I. Entwodiksyon
Depatman Resous Agrikòl Massachusetts (“MDAR”, Massachusetts Department of Agricultural Resources) devlope epi prepare Plan Aksè Lang (“LAP”, Language Access Plan) sa a pou eksplike efò yo kontinye fè pou bay sèvis lang pou moun ki pa pale anglè byen (“LEP”, Limited English Proficiency).
Plan sa a montre tou aksyon biwo nou ap pran pou asire tout moun ki pa pale anglè byen jwenn aksè fasil nan pwogram, sèvis, aktivite, ak materyèl yo.
Depatman Resous Agrikòl Massachusetts (MDAR) pral analize epi mete ajou Plan Aksè Lengwistik (LAP) sa a jan sa nesesè omwen chak dezan pou asire yon repons san rete a bezwen kominote a.
MDAR sèvi yon popiplasyon varye ki gen divès kalite laj ak orijin lengwistik. Yon moun k ap resevwa sèvis e ki gen yon Metriz Limite nan Anglè (LEP) se yon moun ki pa pale, ekri, oswa konprann lang Anglè a nan yon nivo ki pèmèt li entèyaji efikasman avèk pèsonèl MDAR la. Yon moun k ap resevwa sèvis gen dwa pou l idantifye tèt li kòm yon LEP.
II. Objektif
Objektif plan sa a se pou asire yon aksè efikas nan sèvis, pwogram, aktivite, ak materyèl pou tout moun k ap resevwa sèvis yo.
MDAR angaje l pou l rann sèvis yo disponib pou moun LEP yo nan kad misyon li. Sou baz angajman sa a, depatman an fè tout efò pou ede moun LEP k ap resevwa sèvis yo aksede nan sèvis nou yo.
LAP sa a pa kreye nouvo sèvis; pito li fè efò pou l elimine baryè pou moun LEP k ap resevwa sèvis yo aksede nan sèvis ki egziste yo epi asire ke tout pèsonèl la kapab ede moun LEP k ap resevwa sèvis yo aksede nan resous sa yo. MDAR ap bay moun LEP k ap resevwa sèvis yo bon kalite èd lengwistik nan yon fason ki jis epi alè, pou asire yon aksè efikas nan sèvis ajans lan.
LAP sa a santralize materyèl sou aksè lengwistik pou pèsonèl li an epi dekri fòmasyon regilye pou nouvo rekri yo pou asire ke tout pèsonèl la gen aksè nan materyèl ak sèvis ki sou lis nan seksyon ki pi ba a.
Objektif Direktiv Aksè Lengwistik sa yo se pou:
- Amelyore aksè ak kalite nan sèvis, pwogram, ak aktivite eta a pou moun ki pa pale Anglè ak moun LEP k ap resevwa sèvis yo.
- Redui tout diferans ak reta nan founiti sèvis/pwogram bay moun LEP k ap resevwa sèvis yo; epi
- Rasyonalize fòmasyon ak resous aktyèl yo pou pèsonèl la pou ogmante efikasite ak asire satisfaksyon piblik la.
III. Politik
Se politik MDAR pou bay tout moun ki pa pale anglè byen aksè fasil nan pwogram ak sèvis yo.
IV. Aplikabilite
Politik sa a aplike pou tout depatman ak pwogram ki nan MDAR.
V. Wòl
Misyon MDAR se pou devlope yon ekonomi agrikòl ki solid ak ekitab, ankouraje yon sistèm manje ki an sekirite ak rezistan, epi pwoteje yon anviwònman ki an sante pou kiltivatè Massachusetts yo, bèt domestik yo, ak konsomatè yo. MDAR angaje li pou travay ak tout kominote nan Commonwealth epi asire yo gen aksè.
VI. Plan Aksè Langaj
Dokiman LAP sa a ap aplike nèt, depi gen lajan ki disponib pou sa. Sa a montre angajman MDAR pou asire tout moun k ap viv nan Massachusetts ak tout moun ki gen dwa resevwa sèvis yo ka fasilman jwenn enfòmasyon ak resous nan men MDAR.
Pou anplwaye yo, plan sa a mete resous, fòmasyon, ak tout kontni ak piblikasyon plizyè lang ajans lan nan yon sèl kote, pandan l ap esplike estanda minimòm pou moun ki pa pale anglè byen ka jwenn aksè ak sèvis ajans lan.
a. Kowòdonatè Aksè Lengwistik
Kowòdonatè Aksè Langaj MDAR ("LAC", Language Access Coordinator) ap responsab pou aplike ak asire konformite ak Plan Aksè Langaj MDAR. Enfòmasyon pou kontakte Kowòdonatè Aksè Lang MDAR yo bay anba a:
Olivia Palmer
857-278-4908
Wòl Kowòdonatè Aksè Lengwistik la gen ladan bagay sa yo:
- Òganize fòmasyon regilye pou pèsonèl la, ikonpri fòmasyon pou nouvo manm pèsonèl la.
- Ede nan akizisyon sèvis èd lengwistik.
- Peryòdikman oswa omwen chak de mwa reyevalye ak mete ajou LAP a pou reflete enfòmasyon ajou sou popilasyon LEP ki apwopriye yo.
- Konsilte moun ki konsènen yo.
- Patisipe nan Gwoup Travay Aksè Lengwistik Biwo Egzekitif Enèji ak Afè Anviwònmantal (EEA) la.
b. Resous Langaj
Tradiksyon: Pwosesis pou konvèti tèks ekri ki soti nan yon lang sous pou ale nan yon tèks ekri ekivalan nan yon lang sib, fèt konplètman epi avèk presizyon pandan w kenbe estil, ton, ak entansyon tèks la, epi pandan w konsidere diferans kiltirèl ak dyalèk.
Entèpretasyon: Vle di aksyon pou koute, konprann, analize, epi trete yon kominikasyon oral nan yon lang (lang sous) epi fidèlman rann li oralman nan yon lòt lang pale (lang sib) pandan w kenbe menm siyifikasyon an. Pou moun ki gen sèten andikap ki afekte kominikasyon, sa ka vle di konprann, analize, epi trete yon kominikasyon pale oswa siye nan lang orijinal la epi transmèt enfòmasyon sa yo fidèlman nan yon lang sib pale, soutitraj, oswa siye pandan y ap kenbe menm sans la.
Sèvis aksè lengwistik founi gratis pou moun k ap resevwa sèvis yo.
c. Pwotokòl pou Founi Sèvis Lengwistik
Pèsonèl MDAR la dwe idantifye senk premye lang ki pale nan Commonwealth la pou entèpretasyon reyinyon piblik enpòtan yo ak tradiksyon dokiman enpòtan yo, amwenske ke lalwa entèdi sa. Si entèpretasyon ak tradiksyon nesesè pou yon reyinyon piblik nan yon inisyativ oswa pwojè nan eta a, dokiman enpòtan yo t a dwe tradui, e reyinyon yo entèprete nan senk premye lang ke moun LEP yo pale nan Commonwealth la apati done ki nan kat "Lang ki Pale nan Massachusetts" la.
Pou aktivite sansibilizasyon ak angajman enpòtan ki gen pou wè ak pwogram, aktivite, sèvis oswa pwojè ki gen enplikasyon nan tout eta a, MDAR dwe founi sèvis aksè lengwistik ak materyèl ki tradui yo nan senk premye lang ki pi pale yo, jan sa idantifye nan done pi resan ki disponib nan kat "Lang ki Pale nan Massachusetts" la, anplis tout lòt lang ke yo mande oswa ke yo detèmine kòm nesesè pou asire yon aksè efikas amwenske lalwa entèdi sa.
Pou aktivite sansibilizasyon ak angajman pou pwogram, aktivite, sèvis oswa pwojè ki sou yon sit espesifik, MDAR dwe founi sèvis aksè lengwistik ak materyèl ki tradui nan lang ke senk pousan oswa plis moun nan popilasyon an plis pale nan zòn jewografik la amwenske lalwa entèdi sa. Tout lang ki mande anplis oswa ke yo detèmine ki nesesè pou asire yon aksè efikas t a dwe founi. Chak biwo oswa direksyon nan MDAR dwe idantifye zòn jewografik enpak la nan konfòmite ak règleman li anba l yo. Si pa gen règleman konsa, zòn jewografik la ap detèmine apati metodoloji referans sa a: (i) yon reyon senk mayl ap aplike pou pwojè ki gen enpak sou lè a, e (ii) yon reyon yon mayl dwe aplike pou pwojè ki gen lòt enpak anviwònmantal. MDAR egzije ke dokiman ak avi ki ekri pou pwojè ki pou sit espesifik yo distribye anndan zòn jewografik ki deziyen an nan kote tankou bilding biwo minisipal, bibliyotèk piblik, sant pou granmoun aje, ak kay adorasyon. Distribisyon dwe fèt nan kote ki aksesib nan yon fason rezonab pou kominote ki afekte a pou asire yon aksè efikas a enfòmasyon konsènan pwojè a.
Pèsonèl la dwe konsilte lis resous sa a nan detèminasyon kantite sèvis lengwistik ki nesesè:
- Kat EEA sou Lang ki Pale nan Massachusetts yo;
- Minisipalite, òganizasyon kominotè, sistèm eskolè, kabinè medikal, òganizasyon relijye, oswa lòt òganizasyon nan kominote a ki kapab anmezi ede nan idantifye popilasyon kote sansibilizasyon anplis nesesè; ak
- Tout lòt done demografik ki disponib atravè sous piblik, sou kapasite lengwistik ki montre ke moun yo pale Anglè "mwens ke trè byen."
i. Tradui Piblikasyon
MDAR angaje l pou l kenbe tout piblikasyon l ki gen yon aplikasyon laj yo ("dokiman enpòtan") nan 5 premye lang ki plis pale nan Commonwealth la. Lè y ap kontakte kominote espesifik nan Commonwealth la, pèsonèl MDAR la t a dwe asire yo ke piblikasyon sa yo ap aksesib nan lang ki domine nan chak kominote, jan sa defini pi wo a. Piblikasyon ki pi long oswa ki espesifik t a dwe tradui lè gen enkyetid sou aksesibilite pou odyans ki vize a.
Dokiman enpòtan yo gen ladan yo, men yo pa limite a, sa yo:
- Dokiman oswa avi ki destine pou piblik la e ki gen pou wè ak pwogram, sèvis, prestasyon, oswa evènman ki enplike patisipasyon moun k ap resevwa sèvis yo.
- Kominikasyon pou ijans, ki mande repons rapid, oswa ki gen pou wè ak sante ak sekirite.
Tradiksyon dokiman enpòtan yo ap mete ajou ansanm ak vèsyon Anglè yo lè sa nesesè.
MDAR kenbe yon bidjè tradiksyon nan fon operasyon li. Yon fwa MDAR fin resevwa demann tradiksyon oswa entèpretasyon an, li asire konfòmite a lwa pasasyon mache eta a pou l jwenn sèvis la. Sa kapab gen ladan yon demann pwofòma nan men founisè sèvis lengwistik sou kontra nan tout eta a epi analiz repons yo annakò ak lwa pasasyon mache a pou chwazi yon founisè pou asire yon sèvis ki bay atan ak ki gen kalite.
ii. Direktiv pou Tradiksyon Ekri
Lè pou tradui yon dokiman, suiv etap sa yo:
- Chwazi ki lang ki bezwen tradiksyon an (yo). Kenbe nan lespri w ke feyè ki gen aplikasyon laj yo t a dwe tradui nan senk premye lang ki pale nan Commonwealth la.
- Voye yon imèl bay Kowòdonatè Aksè Lengwistik MDAR la, Olivia.Palmer@Mass.gov, pou mande tradiksyon. Asire w ke w mete kòman demann lan te resevwa (si yon demann te fèt), si se yon bezwen tradiksyon oswa entèpretasyon, ki lang ki bezwen, yon kalandriye pou sèvis la, ak yon manm pèsonèl la pou kontak.
- Apati sa a, Kowòdonatè Aksè Lengwistik (LAC) MDAR la, apre l fin konfime pa gen entèdiksyon legal, ap voye pa imèl bay konpayi tradiksyon an, yon vèsyon Word piblikasyon an pou tradiksyon e l ap mande yon pwofòma epi travay avèk sèvis finansye a pou asire ke tout egzijans mache piblik yo satisfè. Dokiman ki tradui yo t a dwe pi pwòch orijinal la ke posib.
iii. Entèpretasyon Anpèsòn ak Vityèl
Lè w ap mande yon entèprèt pou yon evènman oswa reyinyon, suiv etap sa yo:
- Voye yon imèl bay LAC MDAR la, Olivia.Palmer@Mass.gov, pou mande sèvis entèpretasyon an. Asire w ke w mete kòman demann lan te resevwa (si gen yon demann ki te fèt), ki lang ki bezwen, yon kalandriye pou sèvis la, ak yon manm pèsonèl la pou kontak.
- LAC MDAR la ap jwenn omwen 3 pwofòma nan men founisè ki sou lis sa a (lis founisè yo kòmanse nan paj 11). MDAR ap travay avèk moun k ap resevwa sèvis la oswa manm pèsonèl la ki mande sèvis la, epi founisè an, pou asire yon sèvis ki bay atan e ki gen kalite.
Yon Kat Flach pou Idantifikasyon Lang poste sou paj akèy sit entènèt nou an, e nou pote l nan evènman yo, pou yon aksè fasil. Kat la make "Mwen pale" nan 38 lang e li ka sèvi pou idantifye lang ke moun LEP k ap resevwa sèvis yo pale pou yo aksede nan sèvis MDAR bay yo.
Pou demann aksè lengwistik ki gen pou wè ak andikap, sitiyasyon medikal, oswa bezwen pou yon akomodasyon jistifye pou aksede nan pwogramasyon oswa sèvis, tanpri kontakte Kowòdonatè ajans pou Lwa sou Ameriken ki gen Andikap la (ADA) nan EEADiversity@mass.gov oswa rele nan 617-626-1282.
Pou entèpretasyon anpèsòn nan evènman MDAR yo, ekipman pou koute disponib pou pèmèt moun k ap resevwa sèvis yo tande yon moun k ap entèprete anmenmtan nan yon kas.
iv. Korespondans
MDAR pral travay pou enkli tèks anba a nan premye korespondans yo bay sitwayen yo epi lè li nesesè apre sa.
v. Kontni Wèb
Tout paj wèb Mass.gov yo kapab tradui otomatikman anba "Chwazi Lang" ki nan tèt ekran an. MDAR bay tèks sa a nan yon varyete lang pou atache nan fòm enpòtan oswa paj entènèt yo.
Dokiman enpòtan yo, tankou pdf ki nan paj entènèt MDAR yo ap tradui nan senk premye lang ki pi pale yo, anplis tout lòt lang ki mande oswa ke yo detèmine ki nesesè pou asire yon aksè efikas, amwenske lalwa entèdi sa.
Si moun yo ta renmen mande pou yo tradui yon dokiman nan lang yo chwazi a, yo ka fè sa lè yo ranpli fòm sa a.
vi. Anplwaye ki pale plizyè lang nan MDAR
MDAR angaje l pou l anboche ak kenbe anplwaye ki pale plizyè lang pou tout pozisyon, sitou pou anplwaye ki gen kontak dirèk ak piblik la ak pou liy dirèk ajans lan.
vii. Sèvis Lang Nan Telefòn
Pandan ke preferans lan se bay sèvis dirèk bay moun ki pa pale anglè byen nan lang prensipal yo, anplwaye MDAR yo gen aksè tou ak yon sèvis entèpretasyon pa telefòn ki gen plis pase 380 lang. Enstriksyon detaye sou kijan pou itilize sèvis lang sou telefòn yo, ki gen ladan Lang Siy Ameriken (ASL, American Sign Language), enkli anba a nan seksyon sou liy dirèk ak liy telefòn jeneral yo.
viii. Entèpretasyon pou Moun ki Soud ak Moun ki Pa Tande Byen nan Evènman MDAR
MDAR dwe bay sèvis entèpretasyon pou moun ki soud ak moun ki pa tande byen lè yo mande sa. Òganizasyon k ap òganize evènman an kapab mande pou biwo nou an bay sèvis entèpretasyon lè y ap pwograme epi konfime evènman an. Lè n ap anrejistre moun k ap patisipe nan prezantasyon/evènman biwo nou an, MDAR bay yon opsyon pou patisipan yo mande entèpretasyon nan Lang Siy Ameriken (ASL) pou moun ki soud ak moun ki gen difikilte pou tande.
Zoom, PowerPoint, ak Teams gen yon fonksyon ki pèmèt ou mete soutit. Nou ankouraje itilizasyon zouti sa a, epi tou nou bay sèvis entèpretasyon.
Revize enstriksyon sa yo Premye Fwa Ou Itilize Enstriksyon ki soti nan Komisyon Massachusetts pou Moun ki Soud ak Moun ki Tande Di (MCDHH, Massachusetts Commission for the Deaf and Hard of Hearing) pou w ka familyarize tèt ou ak diferan kalite entèpretasyon ki ka mande.
Si yo mande entèpretasyon ASL, swiv etap sa yo pou mande yon entèprèt ASL. Demann yo ta dwe fèt omwen de (2) semèn oswa plis anvan evènman an. Si sèvis yo pa nesesè ankò oswa evènman an anile, ou ta dwe avèti MCDHH omwen twa jou anvan dat ki pwograme a pou evite frè yo.
Entèprèt yo ta dwe mande nan Komisyon Massachusetts pou Moun ki Soud ak Moun ki Tande Di. Pwosesis pou mande entèpretasyon an eksplike sou sit entènèt Komisyon an, ki gen lyen li anwo a.
Mande ASL pou dat ak lè ki an kesyon an.
Pifò evènman yo ap bezwen de (2) Entèprèt ASL.
Li posib ke entèprèt yo mande yo ap soti nan plizyè òganizasyon. Si se konsa, ou ta dwe pran tan anvan evènman an pou entèprèt yo konekte.
Pou demann aksè lengwistik ki gen pou wè ak andikap, sitiyasyon medikal, oswa bezwen pou yon akomodasyon jistifye pou aksede nan pwogramasyon oswa sèvis, tanpri kontakte Kowòdonatè ajans pou Lwa sou Ameriken ki gen Andikap la (ADA) nan EEADiversity@mass.gov oswa rele nan 617-626-1282.
ix. Konfòmite a ADA ak Seksyon 508
EEA angaje l pou l asire ke kontni dijital li ak sèvis anliy yo aksesib pou tout moun, ikonpri sa ki gen andikap yo. Tit II Lwa sou Ameriken ki gen Andikap la aplike pou tout sèvis, pwogram, ak aktivite ke eta a ak gouvènman lokal yo founi, ikonpri sa ki ofri anliy ak atravè aplikasyon mobil yo. Nan konfòmite ak Tit II a ak Règleman sou Aksesiblite Dijital Antrepriz nan Commonwealth la, kontni dijital EEA yo, ikonpri sit entènèt, dokiman elektwonik, miltimedya, ak medya sosyal yo, dwe satisfè Direktiv sou Aksesiblite Kontni ki sou Entènèt la (WCAG) vèsyon 2.1 Nivo A ak Nivo AA kòm nòm teknik minimòm pou aksesiblite.
Règleman sou Aksesiblite Dijital nan Antrepriz la egzije ke EEA asire l ke anplwaye yo fè fòmasyon ki egzije pou wòl espesifik nan aksesiblite dijital yo, e ke aksesibilite antre nan egzijans planifikasyon pwojè pou devlopman aplikasyon yo. Obligasyon sou aksesiblite dijital EEA yo etann yo a founisè deyò yo tou: aplikasyon wèb ak mobil, kontni wèb, ak ansèyman konplemantè oswa materyèl pou dokimantasyon ki founi atravè yon founisè oswa yon lòt pati ki gen yon kontra dwe satisfè vèsyon 2.1 Nivo A ak AA WCAG a tou. EEA ap mete egzijans aksesiblite yo nan mache ak kontra yo kòmsadwa.
Nan kad règleman sa a, "aksesiblite" vle di ke yon moun ki gen yon andikap resevwa opòtinite pou l jwenn menm enfòmasyon an, angaje l nan menm entèyaksyon yo, epi pwofite de menm sèvis ke yon moun ki pa gen andikap, nan yon fason ki efikas ak entegre menm jan an, avèk yon fasilite pou itilize ki menm jan epi avèk menm nivo sekirite ak respè pou vi prive l. EEA ap travay annakò ak Sant Aksesiblite Commonwealth la pou Konsiltasyon, Edikasyon ak Sèvis Èd (ACCESS) ak Biwo Egzekitif pou Sèvis Teknolojik ak Sekirite a (EOTSS) pou asire konfòmite ak amelyorasyon san rete nan aktif dijital EEA yo.
x. Fòmasyon Anplwaye
LAP la ap:
- Afiche anndan pou tout anplwaye yo.
- Enkòpore nan oryantasyon pou nouvo anplwaye yo.
- Prezante bay jesyonè yo, pou yo ka byen konprann plan LAP la, pou yo ka ranfòse enpòtans plan an epi asire ke anplwaye yo mete l an pratik.
- Prezante bay anplwaye MDAR ki gen kontak ak piblik la, konsa anplwaye sa yo resevwa fòmasyon pou yo travay byen ak moun ki pa pale angle byen (LEP) ak entèprèt telefòn yo.
xi. Itilizasyon Zouti Entelijans Atifisyèl (AI) pou Aksè Lengwistik
Pou kounya a MDAR pa itilize AI oswa lòt sèvis dijital pou bezwen tradiksyon dokiman l yo. Sepandan, MDAR ouvè pou l eksplore avèk anpil serye kòman solisyon ki enplike AI yo t a kapab ede efò nou pou nou elaji aksesiblite lengwistik epi konplete ekspètiz moun genyen. Tout itilizasyon zouti AI alavni ap gide pa angajman nou pou presizyon ak bezwen abitan Commonwealth la ke n ap sèvi yo.
VII. Kontwòl
Kowòdonatè Aksè Lang MDAR ap patisipe nan reyinyon chak trimès ki òganize pa Kowòdonatè Sekretarya Aksè Lang ki deziyen nan Biwo Egzekitif Zafè Enèji ak Anviwònman pou evalye jan Plan sa a ap aplike.
MDAR ap revize epi mete ajou LAP li omwen chak de (2) zan oswa pi souvan, si sa nesesè.
Revizyon an ap evalye:
- Si gen nenpòt chanjman enpòtan nan konpozisyon oswa bezwen lang popilasyon yo sèvi a;
- Si pèsonèl la konnen epi konprann dokiman LAP, epi yo santi yo alèz lè yo sèvi ak sèvis ki dekri ladan l;
- Si gen lòt dokiman ki bezwen tradui;
- Idantifye nenpòt pwoblèm oswa difikilte ki te parèt pandan ane ki sot pase a nan sèvis pou moun ki pa pale anglè byen (LEP); epi
- Idantifye nenpòt aksyon rekòmande pou bay sèvis langaj ki pi reaktif ak efikas (pa egzanp, ajoute dokiman pou tradui, kreye oswa elaji patenarya ak òganizasyon kominotè yo, oswa chanje priyorite nan anplwaye yo).
Suivi sou efikasite yon Plan Aksè Lengwistik kapab genyen ladan:
- Analize done aktyèl ak pase sou itilizasyon èd lengwistik yo ikonpri pou ki lang nou bay sèvis yo. MDAR suiv mezi sa yo pou asire sèvis lengwistik nou yo satisfè bezwen moun k ap resevwa sèvis yo.
- Kantite moun LEP k ap resevwa sèvis nou sèvi (si sa disponib)
- Lang ki founi
- Kantite reyinyon/evènman ki gen sèvis lengwistik
- Kantite rankont entèpretasyon (pa egzanp, reyinyon, apèl, evènman)
- Kantite dokiman enpòtan ki tradui
- Kantite lè ki entèprete
- Kantite plent ki resevwa
- Mennen ankèt bò kote pèsonèl la pou konnen konbyen fwa yo itilize sèvis èd lengwistik yo, si yo kwè t a dwe gen chanjman nan sèvis ki bay yo oswa founisè ki itilize yo, ak si yo kwè ke sèvis èd lengwistik ki anplas yo satisfè bezwen kominote LEP yo nan zòn sèvi yo, epi
Fè suivi fidbak nan men òganizasyon kominotè yo, sèvis jiridik yo, ak lòt pati ki konsènen sou efikasite ak pèfòmans ajans lan nan asire yon aksè ki efikas pou moun LEP k ap resevwa sèvis yo.
Nan devlopman LAP 2023 la, MDAR te fè aktivite angajman moun konsène sa yo:
- Te fè yon ankèt sou òganizasyon kominotè yo ki bay sèvis pou moun ki pa pale anglè byen pou kolekte enfòmasyon sou bezwen lang yo ak obstak aktyèl yo. Rezilta sondaj sa a anba a.
Bay opòtinite pou sitwayen yo bay fidbak vèbal sou yon vèsyon bouyon LAP, ansanm ak nenpòt lòt sèvis lang adisyonèl yo sijere MDAR bay.
Baze sou fidbak moun ki konsène yo, MDAR te kapab jwenn enfòmasyon sa yo:
- Anplis lang prensipal yo idantifye kòm sa yo pale pi souvan nan Commonwealth la, yo te jwenn lang sa yo enpòtan espesyalman nan sektè agrikilti a. Lang sa yo genyen:
- Arab
- Bengali
- Dzongkha
- Fransè
- Goujarati
- Kreyòl Ayisyen
- Indi
- Hmong (Hmoob)
- Patwa Jamayiken
- Karen
- Khmer
- K’iche’ (Kiche)
- Kinyarwanda
- Lao
- Mandaren (Chinwa)
- May May
- Nepalè
- Pashto (ak Dari)
- Ris
- Somalyen
- Swayili (Kiswahili)
- Twi
- Oudou
- Vyetnamyen
- Moun ki gen enterè yo idantifye enfòmasyon sa yo tou kòm enpòtan nan bay sèvis lang ki itil:
- Finansman ki ase pou sèvis lang yo.
- Kolaborasyon ak òganizasyon kominotè yo ak moun ki konsène yo pou konprann epi fasilite sansibilizasyon.
- Te bay tan ak resous pou asire ke anplwaye yo konpetan nan zafè kilti.
Si w gen nenpòt pwoblèm oswa kesyon konsènan egzekisyon Plan Aksè Lengwistik sa a, tanpri kontakte Biwo Aksè ak Opòtinite Gouvènè a nan eduardo.morenomendez@mass.gov oswa govcommunityaffairs@mass.gov.