• This page, DPU Pibliye yon Avi pou Ankèt sou Aksè Ak Enèji Abòdab pou Kontribyab nan Massachusetts yo, is   offered by
  • Department of Public Utilities
Press Release

Press Release  DPU Pibliye yon Avi pou Ankèt sou Aksè Ak Enèji Abòdab pou Kontribyab nan Massachusetts yo

Nouvo sondaj la pral evalye pwoblèm, obstak ak solisyon posib pou gwo depans nan zafè enèji rezidan Massachusetts yo ap fè fas.
For immediate release:
1/04/2024
  • Department of Public Utilities

Media Contact   for DPU Pibliye yon Avi pou Ankèt sou Aksè Ak Enèji Abòdab pou Kontribyab nan Massachusetts yo

Alanna Kelly, Communications Director

BOSTONDepatman Sèvis Piblik Massachusetts (DPU) te pibliye jodi a yon òdonans pou louvri yon ankèt sou ki mezi yo ka pran pou abòde pwoblèm gwo depans nan zafè fakti enèji anpil rezidan Massachusetts yo ap fè fas. Ankèt sa a, dosye DPU #24-15 pral pèmèt DPU a anvizaje amelyorasyon nan pwogram aktyèl pou enèji abòdab yo pou diminye fado enèji a ki peze sou kontribyab rezidansyèl yo. 

DPU a ap chèche opinyon rezidan yo ki gen bidjè yo k ap redui akòz pèman fakti sèvis piblik yo pandan y ap bat dlo pou fè bè. Nou ankouraje rezidan Massachusetts k ap lite ak fado enèji a pou yo soumèt kòmantè anvan 1ye mas 2024. Aprann kijan pou soumèt yon kòmantè isit la.  

Prezidan James Van Nostrand te di: “Twòp fanmi nan Massachusetts ap lite pou fè fas avèk gwo pri enèji a. “Nou dwe aji kounye a pou rezoud difikilte moun yo rankontre pou peye fakti sèvis piblik yo, sitou nan moman kote Massachusetts ap kite itilizasyon konbistib fosil volatil yo. Ankèt nou an pral egzamine diferan modèl ki egziste pou redwi fado ke anpil nan rezidan nou yo ap fè fas a pou yo ka kontinye siviv

Komisyonè Cécile Fraser te di: “Enpak gwo depans nan zafè enèji yo gen sou kliyan yo se yon gwo priyorite pou Depatman an. “Sondaj sa a pral pèmèt nou ede kliyan yo nan pi byen konprann pwoblèm ki lye ak pri abòdab yo.  Nou espere tande tout moun ki afekte pa pwoblèm sa a.

Komisyonè Staci Rubin di, “Genyen yon bon kantite fanmi nan Massachusetts ki depanse gwo pati nan bidjè yo apre yo fin peye fakti sèvis piblik yo.  “Depatman an ap kreye opòtinite sa a pou tande anpil vwa sou fason li kapab oryante chanjman ki pral redwi fado enèji a reprezante pou rezidan ki gen revni ki ba ak modere yo, pou rezidan yo pa oblije ap plede chwazi ant peye fakti sèvis piblik yo ak kouvri lòt depans esansyèl yo.”

Pou bese enpak ogmantasyon nan depans ki asosye ak tranzisyon vè enèji pwòp la, DPU a te louvri sondaj sa a pou pi byen konprann pwoblèm ki asosye ak enèji abòdab ke kontribyab ki gen revni ba ak modere yo (LMI) ki gen difikilte pou jere pèman fakti sèvis piblik yo. Avi Ankèt sa a (NOI) ap chache jwenn kòmantè nan domèn sa yo:

  • Konsepsyon pwogram aksesiblite ak enèji nan sektè rezidansyèl la
  • Administrasyon pwogram nan, tankou pwosesis pou verifye revni rezidan yo
  • Kesyon ki gen rapò avèk aksè enèji pou ti antrepriz ak endistri
  • Kesyon Jeneral ak Enkyetid Konsènan Enèji Abòdab

DPU rekonèt ke gen yon nesesite pou pi byen konprann enpak depans enèji yo sou tout kay ak jwenn plis enfòmasyon sou chaj zafè enèji a reprezante, patikilyèman kay moun ki gen fèb revni yo (LMI). Nan Massachusetts, pwogram enèji abòdab obligatwa epi konpayi sèvis piblik yo ofri yo. Pwogram Asistans Enèji pou kay ki gen Revni ki ba nan Massachusetts (LIHEAP) elijib pou kliyan ki gen revni fèb ki nan yon kay ki pa depase 60% oswa mwens pase revni medyàn eta a fikse a (pa egzanp, nivo 2024 yo se $59,359 pou yon fanmi ki gen 2 moun ak $87,294 pou yon fanmi ki gen 4 moun). Anpil fwaye ki gen revni medyàn nan oswa ki pi ba pase 80% nan Massachusetts ap fè fas ak difikilte finansye ki gen rapò ak peye fakti sèvis piblik yo. Anplis de sa, fanmi ki gen revni fèb depanse jiska 3.5 fwa plis nan revni yo nan peye enèji pase lòt kay. 

Pwosedi sa a pral pèmèt DPU a anvizaje amelyorasyon nan pwogram enèji abòdab la pou asire patisipasyon maksimòm epi detèmine si resous adisyonèl yo nesesè pou ede kontribiyab rezidansyèl yo diminye pousantaj revni yo itilize pou peye fakti elektrisite ak chofaj.  Pami mezi ki anvizajab yo gen ladann ofri diferan nivo rediksyon ki baze sou revni oswa enpozisyon yon plafon/limit sou pousantaj revni ki depanse pou fakti sèvis piblik ki lye ak enèji.  Pa egzanp, Pwogram Asistans Elektrik New Hampshire (EAP) pèmèt kliyan ki elijib yo resevwa yon rabè pandan tout ane a sou bòdwo elektrisite yo chak mwa, ki varye ant 5 ak 86 pousan an fonksyon revni brit ak kantite moun ki nan kay la. 

Ti biznis ak òganizasyon ki pa la pou fè lajan ap sibi tou fado enèji a. DPU ap mande prensipal pati prenant yo enfòmasyon sou kijan yo defini ti antrepriz komèsyal ak endistriyèl yo, ki metòd ki disponib kounye a, ak ki pwogram yo ta dwe mete disponib pou kliyan sa yo. 

DPU a ap chèche opinyon manm piblik la, patikilyèman moun ki gen difikilte ak depans y ap fè pou enèji, lòt moun ki gen enterè, antite DPU a ak lòt ajans gouvènman yo. Òdonans DPU a tradui nan 10 lang pou ankouraje transparans nan sondaj sou chaj/fado enèji a reprezante epi pou resevwa kòmantè nan men rezidan ki pale yon lòt lang ak/oswa gen konpetans ki limite nan angle. DPU ankouraje ak fòs moun ki gen konpetans limite nan angle, moun ki abite nan zòn jistis anviwònmantal, moun ki deplase yo, moun ki gen revni ba ak modere, ak moun ki vilnerab ak fado depans pou zafè enèji a reprezante pou yo, pou yo pataje kòmantè yo. 

Apre egzamen tout kòmantè piblik la, DPU pral

  • òganize yon seri konferans teknik pou eksplike chanjman potansyèl DPU a prevwa epi fasilite dyalòg ant moun ki gen enterè yo; Epi
  • pibliye yon desizyon alekri ki eksplike tout chanjman ki fèt nan pwogram aksè ak enèji a. 

Tradiksyon òdonans ouvèti avi entansyon an (NOI) disponib nan lang sa yo:

DPU a pral pran an konsiderasyon tout kòmantè li resevwa konsènan ankèt sa a. Objektif envestigasyon sa a se pou etabli reyalite yo pou konprann kijan fado depans pou enèji a afekte kontribyab yo, kijan li grav pou rezidan yo, ak ki pwogram yo ta ka mete anplas pou soulaje yo ak chaj/fado sa.

Kijan pou fè kòmantè

DPU envite moun ki enterese yo pou yo soumèt kòmantè alekri ak kesyon sou Avi Entansyon ki gen rapò ak zafè chaj enèji a reprezante anvan Vandredi 1ye mas 2024. Tanpri voye kòmantè ou yo bay dpu.efiling@mass.gov. Tanpri endike nimewo dosye Avi sou Entansyon an (DPU 24-15) ak non w oswa non antite k ap soumèt kòmantè a. 

DPU a bay gwo ankourajman pou soumèt kòmantè ak dokiman yo pa imèl. Sepandan, si w pa kapab voye kòmantè alekri yo pa imèl, ou ka voye yon kopi sou papye bay Mark D. Marini, Secretary, Department of Public Utilities, One South Station, 3rd Floor, Boston, MA 02110. 

Pou mande materyèl nan fòma aksesib pou moun ki gen andikap (Bray, gwo lèt, fichye elektwonik, fòma odyo), kontakte kowòdonatris ADA nan DPU a, Gabriella Knight nan: gabriella.knight@mass.gov.

###

Media Contact   for DPU Pibliye yon Avi pou Ankèt sou Aksè Ak Enèji Abòdab pou Kontribyab nan Massachusetts yo

  • Department of Public Utilities 

    The Department of Public Utilities (DPU) oversees investor-owned electric power, natural gas, and water companies in Massachusetts. In addition, the DPU regulates the safety of bus companies, moving companies, and transportation network companies. We also oversee the safety of natural gas pipelines.
  • Help Us Improve Mass.gov  with your feedback

    Please do not include personal or contact information.
    Feedback