• This page, Enfòmasyon pou manm MassHealth ki ansent, is   offered by
  • MassHealth

Enfòmasyon pou manm MassHealth ki ansent

MassHealth la pou l ede w diran gwosès ou a e apre gwosès la.

Ou pa manm nan MassHealth?

Menmsi ou pa t ka gen MassHealth anvan, ou gendwa admisib alèkile poutèt ou ansent, kèlkeswa pozisyon ou gen nan imigrasyon. Ou gendwa gen kouvèti asirans MassHealth alèkile poutèt ou ansent oubyen te ansent dènyèman, e depi w satifè kondisyon MassHealth yo.

Ou ka jwenn plis enfòmasyon sou admisiblite ou a e kijan pou fè aplikasyon pou MassHealth isit. Ou ka sonnen n tou nan (800) 841-2900, TDD/TTY: 711.

Table of Contents

Lis pou verifye gwosès manm nan MassHealth

Kominike avèk MassHealth

Asire ou kite MassHealth konnen ou ansent. Ou gendwa jwenn benefis siplemantè, kèlkeswa pozisyon ou gen nan imigrasyon. Nou ka ba w plis enfòmasyon tou sou kouvèti ou a. Gen detwa jan ou ka kite n konnen :

Opsyon #1 : Sonnen sant sèvis kliyantèl MassHealth la nan nimewo (800) 841-2900, TDD/TTY : 711. Gen reprezantan disponib lendi pou vandredi ant 8 a.m. jouk 5 p.m. e gen sèvis entèprèt disponib.

Opsyon #2 : Mete estati gwosès ou a ajou nan pòtal pou manm

Opsyon #3 : Ale nan yon Sant enskripsyon MassHealth pre lakay ou oubyen pran yon randevou vityèl. Ou ka pran yon randevou tou nan mass.gov/masshealthappointment.

Si w bezwen èd pou w konprann kouvèti MassHealth ou a, kominike avèk My ombudsman. Gen soutyen gratis disponib nan plizyè lang.

Pwograme yon konsiltasyon pou swen prenatal

Ale wè yon founisè swen nan kòmansman yon gwosès trèzenpòtan pou oumenm e pou tibebe ou a byen pòtan. Doktè jeneralis k ap suiv ou a (primary care provider, PCP) oubyen plan medikal ou a ka ede w jwenn yon obstetrisyen oubyen jinekològ (OB/GYN), sajfam sètifye (certified nurse midwife, CNM), oubyen lòt founisè swen prenatal.

Note byen : Ou PA bezwen gen referans pou w jwenn swen medikal sou sa ki konsène gwosès tèlke vizit pou swen prenatal.

Sonnen (800) 841-2900, TDD/TTY : 711 pou w jwenn plis enfòmasyon sou plan MassHealth ou a.

Si w bezwen sèvis transpò, nou gendwa ede w ak sa. Ou gendwa jwenn transpò gratis pou randevou medikal ou yo e lòt sèvis MassHealth kouvri. Pale avèk founisè swen medikal ou a oubyen klike isit pou jwenn plis enfòmasyon.

Enskri nan Women, Infants & Children Nutrition Program (WIC)

WIC (pwogram nitrisyon pou fanm, tibeve e timoun) se yon pwogram nitrisyon pou fanmi nan Massachusetts ki admisib. WIC founi nouriti sen, fòmasyon sou nitrisyon, èd nan bay tete, e referans nan swen medikal e lòt sèvis ki gratis. Pifò manm MassHealth ki ansent kalifye pou WIC.

Pou enfòmasyon siplemantè e pou fè aplikasyon, klike isit.

Kominike avèk plan medikal MassHealth ou a. Yo gendwa di w si w ka jwenn benefis oubyen pwogram siplemantè.

Ou gendwa ka jwenn benefis oubyen pwogram siplemantè, tou depann sou plan MassHealth ou genyen an. Sa gen ladan chèz machin pou tibebe, fòmasyon sou kouch, èd nan lojman e nitrisyon, e jesyon swen. Sonnen (800) 841-2900, TDD/TTY : 711 pou w jwenn plis enfòmasyon sou plan MassHealth ou a.

Si w bezwen èd pou w konprann kouvèti MassHealth ou a, kominike avèk My ombudsman. Gen soutyen gratis disponib nan plizyè lang.

Sèvis MassHealth kouvri

MassHealth kouvri sèvis swen medikal nan gwosès, travay e kouch, e swen apre kouch pou jouk 12 mwa apre fen gwosès la. Sèvis ki kouvri pou manm ki ansent e après gwosès la gen ladan men se pa sèlman :

  • Swen prenatal pandan gwosès.
  • Swen apre kouch pou jouk 12 mwa apre fen gwosès la.
  • Swen pandan travay e kouch nan lopital e nan sant endepandan pou kouch.
  • Ponp pou lèt matènèl e sak pou konsève lèt matènèl (pale avèk doktè ou a oubyen plan medikal pou plase yon kòmann pou yo).
  • Konsèy sou planin familyal, kontrasepsyon e swen avòtman.
  • Swen medikal konpòtmantal, sa gen ladan tretman pou sante mantal e twoub nan itilizasyon sibstans.
  • Transpò gratis pou manm admisib ale nan randevou swen medikal.

Pou enfòmasyon siplemantè sou sèvis MassHealth kouvri klike isit.

Kouvèti MassHealth pou tibebe

Asire ou kite MassHealth konnen ou gen yon tibebe. Gen detwa jan ou ka fè sa :

Opsyon #1 : Mande lopital la ranpli yon fòmilè avètisman sou nesans (notice of birth, NOB). Ou ka mande founisè swen medikal ou a enfòmasyon sou pwosesis lopital la. Se pou w kominike avèk MassHealth pou asire tibebe w la te byen enskri avèk dat nesans e enfòmasyon san erè.

Opsyon #2 : Sonnen sant sèvis kliyantèl MassHealth la nan nimewo (800) 841-2900, TDD/TTY : 711. Gen reprezantan disponib lendi pou vandredi ant 8 a.m. jouk 5 p.m. e gen sèvis entèprèt disponib.

Opsyon #3 : Fè rapò sou chanjman nan pòtal pou manm

MassHealth ap kouvri tibebe w la pou omwen 12 mwa depi nan jou nesans li. Pou w chwazi yon pedyat pou tibebe w la e pou w enskri tibebe w la nan yon plan medikal, sonnen n nan nimewo (800) 841-2900, TDD/TTY : 711. Ou ka monte tou nan https://masshealthchoices.com/.

Resous pou sante mantal e twoub nan itilizasyon sibstans (sante konpòtmantal)

Èske w konnen 1 sou 7 fanm ansent e nouvo manman gendwa gen deprim oubyen anksyete? Se pa oumenm sèl, e w ap jwenn soutyen.

Pale avèk founisè swen medikal ou a sou lòt resous e soutyen pou twoub nan sante mantal e itilizasyon sibstans.

Founisè swen medikal gendwa kominike avèk MCPAP pou manman pou referans e konsiltasyon pou sante konpòtmantal.

Pwogram vizit lakay

Anpil pwogram vizit lakay nan sèten kominote ofri soutyen fasafas gratis bay fanmi. Chak pwogram diferan. Sa ki vin lakay ka ede mete ni oumenm ni fanmi w an kontak avèk sèvis e resous ou bezwen.

Depatman sante piblik nan Massachusetts la ofri plizyè pwogram vizit lakay gratis, volontè e konfidansyèl.

  • Early Intervention (entèvansyon bonè) se yon pwogram pou tibebe e tikatkat (depi nan nesans jouk alaj 3 an) ki gen reta nan devlopman oubyen ki nan risk pou yo gen reta nan devlopman.
  • Early Intervention Parenting Partnerships (EIPP) founi fanmi soutyen depi nan gwosès jouk nan premye anivèsè timoun lan.
  • FIRST (Families In Recovery SupporT) Steps Together founi èd revini e soutyen parantal pou moun ki ansent oubyen ki paran e ki enplike nan abi sibstans aktyèlman oubyen anvan e ki gen omwen yon timoun ki alaj 5 an oubyen ki pi piti. Li pa nesesè w pou abite avèk pitit ou yo. Sèvis yo founi pa yon pèsonèl omològ avèk fòmasyon espesyal ki paran nan konsèy sou èd revini e sante mantal.
  • F.O.R. Families (Follow-Up Outreach Referral) soutni fanmi k ap viv nan refij tanporè dijans depi yo sanzabri e jouk tan yo jwenn lojman pèmanan.
  • Healthy Families America founi fanmi ki premye fwa gen pitit depi nan gwosès la jouk nan twazyèm anivèsè timoun lan. Sa gen ladan fanmi ki paran premye fwa nan peyi Etazini Damerik.
  • Paran kòm pwofesè founi sèvis bay fanmi ki ansent e ki paran jouk nan finisyon jadendanfan. Gen san sèvis yo vizit lakay apa, gwoup sou parantaj, e koneksyon nan resous ki nesesè.
  • Welcome Family (Byenveni fanmi) ofri yon grenn vizit 90 minit lakay avèk yon enfimyè pou tout paran ki gen yon nouvone pou jouk nan 8 semèn apre nesans tibebe a.

Pwogram vizit gratis lakay The Children’s Trust Healthy Families soutni moun ki paran pou premye fwa e ki pa ko alaj 23 an.

Sèvis sosyal

Gen anpil resous disponib pou soutni moun e fanmi ki admisib nan zafè lojman, nitrisyon, asistans finansyè, e lòt bezwen, sa gen ladan tou :

  • Pwogram nitrisyon pou fanm, tibebe e timoun (Women, Infants & Children, WIC) se yon pwogram pou fanmi nan Massachusetts ki admisib. WIC founi nouriti sen, fòmasyon sou nitrisyon, èd nan bay tete, e referans nan swen medikal e lòt sèvis ki gratis. Pifò manm MassHealth ki ansent kalifye pou WIC. Pou enfòmasyon siplemantè e pou fè aplikasyon, klike isit.
  • Depatman asistans tranzisyonèl (Department of Transitional Assistance, DTA) ede e bay moun e fanmi pòv jarèt pou satisfè bezwen fondamantal yo, amelyore kalite lavi yo, e reyisi otosifizans ekonomik alontèm. DTA sèvi yon rezidan sou sèt nan Commonwealth la avèk yon èd ekonomik dirèk (benefis kach) e yon èd alimantè (benefis SNAP). Yo ede tou nan opòtinite pou fòmasyon nan mendèv. Pou enfòmasyon siplemantè e pou fè aplikasyon, klike isit.
  • Ou gendwa admisib pou èd nan lojman e nouriti e lòt resous tou dapre ki plan MassHealth ou genyen. Sonnen plan medikal ou a pou jwenn plis enfòmasyon. Ou ka sonnen n tou nan (800) 841-2900, TDD/TTY : 711 pou enfòmasyon sou plan ou genyen an. Si w bezwen plis èd pou w konprann kouvèti MassHealth ou a, kominike avèk My ombudsman. Gen soutyen gratis disponib nan plizyè lang.

Contact   for Enfòmasyon pou manm MassHealth ki ansent

Phone

Gen reprezantan disponib lendi pou vandredi ant 8 a.m. jouk 5 p.m. e gen sèvis entèprèt disponib.

Gen reprezantan disponib lendi pou vandredi ant 8 a.m. jouk 5 p.m. e gen sèvis entèprèt disponib.

Date published: September 11, 2023

Help Us Improve Mass.gov  with your feedback

Please do not include personal or contact information.
Feedback