Pwopozisyon Alokasyon ekitap fon ARPA

Komite Revizyon Ekite ak Responsablite responsab pou evalye kijan fon ARPA yo depanse nan kominote ki afekte pi plis pa pandemi COVID-19. Sa yo se mezi yo propoze epi ki itilize pou detèmine nivo bezwen ak kijan fon ki asosye yo ap distribye.

Komite Revizyon Ekite ak Responsablite evalye si fon Lwa Federal sou Plan Sekou Ameriken (American Rescue Plan Act, ARPA) yo ap depanse nan kominote Massachusetts ki bezwen plis sipò. Komin ak vil ki te jwenn pi gwo difikilte akòz pandemi COVID-19 la ap resevwa plis finansman. Mezi yo pwopoze anba a pral ede komite a detèmine nivo bezwen chak kominote ak konbyen lajan yo ta dwe resevwa.

Komite a ta renmen resevwa kòmantè ou sou objektif alokasyon yo pwopoze yo. Kòmantè ou yo pral ede komite a ajiste objektif yo nan pwopozisyon an. Peryòd kòmantè a louvri soti nan 5 oktòb 2022 jis 19 novanm 2022.

Table of Contents

Objektif Alokasyon Finansman Pwopoze yo

Objektif Komite Revizyon Ekite ak Responsablite a se asire nivo ki te afekte nan yon fason disproporsyonèl nan pandemi a resevwa yon pi gwo nivo sipò. Pou fè sa, Komite a pwopoze yon ogmantasyon alokasyon finansman 50% pou chak nivo, soti nan Nivo 5 (bezwen ki pi ba) rive nan Nivo 1 (bezwen ki pi wo). Sa vle di pou chak 1 dola ki depanse nan Nivo 5, 50% an plis (oswa 1.5 dola) ta dwe depanse nan Nivo 4, yon lòt 50% plis nan Nivo 3 ($2.25), elatriye. Tablo ki anba a dekri kijan pwopozisyon sa a ta afekte alokasyon finansman yo.

Nivo

Pwa Alokasyon Pwopoze

Pousantaj total lajan ki asiyen ($2.55 bilyon dola)

Depans total pou tout vil ak komin nan chak nivo

Depans divize pa popilasyon total nan chak nivo

Nivo 5

1 (baz)

8%

$193 milyon

$67.89 pou chak moun

Nivo 4

1.50 (Nivo 5 x 1.5)

11%

$290 milyon

$331.74 pou chak moun

Nivo 3

2.25 (Nivo 4 x 1.5)

17%

$435 milyon

$530.71 pou chak moun

Nivo 2

3.38 (Nivo 3 x 1.5)

26%

$653 milyon

$581.05 pou chak moun

Nivo 1

5.06 (Nivo 2 x 1.5)

38%

$979 milyon

$797.73 pou chak moun

 

Nivo

Pwa Alokasyon Pwopoze

Pousantaj total lajan ki asiyen ($2.55 bilyon dola)

Depans total pou tout vil ak komin nan chak nivo

Depans divize pa popilasyon total nan chak nivo

Kòmantè Piblik

Komite Revizyon Ekite ak Responsablite a ta renmen kòmantè ou sou objektif alokasyon yo pwopoze yo. Kòmantè ou yo pral ede Komite a ajiste objektif alokasyon yo nan pwopozisyon an. Yon peryòd kòmantè piblik ouvè rive19 Novanm 2022. Ou kapab pataje kòmantè ou yo atravè yon fòm sou entènèt oswa nan reyinyon piblik ki pral fèt vityèlman.

Fòm sou entènèt

Ou ka fè kòmantè lè w ranpli sondaj sou entènèt. Sondaj la ap louvri rive 19 Novanm 2022.

Reyinyon piblik

Komite a pral òganize omwen de sesyon chita tande kap piblik, vityèl pou pèmèt kòmantè piblik. Ou pral bezwen enskri davans pou patisipe nan sesyon chita tande vityèl la. Yap fè nou konnen byento lè a ak kote yo pral fè li. Yon lyen fòm enskripsyon an ap enkli ak tout detay reyinyon an.

Detèmine Nivo Bezwen yo

Komite a te itilize kat paramèt pou mezire nivo bezwen pou chak komin oswa vil (Vil Prensipal, Kominote inisyativ ekite nan zafè vaksen, Kominote Jistis Anviwònman, Endèks Vilnerablite sosyal CDC). Chak mezi reprezante yon kalite difikilte pou popilasyon an.

1. Èske se yon Vil Prensipal?

Gen 26 Vil Prensipal jan Lejislati Leta a defini li.

Yon Vil Prensipal (oswa Minisipalite Prensipal) se yon komin oswa vil ki gen:

  • yon popilasyon ant 35,000–250,000
  • yon revni mwayen nan fanmi ki pi ba pase estanda ke leta fikse, epi
  • yon pousantaj moun ki gen edikasyon omwen yon diplòm bakaloreya ki pi ba pase estanda leta a.

 

Poukisa sa a se yon mezi? Vil prensipal konsolide ekonomi rejyonal yo toupatou nan eta ki te fè fas ak defi sosyal ak ekonomik pèsistan menm anvan pandemi COVID-19 la. Avèk yon sipò finansye adisyonèl, kominote sa yo ka eksplwate byen resous ak enfrastrikti ki egziste deja pou alimante kreyasyon nouvo anplwa ak inovasyon.

2. Eske se yon Kominote Inisyativ Ekite Vaksen?

Biwo egzekitif sante ak sèvis sosyal leta a te kreye Inisyativ Ekite Vaksen COVID-19 la pou bay 20 kominote yo ki pi afekte pandan pandemi COVID-19 la priyorite.

Poukisa mezi sa? K òm fon federal sa yo sipoze ede moun ki afekte yon jan eksesif pa pandemi an, Komite a te vle konsidere kominote sa yo epi asire yo yo gen resous ke yo bezwen.

3. 50% oswa plis nan popilasyon kominote a ap viv nan yon gwoup revni Jistis Anviwònman.

Fanmi ki genyen 65% revni oswa mwens pase revni anyèl mwayèn yon fanmi nan tout eta a kalifye kòm yon pati nan popilasyon Jistis Anviwònman.

Poukisa mezi sa? Pwojè lwa ki te kreye Komite a (Chapit 102 nan Lwa 2021) mande pou sèvi ak popilasyon Jistis Anviwònman an pou ede detèmine nivo bezwen yon vil oswa yon komin. Komite a te chwazi gade kritè revni yo pou asire kominote ki gen resous limite yo te genyen priyorite pou fon federal sa yo.

4. Omwen mwatye nan zòn jeyografik li kouvri pa yon nòt Endèks Vilnerablite Sosyal ki omwen 0.5 (awondi)

Yon Endèks Vilnerablite Sosyal (SVI) idantifye kominote ki gen plis chans bezwen sipò anvan, pandan, ak apre yon ijans sante piblik. Endèks la klase segman popilasyon yo sou 15 faktè sosyal, tankou povrete, pa genyen aksè a yon machin pèsonèl, lojman ki gen anpil moun, ak plis ankò. Nòt SVI varye ant 0 (vilnerabilite ki pi ba a) a 1 (vilnerabilite ki pi wo a). Segman popilasyon sa yo pa gen restriksyon nan fwontyè minisipal yo epi yo ka kouvri sèlman yon pati nan yon kominote oswa gaye na plizyè kominote alafwa.

Poukisa mezi sa? Pwojè lwa ki te kreye Komite a (Chapit 102 nan Lwa 2021) mande pou itilize SVI pou ede detèmine nivo bezwen nan yon vil oswa yon komin. Pou mezi sa a, komite a te idantifye vil ak komin ki kouvri omwen a 50% pa segman popilasyon ak yon nòt SVI awondi 0.5 oswa plis. Kominote sa yo bezwen resous adisyonèl pou non sèlman adrese efè yo te sibi pandan pandemi COVID-19 la, men tou pou prepare pou yon ijans sante piblik a lavni.

Poukisa li awondi? Komite a te chwazi awondi nòt SVI ki te jis anba 0.5 (awondi a pati 0.45).

Ki jan mezi yo kreye nivo

Chak komin oswa chak vil pral genyen yon nivo ki baze sou kantite total mezi ki anwo yo epi ki aplike pou yo. Kominote ki gen plis bezwen yo pral resevwa plis finansman.

Pa egzanp, si tout kat mezi yo aplike a yon komin oswa yon vil, yo pral mete yo nan Nivo 1 (pi gwo bezwen an). Si okenn nan paramèt ki anba yo pa aplike nan yon komin oswa yon vil, yo pral plase yo nan Nivo 5 (bezwen ki pi ba).

  • Nivo 1: Tout kat mezi yo
  • Nivo 2: Nenpòt twa mezi
  • Nivo 3: Nenpòt de mezi
  • Nivo 4: Nenpòt mezi
  • Nivo 5: Pa gen okenn mezi ki aplike

Tablo ki anba a montre kouman mezi ki anwo yo aplike ak vil ak komin yo epi nan ki nivo yo te asiyen yo.

Help Us Improve Mass.gov  with your feedback

Please do not include personal or contact information.
Feedback