• This page, Pwosedi MassHealth pou Depoze Plent poutèt Diskriminasyon, is   offered by
  • MassHealth

Pwosedi MassHealth pou Depoze Plent poutèt Diskriminasyon

Atik 1557 nan Affordable Care Act (ACA) la entèdi diskriminasyon nan pwogram ak nan aktivite swen sante ki resevwa lajan nan men gouvènman federal la.

Li ilegal pou MassHealth diskrimine kont ou oubyen trete w ak enjistis poutèt ras ou, koulè po w, peyi natifnatal ou a, laj ou, andikap ou, relijyon w, oryantasyon seksyèl ou, oubyen sèks ou (sa gen ladan l tou idantite jan ou, gwosès, akouchman, e pwoblèm medikal ki konsène).

Si w estime ou te trete enjisteman pou nenpòt nan rezon sa yo, ou gendwa depoze yon plent (ki rele tou yon griyèf). Li ilegal pou MassHealth pran reprezay kont tout moun ki fè rapò sou diskriminasyon, depoze yon plent, oubyen patisipe nan ankèt sou yon plent.

Table of Contents

Depoze yon plent bay MassHealth

MassHealth gen yon kowòdinatè konfòmite (Compliance Coordinator) ki pral ede w ak plent w ap depoze a.

Si w ta renmen depoze yon plent, se pou w fè sa nan yon delè 60 jou apre dat ou kwè tretman enjis la te rive.

Pou depoze yon plent:

  1. Ranpli Fòmilè MassHealth pou Depoze Plent pou Diskriminasyon an
  2. Voye pa lapòs, faks, oswa imèl fòmilè a bay kowòdinatè konfòmite a.

Lapòs :

Section 1557 Compliance Coordinator
1 Ashburton Place, 10th Floor
Boston, MA 02108

Faks : (617) 889-7862

Imèl : Section1557Coordinator@state.ma.us

  1. Si w bezwen èd, telefonnen kowòdinatè konfòmite a nan (617) 573-1704, TDD/TTY: 711.

Fòmilè MassHealth pou Depoze Plent pou Diskriminasyon

Kisa pou w atann

  • Kowòdinatè Konfòmite a pral mennen yon ankèt sou plent ou a. (Kowòdinatè konfòmite a ap sèlman pataje dosye w la ak moun ki dwe okouran sou zafè a.)
  • Kowòdinatè konfòmite a pral di w si gen lòt enfòmasyon ki nesesè pou fè ankèt la.

Kisa k ap rive apre ankèt la

  • Kowòdinatè konfòmite a pral voye ba ou yon desizyon alekri nan yon delè 60 jou apre l resevwa plent ou an.
  • Yon fòmilè pou apèl ap ansanm ak desizyon kowòdinatè konfòmite a.
  • Pou fè yon demann apèl, w ap gen pou w soumèt fòmilè pou apèl la bay sekretè adjwen MassHealth la nan yon delè 30 jou apre w resevwa desizyon kowòdinatè konfòmite a.

Tanpri, voye demann pou apèl ou a nan adrès sa a.

Assistant Secretary for MassHealth
1 Ashburton Place, 10th Floor
Boston, MA 02108

Faks : (617) 889-7862

Imèl : Section1557Coordinator@state.ma.us

  • Pou jwenn èd nan sa ki konsène yon apèl, telefonnen kowòdinatè konfòmite a nan 
    (617) 573-1704, TDD/TTY: 711.
  • Sekretè adjwen pou MassHealth la ap reponn ou sou 60 jou apre dat apèl ou a resevwa.

Lòt jan pou depoze yon plent

Depoze yon plent nan Depatman Sante ak Sèvis Sosyal Etazini, Biwo pou Dwa Sivil (HHS OCR) nan fason sa yo:

U.S. Department of Health and Human Services
200 Independence Avenue SW
Room 509F, HHH Building
Washington, DC 20201

Ou ka depoze yon plent tou nan tribinal.

Amenajman pou moun ki gen andikap ak èd lenguistik

  • Si w gen yon andikap oubyen si anglè pa lang manman w, MassHealth ka ede w.
  • Gen èd ak sèvis gratis ki disponib pou ede w byen kominike ak MassHealth. Gen pa egzanp entèprèt ki kalifye, materyèl nan fòma altènatif, ak yon anplasman sa okenn obstak pou pwosedi yo. Si w bezwen èd sa a, kontakte tanpri kowòdinatè konfòmite a.
  • Si w bezwen youn oubyen lòt nan dispozisyon sa yo, kontakte tanpri kowòdinatè konfòmite a nan

Jwenn plis enfòmasyon sou pwosesis plent lan

Kontakte kowòdinatè konfòmite a pou konn plis sou atik 1557 nan ACA a (42 U.S.C. 18116) ak règleman sou aplikasyon li yo nan 45 CFR part 92, Depatman Sante ak Sèvis Sosyal Etazini a pibliye. Ou ka li yo nan biwo kowòdinatè konfòmite atik 1557 la.

Date published: June 18, 2025

Help Us Improve Mass.gov  with your feedback

Please do not include personal or contact information.
Feedback