Kisa limit è pa semèn pou PCA vle di?
PCA yo gendwa travay jiska 60 è ototal pa semèn pou tout kliyan li yo. MassHealth pa kouvri tout è ki anplis pase 60 è.
Ki kalite è travay ki konte nan limit 60 è a?
È travay òdinè, è siplemantè, è nan jou konje, ak è pou sèvis jiri (jury duty) konte nan limit 60 è a.
Ki kalite è travay ki pa konte nan limit 60 è a?
È deplasman, PTO, fòmasyon EVV, oryantasyon pou nouvo anplwaye (NHO), e lòt è fòmasyon pa konte nan limit è pa semèn lan.
Kisa k ap rive si yon PCA depase 60 è?
Sa se yon vyolasyon. Lèt avètisman ap voye bay PCA a e kliyan an nan lapòs e nan Everbridge apre chak vyolasyon. Apre twazyèm vyolasyon an, pwoblèm nan ap refere bay MassHealth pou posiblite revokasyon nan pwogram lan.
- Premye vyolasyon - yon premye avètisman emèt
- Dezyèm vyolasyon - yon dezyèm avètisman emèt
- Twazyèm vyolasyon - refere bay MassHealth pou petèt yon revokasyon
Si PCA a travay pou yon kliyan sèlman, alò toude PCA a e kliyan ap revoke nan pwogram lan apre twazyèm enfraksyon an.
Ki konsekans ki genyen nan yon revokasyon?
Si yon PCA revoke poutèt li fè vyolasyon limit è pa semèn lan, l ap entèdi pou l travay kòm yon PCA pandan 9 mwa apre revokasyon an.
Si l admèt nan pwogram lan ankò e l kontinye fè vyolasyon règlemantasyon pwogram lan, l ap revoke ankò e l ap entèdi an pèmanans nan pwogram lan.
Èske vyolasyon limit è pa semèn lan ka efase nan dosye anplwa yon PCA?
Wi. MassHealth gendwa efase vyolasyon poutèt ijans oubyen sitiyasyon ki pa t prevwa. Y ap efase tou apre konfòmite pandan senk peryòd konsekitif (10 semèn).
Reyadmisyon nan pwogram lan
PCA yo gendwa retounen apre 9 mwa. Si yo fè vyolasyon limit è pa semèn lan oubyen règ è siplemantè a twa fwa anplis apre yo anboche kòm PCA ankò, y ap revoke yon dezyèm fwa e y ap entèdi an pèmanans pou travay kòm PCA nan pwogram PCA a.
Kliyan yo gendwa retounen selon diskresyon MassHealth.
Resous siplemantè
| Date published: | January 28, 2026 |
|---|---|
| Last updated: | July 22, 2026 |