• This page, MassHealth e Health Connector Lis verifikasyon ki akseptab, is   offered by
  • MassHealth

MassHealth e Health Connector Lis verifikasyon ki akseptab

Prèv ki obligatwa

MassHealth e Health Connector gendwa egzije prèv pou sèten enfòmasyon pou aplikasyon e renouvèlman pou kouvèti medikal. Konnen tanpri : Lis sa a pa gen tout verifikasyon yo. Men, lis sa a dwe itilize kòm zouti pou ede fasilite pwosesis sa a pou moun k ap fè aplikasyon, pou manm, e pou moun k ap ede yo. Prezante prèv ka akselere pwosesis pou gen yon desizyon sou benefis. Pafwa, yon dokiman gendwa itilize pou plis pase yon demann enfòmasyon ki fèt.

Men yon lis dokiman ki pi plis aksepte :

Dokiman MassHealth emèt

  • Fòmilè pou renouvèlman (si w gen youn). Ou gendwa te resevwa l nan yon anvlòp ble.
  • Kopi avi pou demann enfòmasyon (RFI).
  • Katon idantifikasyon MassHealth.

Prèv adrès

  • Kopi bay oubyen kontra seksyon 8 ki montre dat e siyati kontra lokasyon an e kopi tou dènye peman lwaye a.
  • Zak notarye oubyen dènye relve kont ipotèk la.
  • Prèv sou enskripsyon timoun nan gadri, lekòl leta, oubyen lekòl prive ki montre adrès rezidansyèl aktyèl la.
  • Fakti pou sèvis piblik (kouran, gaz, egou, epi dlo) date sou dènye 60 jou yo. (Nou pa aksepte fakti kab, telefòn, kat kredi, kourye postal jeneral, oubyen fakti rekouvreman peman kòm prèv adrès.)
  • Relve pou abri piblik si sanzabri, si genyen.
  • Yon afidavi sou rezidans nan Massachusetts ki siyen epi date.

Nimewo sekirite sosyal (SSN)

  • Katon sekirite sosyal oubyen prèv aplikasyon ap trete pou yon SSN.
  • Relve sou benefis nan sekirite sosyal (dwe gen tout SSN la make sou relve a).
  • Lèt delapa biwo sekirite sosyal.
  • Fòmilè taks.

Revni pou tout moun nan kòkay la

  • De dènte chèk travay date sou dènye 60 jou yo.
  • Yon deklarasyon sou gen konpayi travay la siyen ki bay detay sou lè travay e peman brit (avèk kowòdone konpayi travay la, date sou dènye 60 jou yo, epi siyati konpayi travay la).
  • Atestasyon sou revni agrikòl
  • Deklarasyon sou revni federal fòmilè 1040, sa gen ladan tout chema, W2, 1099, e dokiman anèks.
    • Prèv pansyon oubyen rant.
    • Prèv gen sou kapital.
    • Prèv enterè epi / oubyen dividann.
  • Relve sou pwofi oubyen pèt kòm travayè endepandan avèk detay sou dat, frè, revni brit e nèt, oubyen fòmilè verifikasyon revni pou travay endepandan.
  • Prèv sou revni nan lokasyon, tèlke papye taks ou plen oubyen akò lokasyon avèk pyès ki sipòte sa.
  • Prèv revni nan chomaj tèlke relve DUA ki montre montan brit ki peye pa semèn oubyen fòmilè 1099 taks.
  • Prèv pou revni nan sekirite sosyal.
  • Afidavi pou verifye montan revni ki zewo
  • Prèv sou lòt revni ki pa ka verifye lòt jan

Tou dènye prèv sou estati nan imigrasyon oubyen sou sitwayènte

  • Paspò Etazini Damerik oubyen sètifika natiralizasyon.
  • Paspo peyi etranje (gendwa pa satisfè demann pou estati nan imigrasyon).
  • So I-551 tanporè (sou paspò oubyen I-94/I-94A).
  • Dosye sou arive oubyen depa (I-94/I-94A).
  • Anrejistreman arive e depa nan paspò etranje ki pa perime (I-94).
  • Kat rezidans pèmanan « grinkat » ( I-551).
  • Pèmi pou retounen (I-327).
  • Dokiman vwayaj refijye (I-571).
  • Viza imigran aparèy elektwonik ka li (avèk lang tanporè I-551).
  • Sètifika admisilite etidyan ki pa imigran (I-20).
  • Sètifika admisiblite pou estati vizitè annechanj (J-1) (DS-2019).
  • Dokiman otorizasyon pou travay (I-766).
  • Avi sou aksyon (I-797).
  • Sètifika Office of Refugee Resettlement (ORR) nan Depatman sante e sèvis sosyal (Department of Health and Human Services, HHS) Etazini Damerik.
  • Dokiman ki endike ekspilsyon sispann (oubyen ou p ap depòte).
  • Òdonans administratif pou sispann ekspilsyon depatman sekirite enteryè (Department of Homeland Security) emèt.
  • Dokiman ki endike ou manm yon tribi endyen Dèzamerik gouvènman federal la rekonèt oubyen yon endyen Dèzamerik ki fèt Kanada.
  • Lèt admisiblite Office of Refugee Resettlement (ORR) (si w pa ko alaj 18 an) oubyen dokiman avèk dat odyans pi devan.
  • Afidavi avoka imigrasyon ki konfime ou soumèt aplikasyon nan imigrasyon.
  • Katon rezidans samoa ameriken.
  • Dokiman imigrasyon ki ekspire (pa egzanp, pèmi pou travay oubyen viza).

Konnen tanpri : Si w pa gen dokiman, gen yon dokiman ki ekspire, oubyen ou gen yon lòt dokiman ki pa site nan dènye prèv sou estati nan imigrasyon oubyen estati sitwayènte, nou ankouraje w fè aplikasyon epi soumèt prèv ou gen aktyèlman. Anplwaye biwo admisiblite a ap revwa tout dokiman ki soumèt pou ka detèmine pi bon benefis ki disponib pou ou.

Pote tou (si posib) :

  • Lòt katon kouvèti medikal (Medicare oubyen asirans medikal prive).
    • Si w gen kouvèti medikal nan travay, konnen non plan ou an, nimewo kontra asirans ou an, e montan prim pa mwa ou a.
  • Enfòmasyon ki gendwa nouvo enfòmasyon oubyen ki gendwa chanje sou yon paran ki pa responsab yon timoun, tèlke fòmilè sou chanjman responsablite (tanporè oubyen pèmanan) ministè timoun e fanmi (Department of Children and Families, DCF).
  • Tout lòt dokiman, ki pa site anwo a, ou kwè gendwa itilize kòm prèv pou enfòmasyon ou founi avèk renouvèlman ou an oubyen aplikasyon ou an.
     

Pou manm MassHealth ki alaj 65 an oubyen ki pi gran

Ansanm avèk dokiman ki site pou adrès, revni, epi estati sitwayènte oubyen nan imigrasyon, bay tanpri :

Prèv pou aktif aktyèl

  • Relve bank, kanè, oubyen aktivite e montan kat debi peye alavans e ki date sou dènye 45 jou yo.
  • Imatrikilasyon veyikil oubyen tit veyikil.
  • Prèv pou tout revni brit aktyèl date sou dènye 45 jou yo, sa gen ladan retrèt, pansyon, enterè e dividann, rant, revni nan lokasyon, resi chèk travay, etc.
  • Relve polis asirans vi date sou dènye 45 jou e ki montre montan lajan e valè nominal la. Asirans vi ap bezwen yon relve ki presize polis tanporè oubyen kolektif.
  • Papye notarye e dènye relve ipotèk oubyen fakti taks imobilye (si genyen) pou tout imobilye ki pou ou oubyen an pati pou ou.
  • Resi vant, imatrikilasyon, oubyen tit kay mobil.
  • Kontra pou fineray deja peye, detay sou byen e sèvis, ak pou pasèl, e prèv peman.
  • Tout fidousi ototal, sa gen ladan anèks A oubyen lis aktif ki kenbe aktyèlman nan fidousi e an valè (siyen e date sou 45 jou).

Lòt asirans medikal

  • Katon asirans e fakti pou prim pou tout asirans medikal, dan, e vizyon.

Konnen tanpri : Amwenske gen yon chanjman nan sikonstans, sitwayènte e kote ou abite ap dwe pou verifye yon grenn lè.

Additional Resources

Èske w bezwen èd toujou?

Contact   for MassHealth e Health Connector Lis verifikasyon ki akseptab

Phone

Gen reprezantan disponib lendi pou vandredi ant 8 a.m. jouk 5 p.m. e gen sèvis entèprèt disponib.

Gen reprezantan disponib lendi pou vandredi ant 8 a.m. jouk 5 p.m. e gen sèvis entèprèt disponib.

Date published: April 17, 2024

Help Us Improve Mass.gov  with your feedback

Please do not include personal or contact information.
Feedback