lis sa ou vle di tribinal la.
  • Konnen ki lè odyans ou an kòmanse ak kijan pou konekte oswa ki nimewo pou rele.

Konsèy sou videyo

  • Peze « Start Video » oswa bouton « Video » a pral pèmèt videyo w la afiche.
  • Si w sou Zoom avèk videyo, ou ka chwazi swa gade oratè a, kote moun k ap pale a pral parèt, oswa gade galri a pou wè tout patisipan yo.
  • Mete kamera a nan nivo je ou. Si w ap itilize telefòn ou, mete l kanpe yon fason pou w ka gade l san w pa kenbe l.
  • Gade kamera a, pa ekran an, lè w ap pale.
  • Chita nan yon chanm byen eklere, pa twò fènwa, pa twò klere. Pa dwe gen limyè klere ni fenèt dèyè ou.
  • Zoom gen yon fonksyon vityèl an background ki pèmèt ou montre yon imaj kòm background ou, men sa ka afekte kalite videyo w la. Vizite Sant Asistans Zoom nan pou aprann kijan pou aktive yon background vityèl. Ou ka tou rann background ou flou.

Konsèy sou odyo

  • Swiv règ jij la oswa grefye a bay nan kòmansman odyans lan.
  • Peze bouton mikwofòn / odyo a pou reaktive son an anvan w pale.
  • Pran yon poz anvan w pale nan ka gen yon reta odyo / videyo. Pale dousman epi pa koupe pawòl la.
  • Mete w sou silans lè ou p ap pale pou amelyore kalite son ak limite bri nan anviwònman an.

Kisa k ap pase si mwen gen difikilte teknik ?

  • Si seyans lan fini oswa koneksyon ou friz, ou ta dwe imedyatman swiv etap sa yo pou rekonekte (pa egzanp, klike sou lyen Zoom lan oswa antre ID Reyinyon an ak modpas la manyèlman).
  • Si ou kontinye gen pwoblèm koneksyon epi ou pa ka konekte nan yon lòt aparèy, ou ka rele nan odyans adistans la sou yon telefòn epi patisipe san videyo.

Lòt Resous

Help Us Improve Mass.gov  with your feedback

Please do not include personal or contact information.
Feedback