Politik Tribinal Premye Enstans La Ki Entèdi Diskriminasyon, Asèlman Ak Vanjans Kesyon Moun Poze Souvan (Faq) Pou Itilizatè Tribinal Yo

Tribinal Premye Enstans Massachusetts la pran angajman pou ankouraje yon anviwònman respektye pou tout moun ki bezwen aksè a tribinal yo ak sèvis jidisyè yo. Nou ofri FAQ sa yo pou bay klate ak transparans sou politik ak pwosedi Tribinal Premye Enstans la.

Si w pa ka jwenn enfòmasyon w ap chèche nan FAQ sa yo, tanpri kontakte liy asistans Biwo Dwa ak Konfòmite Espas Travay la (OWRC) nan (617) 878-0411 oswa voye yon imèl bay Workplacerights@jud.state.ma.uspou jwenn asistans.

Konsènan Politik la

1. Ki Politik Tribinal Premye Enstans la sou diskriminasyon, asèlman ak vanjans ?

Tribinal Premye Enstans Massachusetts la entèdi diskriminasyon ak asèlman ki baze sou karakteristik pwoteje (gade kesyon 4 la konsènan karakteristik pwoteje yo). Politik la pwoteje tou nenpòt pati ki patisipe nan nenpòt aktivite ki gen rapò ak plent kont diskriminasyon, tankou depoze yon plent oswa bay yon deklarasyon temwen.

2. Ki jan Tribinal Premye Enstans la aplike Politik sa a ?

Biwo Dwa ak Konfòmite Tribinal Premye Enstans la oswa OWRC responsab aplikasyon egzijans Politik la. OWRC se yon biwo endepandan nan Tribinal Premye Enstans la ki reponn a plent sou diskriminasyon, asèlman ak vanjans ki baze sou yon karakteristik pwoteje (gade kesyon 4 la konsènan karakteristik pwoteje yo).

Anplwaye OWRC yo egzamine tout plent yo. Plent ki ka konstitye diskriminasyon ak asèlman oswa vanjans ki baze sou yon karakteristik pwoteje yo pral trete pa OWRC. OWRC gen otorite pou eseye rezoud plent la yon fason enfòmèl ant pati yo oswa kontinye ankèt konplè a (gade kesyon 10 la). Sepandan, OWRC ka ranvwaye plent ki pa konstitye yon vyolasyon Politik sa a nan yon lòt biwo ki pi apwopriye nan Tribinal Premye Enstans la. OWRC pral enfòme yon pati ki pote plent sou pwochen etap yo, kit se rezolisyon enfòmèl, ranvwa oswa ankèt konplè apre li fin resevwa yon plent.

3. Antanke itilizatè tribinal la, èske mwen kouvri pa Politik sa a ?

Wi. Itilizatè tribinal yo, tankou moun ki nan litij, temwen, avoka, jire, ak manm piblik la, kouvri pa Politik la. Li gen ladan tou founisè sèvis ki pa anplwaye, tankou kontraktyèl, estajyè, ak volontè. Si ou se yon itilizatè tribinal oswa yon founisè sèvis ki pa anplwaye, ou gen dwa jwenn aksè nan Tribinal Premye Enstans la epi ou pa nan diskriminasyon ak asèlman ki baze sou karakteristik pwoteje pandan aktivite w nan Tribinal Premye Enstans la.

Politik la ba ou pwoteksyon siplemantè kont vanjans si ou vle fè respekte dwa ou yo dapre Politik sa a.

Anplis, kòm Tribinal Premye Enstans la responsab pou bay yon espas travay ki san diskriminasyon ak asèlman pou anplwaye li yo, si yon itilizatè tribinal oswa founisè sèvis ki pa anplwaye angaje nan konduit ki diskriminatwa oswa asèlman anvè Anplwaye tribinal yo an vyolasyon Politik la, Tribinal Premye Enstans la gen dwa pou pran mezi rezonab pou reponn a konpòtman sa yo nan non anplwaye li yo dapre Politik sa a.

4. Ki sa « karakteristik pwoteje yo ye »?

Karakteristik pwoteje yo se ras, koulè, sèks (tankou asèlman seksyèl, gwosès, akouchman ak pwoblèm sante ki gen rapò ak gwosès oswa akouchman, ak alètman), laj (plis pase 40 ane), andikap, oryantasyon seksyèl, idantite seksyèl, sèvis militè oswa estati veteran, relijyon oswa kwayans relijye, orijin nasyonal, enfòmasyon jenetik, zansèt. Karakteristik pwoteje sa yo yo defini pa lwa eta a ak / oswa lwa federal la.

Politik la entèdi diskriminasyon oswa asèlman moun ki mande yon amenajman rezonab pou rezon ki gen rapò ak yon andikap, gwosès, oswa obsèvans relijye.

Depoze yon Plent

5. Mwen te pote plent devan Tribinal Premye Enstans la konsènan diskriminasyon oswa asèlman. Ki sa mwen ka atann ki pral rive apre ?

Yon manm anplwaye OWRC pral an kontak avèk ou pou diskite sou nati plent ou a. Selon sikonstans yo, OWRC ka kominike avèk ou nan moman sa a pou fè yon premye entèvyou rekèy enfòmasyon, oswa yo ka mande pou pwograme yon premye entèvyou rekèy enfòmasyon nan yon dat yon ti kras pita ki bon pou tout moun ki enplike yo.

Premye entèvyou rekèy enfòmasyon an sitou fèt pa telefòn oswa apèl videyo. Nan pifò ka yo, de (2) moun ki soti nan OWRC pral prezan pou entèvyou a. Ou ta dwe atann pou yo poze w kesyon sou plent ou a tankou non moun ki enplike yo, kote, dat ak lè ensidan y ap ankete sou li a (yo) ak ki jan li gen rapò ak karakteristik pwoteje (yo). Yo ka mande w tout dokiman enpòtan ki gen rapò ak plent la ak enfòmasyon konsènan temwen posib yo. Ou ta dwe tou di anplwaye OWRC si ak ki jan ensidan an te afekte w.

Sa ki enpòtan, premye entèvyou rekèy enfòmasyon an se yon opòtinite tou pou ou poze kesyon sou OWRC, pwosesis li yo, epi eksplore opsyon rezolisyon yo avèk asistans anplwaye OWRC yo.

6. Ki kèk nan opsyon yo pou trete plent mwen an ?

Selon plent la ak rezilta pati ki pote plent la vle a, OWRC ka prezante plizyè opsyon. Ominimòm, OWRC ka tande enkyetid ou yo epi si ou prefere pa kontinye pouswiv afè a, OWRC ka senpleman etabli yon dosye sou afè a.

OWRC kapab fasilite rezolisyon enfòmèl tou. Sa ka gen ladan yon diskisyon tou kout, entèvansyon oswa èd sikolojik bò kote pati ki reponn lan. Si yo pran opsyon sa a, OWRC pral fè w konnen lè rezolisyon enfòmèl sa a te fèt, anjeneral alekri.

Opsyon final la sèke OWRC pral fè yon ankèt konplè (gade Kesyon 13 la).

7. Mwen gen enkyetid konsènan pwoteksyon idantite mwen atravè pwosesis sa a. Kisa OWRC ka fè pou ede avèk enkyetid sa a ?

Politik Tribinal Premye Enstans la pèmèt yon moun depoze yon plent anonim. Byenke sa a se yon opsyon, li ka prezante yon defi pou anplwaye OWRC yo fè yon bon jan ankèt. Nenpòt plent ki depoze yon fason anonim ta dwe detaye otank posib avèk enfòmasyon verifyab otank posib, tankou non temwen yo, dat, lè ak kote yo.

Altènativman, ou ka depoze yon plent nan OWRC, men mande anonimite. OWRC pral pwoteje idantite w otank posib pandan l ap jere pwosesis li a. Menm jan avèk kèk plent, sepandan, idantite yon moun ka fasil pou distenge pa  pati ki reponn nan ak / oswa lòt temwen sou baz detay ak nati plent la menm si non ou pa divilge.

An jeneral, OWRC fonksyone sou yon baz « bezwen konnen ». Konsa, yo ka pataje enfòmasyon limite avèk sèten moun espesifik ki bezwen konnen yo pou pèmèt Tribinal la kontinye fonksyone. Sa ede nou kenbe nati konfidansyèl pwosesis la, pwoteje entegrite ankèt la epi sipòte moun ki ka ezite pale.

Politik la entèdi tou vanjans. Kidonk, nenpòt anplwaye tribinal la ki fè vanjans kont yon pati ki pote plent oswa yon temwen pral sanksyone pa Tribinal Premye Enstans la.

8. Èske Biwo Dwa ak Konfòmite Espas Travay la se sèl opsyon mwen genyen pou pouswiv plent mwen an ?

Non. Itilizatè tribinal yo gen dwa pou yo depoze yon plent devan Komisyon Massachusetts kont Diskriminasyon an (MCAD) pandan y ap depoze l an menm tan devan OWRC. Komisyon pou Egalite Chans nan zafè Travay la (EEOC) se tou yon opsyon pou trete dosye ki gen rapò ak travay.

9. Èske mwen ka pote plent kont yon jij oswa yon grefye ?

Wi. Sepandan, akòz lwa ki prevwa sipèvizyon espesyal jij Tribinal Premye Enstans yo, grefye yo, rejis yo, ak achivis, Biwo Dwa ak Konfòmite Espas Travay la (OWRC) pral transmèt tout plent ki gen rapò ak diskriminasyon, asèlman, oswa vanjans pa youn nan fonksyonè sa yo bay Jij an Chèf Depatman an.

Jij Depatmantal an Chèf la responsab pou mennen ankèt sou yon plent kont yon jij (oswa li ka deziyen OWRC pou mennen ankèt nan non li), eksepte pou plent ki depoze devan Komisyon an sou Konduit Jidisyè. Pou plent kont grefye yo, Jij Depatmantal an Chèf la ka mennen ankèt, otorize OWRC mennen ankèt, oswa voye plent lan bay Komite Tribinal Premye Enstans la sou Responsablite Pwofesyonèl grefye Tribinal yo pou ankèt.

Pandan Pwosesis la

10. Mwen pa vle rankontre avèk anplwaye OWRC a tou sèl. Èske mwen ka mennen yon reprezantan ?

Wi. Sepandan, se responsablite w pou asire disponiblite reprezantan w la nan objektif premye rankont pou rekèy enfòmasyon an. Anplwaye OWRC yo ka fleksib si li nesesè pou amenaje plizyè orè. Anplis, yon reprezantan ka prezan pou bay konsiltasyon epi konseye w, sepandan, yo pa ta dwe atann yo pral reponn kesyon nan non ou.

11. Èske mwen ka anrejistre reyinyon an ?

Jeneralman, OWRC pa pèmèt anrejistre reyinyon yo pa mwayen odyo. Olye de sa, anplwaye OWRC yo pral pran nòt nan reyinyon an, epi ou ka pran nòt tou si ou chwazi sa. Yo ka fè amenajman pou moun ki gen enfimite.

12. E si mwen gen lòt enfòmasyon pou m rapòte apre premye entèvyou rekèy enfòmasyon mwen an ?

Si ou te bliye enfòmasyon ki enpòtan oswa nouvo enfòmasyon te vin nan atansyon ou, ou ta dwe notifye pwen kontak OWRC ou. Si sa nesesè, anplwaye OWRC yo ka pwograme entèvyou siplemantè pou rasanble enfòmasyon siplemantè ki enpòtan.

13. Kisa ki nan yon « ankèt konplè » ?

Pwosesis ankèt la tabli nan Politik la. Men yon apèsi rapid :

  1. Apre premye rankont pou rekèy enfòmasyon an fini, anplwaye OWRC yo pral kontakte epi entèvyouve temwen yo epi revize prèv dokimantè ki enpòtan yo, si yo disponib.
  2. OWRC pral avize pati ki reponn a akizasyon ki fèt kont yo, rankontre avèk yo epi bay yo yon opòtinite pou reponn akizasyon yo. Yo ka gen aksè tou a yon kopi plent ou a.
  3. OWRC pral pran tout enfòmasyon ki enpòtan yo, analize yo, epi ekri yon rapò ki dokimante etap ankèt li yo, konstatasyon fè yo ak rezilta ki gen rapò ak posib vyolasyon Politik la.
  4. OWRC pral pataje yon bouyon rapò li a avèk responsab ki apwopriye a nan Tribinal Premye Enstans la.
  5. Direktè OWRC a pral finalize rapò a apre konsiltasyon avèk responsab ki apwopriye a.
  6. Anketè OWRC a pral voye lèt detaye fèmen bay pati ki pote plent yo ak pati ki reponn yo pou enfòme yo sou konklizyon ankèt la. Lèt la dekri konstatasyon fè a ak konklizyon yo atenn yo. Pati yo pa resevwa rapò ankèt konplè a.

Apre Ankèt la

14. Plent mwen an te jistifye (oswa pa t jistifye) kisa sa vle di ?

Si OWRC jistifye reklamasyon w lan, sa vle di te gen ase prèv pou konkli ensidan an te gen plis chans pou l rive ke pou l pa rive epi konduit y ap ankete sou li a te vyole Politik Tribinal Premye Enstans la tabli kont diskriminasyon, asèlman ak vanjans.

Si OWRC pa jistifye reklamasyon w lan, sa ta ka pou plizyè rezon. Pa egzanp :

  • Pa te gen ase eleman pou pwouve fondman fè a pou reklamasyon an.
  • Yon ensidan ka te rive, men ensidan an pa ka gen rapò ak okenn kategori pwoteje.
  • Yon ensidan ka te rive, men te gen ase prèv pou montre aksyon yo ki te lakòz reklamasyon an te baze sou yon lojik lejitim, ki pa diskriminatwa.

OWRC pral asime plent yo depoze avèk bon entansyon. Si nou pa jistifye yon reklamasyon, sa pa pwouve yon moun te fè espre li depoze yon fo reklamasyon.

15. Si mwen pa dakò ak konklizyon ankèt la, èske mwen ka fè apèl ?

Pa gen okenn pwosesis apèl pou yon ankèt OWRC, epi konklizyon yo definitif. Lòt opsyon, tankou MCAD oswa EEOC, jan nou te deja di sa, ka disponib pou ou. (gade kesyon 9 la).

Contact

Last updated: May 14, 2026

Help Us Improve Mass.gov  with your feedback

Please do not include personal or contact information.
Feedback