Land Court Rules
Standing Order

Land Court Rules  Lòd Pèmanan Tribinal Fonsye 2-26 : Odyans adistans pou evènman jidisyè yo

Adopted Date: 05/15/2026
Effective Date: 06/01/2026
Updates: Pibliye 15 me 2026, antre an aplikasyon 1ye jen 2026 (Ranplase Lòd Pèmanan Tribinal Fonsye a 1-20)

Pibliye pa Onorab Gordon H. Piper, Jij an Chèf Tribinal Fonsye a.

I. Entwodiksyon

Tribinal Premye Enstans lan, tankou Depatman Tribinal Fonsye a, rekonèt itilizasyon odyans adistans, tankou pwosè ak tout lòt evènman jidisyè ki òganize nan itilize tout teknoloji ki disponib, tankou telefòn, videyo konferans (egzanp, ZOOM), oswa lòt teknoloji menm jan an, ka bay ekonomi resous ak depans, epi amelyore aksè a lajistis, tankou, nan sèten ka, kote temwen ak lòt patisipan yo nan prizon, yo pa kapab prezante pèsonèlman nan tribinal la, oswa yo twouve yo andeyò Commonwealth la oswa nan distans konsiderab pa rapò a sal odyans lan.

Nenpòt depatman Tribinal Premye Enstans lan ka, pa lòd pèmanan, pèmèt itilizasyon odyans adistans nan tip evènman jidisyè Jij Depatmantal an Chèf la deziyen. Lòd pèmanan sa a idantifye evènman jidisyè nan Tribinal fonsye yo kapab, nan ka apwopriye yo, otorize odyans adistans pou yo a.

II. Deziyasyon evènman ka nan Tribinal Fonsye a ; pwosedi

A.

Depatman Tribinal Fonsye a dwe pèmèt itilizasyon odyans adistans nan nenpòt evènman jidisyè nan nenpòt ka nan jiridiksyon tribinal kote jij ki prezide ka a, nan otorite li, detèmine itilizasyon sa a legal ak apwopriye. Itilizasyon odyans adistans yo dwe fèt an akò avèk tout lwa, règ, ak direktiv ki aplikab yo, tankou, pa egzanp, règ ki aplikab yo ak lwa pwosedi ak prèv yo. Jij la dwe konsidere tout faktè apwopriye lè l ap detèmine si itilizasyon yon odyans adistans ta apwopriye ak kòrèk nan yon evènman jidisyè patikilye. Lòd pèmanan sa a pa kreye okenn dwa pou itilize odyans adistans nan okenn ka patikilye oswa evènman ka kote jij ki prezide a detèmine, nan otorite li, li pa ta apwopriye pou fè sa.

B.

Demann pou itilize yon odyans adistans nan yon evènman tribinal patikilye ka pwopoze nan tribinal la pa youn oswa plis nan pati yo, oswa itilizasyon odyans adistans ka soulve pa jij ki prezide a. Nou fòtman ankouraje pati ki mande itilizasyon odyans adistans pou yo fè sa byen anvan evènman an pou bay opòtinite apwopriye pou fè aranjman ki nesesè yo.

C.

Lòd pèmanan sa a pa afekte ni limite disponiblite oswa itilizasyon konferans odyo konvansyonèl nan telefòn, Tribinal Fonsye a itilize regilyèman.

D.

Nan tout ka kote jij ki prezide a otorize yon odyans adistans, evènman an dwe kontinye sou dosye a, epi kontni odyo a anrejistre pa mwayen elektwonik.

E.

Depatman Tribinal Fonsye a ka pibliye fòm estanda ak pwosedi pou itilize nan mande, konsidere, ak nan ka apwopriye ki otorize, itilizasyon odyans adistans pou evènman yo.

F.

« Jij » jan li itilize nan lòd pèmanan sa a, gen ladan (a) Jij an Chèf la ak Jij Asosye Depatman Tribinal Fonsye a, epi (b) Grefye ak Adjwen Grefye Tribinal Fonsye a lè yo ap tande ak deside sou ka sezi fiskal esklizyon taks ak racha tit fiskal dapre chapit swasant la.

G.

Okenn moun pa dwe pran foto, ni fè anrejistreman oswa retransmisyon pa mwayen elektwonik, yon odyans tribinal adistans oswa ibrid, san otorizasyon alavans jij la oswa grefye-majistra ki asire sipèvizyon imedyat odyans adistans oswa ibrid la, an konfòmite avèk Règ Tribinal Siprèm Jistis la 1:19, ki reji aksè elektwonik nan tribinal yo.

H.

Pou rezon aksè piblik la a odyans an pèsòn, adistans, oswa ibrid ki ouvè a piblik la, manm piblik la ka gen aksè a odyans tribinal yo konsa :

  1. Pou odyans an pèsòn yo, kote pa gen okenn pati ki prezante adistans, manm piblik la ka patisipe an pèsòn oswa koute odyo odyans lan lè yo rele nan liy telefòn aksè piblik la.
  2. Pou odyans adistans, kote tout pati yo patisipe adistans, manm piblik la ka koute odyo odyans lan nan rele nan liy telefòn aksè piblik la.
  3. Pou odyans ibrid, kote omwen yon pati patisipe an pèsòn, pandan omwen yon lòt pati oswa patisipan prezante adistans, manm piblik la ka ale an pèsòn oswa ka koute odyo odyans lan nan rele nan liy telefòn aksè piblik la.

Manm piblik la k ap chèche enfòmasyon espesifik oswa enstriksyon sou aksè piblik nan odyans an pèsòn, adistans, oswa ibrid nan yon ka patikilye dwe kontakte Biwo grefye a pou plis detay.

I.

Lòd Pèmanan 2-26 sa a ranplase Lòd Pèmanan 1-20, ki gen dat 24 fevriye 2020.

Contact

Updates: Pibliye 15 me 2026, antre an aplikasyon 1ye jen 2026 (Ranplase Lòd Pèmanan Tribinal Fonsye a 1-20)

Help Us Improve Mass.gov  with your feedback

Please do not include personal or contact information.
Feedback