Sèvis Pwobasyon Massachusetts

Inite Sèvis Viktim (ISV) Sèvis Pwobasyon Massachusetts la asire l ke viktim yo ak sivivan krim yo konnen dwa yo epi jwenn èd ke yo bezwen yo.

Unit Sèvis pou Viktim yo

ISV an pral reponn kesyon ou yo ak ede ou avèk :

  • Planifikasyon Sekirite
  • Referans pou resous
  • Entèvansyon Kriz
  • Ale nan tribinal
  • Kòdinasyon sèvis kominote yo

Konnen dwa w yo

Deklarasyon Dwa Viktim Massachusetts yo bay viktim yo ak sivivan krim yo yon wòl enpòtan nan sistem jistis kriminèl la.1

ISV a ede ak dwa ou yo nan:

  • Jwenn non ak enfòmasyon pou kontakte ofisye pwobasyon an ki se sipèvize moun ki sou pwobasyon an
  • Jwenn orè a pou pèman rèstitisyon yo
  • Konnen nenpòt ki chanjman nan yon lòd rèstitisyon
  • Pou yo ka tande w nan nenpòt odyans kote rèstitisyon an kapab chanje
  • Pale ak yon ofisye pwobasyon anvan ou ranpli yon rapò prezans

Kesyon yo poze souvan

Kisa pwobasyon ye?

Pwobasyon se yon santans ki òdone pa tribinal la. Pandan peryòd pwobasyon an, delenkan yo dwe swiv sèten règ ke yo rele kondisyon. Yo bay delenkan yo ofisye pwobasyon k ap verifye ke yo respekte òdonans tribinal la. Pandan peryòd pwobasyon yo, delenkan yo rele kriminèl ki sou pwobasyon.

Sa ki rive si kriminèl sou pwobasyon yo pa obeyi ak òdonans tribinal la?

Lè kriminèl ki sou pwobasyon yo pa obeyi ak òdonans tribinal la, ofisye pwobasyon pa yo a ka mete jij la okouran epi mande yon odyans nan tribinal la ki rele yon “Vyolasyon Pwosedi Pwobasyon”.

Kisa yon Vyolasyon Pwosedi Pwobasyon ye?

“Vyolasyon Pwosedi Pwobasyon” se odyans tribinal. Nan odyans yo, ofisye pwobasyon yo prezante prèv ki montre ke te gen yon Vyolasyon pwobasyon. Si jij la deside ke kriminèl ki sou pwobasyon yo te vyole pwobasyon an, answit yo kapab chanje règleman oswa kondisyon yo oswa bay lòd pou anprizonnman.

Si yon delenkan kondane nan prizon kòm yon rezilta yon Vyolasyon Pwosedi Pwobasyon, èske yo ka meme m okouran de liberasyon yo?

Wi. Kontakte Inite Sèvis Viktim lan. Nou pral ede w devni sètifye pou ka resevwa notifikasyon liberasyon.

Ki enfòmasyon mwen genyen sou kriminèl ki sou Pwobasyon an?

  • Kondisyon pwobasyon yo
  • Vyolasyon enpòtan pwobasyon an
  • Manda yo

Enfòmasyon pèsonèl konsènan kriminèl sou pwobasyon yo pa ka pataje.

Poukisa tribinal k ap sipèvize a diferan de tribinal kote kriminèl ki sou pwobasyon an te kondane a?

Sèvis Pwobasyon Massachusetts la sipèvize kriminèl ki sou pwobasyon yo anndan kominote kote y ap viv la. Si yon kriminèl ki sou pwobasyon deplase al viv nan yon lòt kominote, sipèvizyon yo kapab twansfere nan yon lòt tribinal epi yon lòt ofisye pwobasyon.

Èske y ap fè mwen konnen si kantite lajan rèstitisyon an chanje?

Wi, ofisye pwobasyon k ap sipèvize a oswa kòdonatè sèvis pou viktim yo pwal fè w konnen si pa genyen okenn chanjman. Kòm yon viktim krim, ou gen dwa pou di jij la sa ou panse sou nenpòt chanjman.

Kouman pou m resevwa pèman rèstitisyon yo?

Ou pral resevwa yon chèk ki soti nan Biwo Grefye tribinal la.

Resous nan tout Eta a

Sèvis Pwobasyon Massachusetts Inite Sèvis pou Viktim Yo
617-727-5300

Biwo Massachusetts pou Asistans Viktim Komisyon Konsèy Èd pou Viktim ak Temwen yo
617-586-1340

Depatman Konpansasyon ak Èd pou Viktim yo Biwo Pwokirè Jeneral la 
617-727-2200, ext. 2160

Depatman Sèvis Enfòmasyon Jistis Kriminèl (DSEJK) – Inite Sèvis pou Viktim
617-660-4690 or 617-660-4606 (TTY)

Depatman Sèvis Jèn yo (DSJ) Inite Sèvis pou Viktim
617-960-3290

Depatman Koreksyon Massachusetts (DOK) Inite Sèvis pou Viktim
978-369-3618 or toll free, 866-684-2846 or (866) 6VICTIM

Komisyon Liberasyon Kondisyonèl Massachusetts Inite Sèvis pou Viktim
508-650-4500

Komisyon Anrejistreman Delenkan Seksyèl (SORB) Inite Sèvis pou Viktim
978-740-6440 or toll free, 800-936-3426 or (800) 93MEGAN

Contact

1Pou yon lis konplè sou Deklarasyon Dwa Viktim yo, tanpri al gade M.G.L. Chapit 258B

Pwojè sa a te sipòte pa Biwo Massachusetts la pou Asistans Viktim a travè yon Sibvansyon Lwa sou Viktim nan Krim 1984 (LVNK) ki soti nan Biwo pou Viktim Krim yo, Biwo Pwogram Jistis yo, Depatman Jistis Etazini.

Help Us Improve Mass.gov  with your feedback

Please do not include personal or contact information.
Feedback