Rapò Anyèl Konsèy Gouvènans pou Aksesibilite ak Ekite Nimerik pou Ane Fiskal 2025

Rapò anyèl sa a mete aksan sou bagay enpòtan Konsèy la rive akonpli epi li dekri evolisyon ak mizanplas pwogram aksesibilite nimerik Commonwealth la soti mwa jiyè 2025 rive mwa jen 2026.

Rezime Jeneral

Li enpòtan pou asire sèvis nimerik yo aksesib, enklizif, epi fasil pou itilize yon fason pou yo ekitab pou tout moun kapab itilize yo lè yo kreye oswa achte yo. Sa gen ladan l 26.5% moun nan Massachusetts ki di yo gen yon andikap ak moun ki pa gen Anglè kòm lan natifnatal yo ni ki pa lang yo pito pale a. Lè w kreye, achte, epi mete adispozisyon zouti ak kontni nimerik ki aksesib epi ekitab, sa pèmèt chak moun, san distenksyon, jwenn, itilize epi entèraji avèk enfòmasyon ak sèvis anliy Commonwealth la pwopoze yo. Nesesite pou rann bagay yo pi aksesib pou tout moun, alafwa pati prenant entèn ak ekstèn yo, baze sou fidbak itilizatè yo ak egzijans legal yo. Sa gen ladan l Dekrè 614, yo te siyen nan mwa jiyè 2023, ak desizyon finalize pou amande Tit 2 nan Lwa sou Ameriken ki gen Andikap pou antite Eta ak antite administrasyon lokal yo. Toude souliyen nesesite ki genyen pou yo bay sèvis nimerik ki aksesib, konplè, epi fasil pou itilize.

Depi lè yo te siyen Dekrè 614 la, yo mete Konsèy Gouvènans pou Aksesibilite ak Ekite Nimerik la sou pye pou li ka bay konsèy, fè sipèvizyon, epi defini oryantasyon ki nesesè pou elabore ak mete sou pye yon pwogram aksesibilite nimerik onivo Eta a epi kore jefò planifikasyon estratejik yo. Yo te nonmen twa (3) moun nan piblik la pou fè pati Konsèy la nan mwa jen 2024. Commonwealth la rekrite yon Responsab Aksesibilite Teknoloji Enfòmasyon (Chief Information Technology Accessibility Officer, CIAO) ki responsab pou dirije elaborasyon yon plan estratejik onivo Eta a. Epitou, li responsab pou l mete sou pye ak jere yon pwogram aksesibilite nimerik. CIAO a se prezidan Konsèy Gouvènans pou Aksesibilite ak Ekite Nimerik la. Se li menm ki te tanmen inisyativ ki gen pou wè ak chanjman politik, sansibilizasyon kominotè, fòmasyon sou aksesibilite ak rapò piblik pandan ane fiskal 2025 lan nan tèt kole avèk manm Konsèy yo ak lòt aktè yo. Epitou, CIAO a mete yon ekip sou pye ki rele Sant Aksesibilite pou Sèvis Konsiltasyon, Edikasyon ak Sipò (Accessibility Center for Consulting, Education and Support Services, ACCESS), anndan Biwo Egzekitif pou Sèvis ak Sekirite Teknoloji a (Executive Office of Technology Services and Security, EOTSS) pou pèmèt yo elabore ak aplike yon pwogram aksesibilite ak ekite nimerik pou Branch Egzekitif la. Biwo Egzekitif pou Administrasyon ak Finans, Biwo Egzekitif pou Enèji ak Afè Anviwònman, ak Biwo Egzekitif pou Sante ak Sèvis Sosyal rekrite kèk Responsab Aksesibilite Teknoloji Enfòmasyon nan Sèvis (Secretariat Information Technology Accessibility Officers, SIAO) pou yo pote lidèchip ak ekspètiz yo, fè pwogram yo avanse, epi elaji aksesibilite a anndan sèvis yo chak. Biwo Egzekitif pou Administrasyon ak Finans ak Depatman Transpò Massachusetts rekrite yo chak yon lòt Espesyalis nan zafè Aksesibilite pou ede SIAO a.

Apre fòmasyon ekip ACCESS la te fin elabore epi yo te fin bay li, sansibilizasyon ak edikasyon sou divès aspè nan aksesibilite a, tankou kreyasyon kontni nimerik, acha aplikasyon nimerik, ak fason moun ki gen andikap yo reyaji fas ak sèvis nimerik yo epi jan yo itilize yo, te vin ogmante. Chanjman ki fèt nan Politik Aksesibilite Nimerik Antrepriz la ap louvri chemen pou acha ak devlopman lojisyèl epi yo ap fè anplwaye yo egzijans pou yo antegre aksesibilite a nan travay yo ap fè. Chanjman ki fèt nan eleman konsepsyon yo pou kreye yon sistèm konsepsyon ki inifye ak aksesib ap bay baz ki nesesè pou devlope lojisyèl yo epi rann yo pi fasil pou anplwaye yo ak piblik la itilize.

Nan mwa oktòb 2024, CIAO a, avèk koutmen Konsèy la, te elabore yon plan estratejik pou aksesibilite ak ekite nimerik onivo Eta a. Plan sa a, ki genyen ladan l rekòmandasyon ki presi, bonjan mezi ak egzijans, ap sèvi kòm baz pou devlopman aksesibilite nimerik la. Genyen kèk SIAO ki deja kòmanse egzekite plan pa yo a epi genyen lòt ki pral elabore plan pa yo a nan tèt kole avèk ekip ACCESS la pou yo kadre avèk plan estratejik ki onivo Eta a.

Pou bay biwo egzekitif yo ak ajans yo plis sipò, yo te mete an plas yon nouvo kontra ITS82 onivo Eta a nan mwa jen 2025 pou ranplase kontra ITS61 an. ITS82 ap pèmèt antite piblik yo nan tout Commonwealth la rele founisè sèvis deyò pi fasil pou zafè aksesibilite nimerik.

Kontèks ak Kad Politik

Depi lontan Commonwealth la ap defann dwa moun ki gen andikap yo. Li te kòmanse avèk Atik 114 nan Konstitisyon Massachusetts la, ki di yo pa dwe anpeche okenn moun ki gen yon andikap, men ki kalifye, patisipe nan yon pwogram oswa aktivite anndan Commonwealth la, yo pa dwe refize bay moun sa a avantaj ki vini avèk pwogram nan oswa aktivite a ni li pa dwe sibi okenn diskriminasyon poutèt andikap la. Commonwealth la chita sou prensip sa a pou li adopte lwa ak dekrè ki vini annapre yo:

  • Chapit 93, seksyon 103: Egalite dwa “kèlkeswa andikap oswa laj la”
  • Chapit 151B: Diskriminasyon nan zafè travay ak lojman, elatriye, se yon bagay ki ilegal
  • Chapit 272, seksyon 98: Diskriminasyon nan espas piblik yo
  • Dekrè Nimewo 348: Li mete an plas politik Eta a pou pèmèt moun aje ki gen andikap yo gen aksè nan ekipman elektwonik ak teknoloji enfòmasyon – Dekrè 614 la anile l epi pran plas li.
  • Dekrè Nimewo 559: Li kreye Biwo pou Aksè ak Opòtinite anndan Biwo Gouvènè a.
  • Dekrè Nimewo 526: Konsènan Zewo-Diskriminasyon, Divèsite, Egalite Chans, ak Aksyon Pozitif – Dekrè 592 la anile l epi pran plas li.
  • Dekrè Nimewo 592: Li asire yo prezève zafè zewo-diskriminasyon an, divèsite a, ak egalite chans lan epi yo konsidere yo nan espas travay yo, pwogram yo, sèvis yo, politik yo, aktivite yo, desizyon yo, ak kontra yo nan Eta a.
  • Dekrè Nimewo 614: Li kreye Konsèy Gouvènans pou Aksesibilite ak Ekite Nimerik la. Antanke biwo ki te responsab pou sipèvize konfòmite nimerik pou Depatman Egzekitif la, EOTSS defini nòm pou ajans Commonwealth yo pou li asire li resous nimerik Depatman Egzekitif la reponn ak egzijans sa yo. Gade, M.G.L. c. 7D, §3 (li mete responsablite sou do EOTSS ak sekretè li an pou l voye je sou tout aktivite ki konsène teknoloji enfòmasyon ajans yo nan Eta a).
  • Tit 1 ak 2 nan Lwa pou Ameriken ki gen Andikap yo (Americans with Disabilities Act, ADA) entèdi diskriminasyon kont anplwaye ki gen andikap yo epi mande pou gouvènman Eta yo rann pwogram ak sèvis yo, san wete sèvis nimerik yo, aksesib pou moun ki gen andikap yo. Nan mwa avril 2024, Depatman Jistis Ameriken an te apwouve yon desizyon final pou antite piblik yo fè sèvis nimerik yo ap ofri yo vin kadre avèk WCAG 2.1, nòm konfòmite nivo AA, ki se nòm teknik nan Politik Aksesibilite Teknoloji Enfòmasyon pou Antrepriz EOTSS te defini.

Gen lòt lwa federal tou ki entèdi diskriminasyon kont ki gen andikap yo, tankou:

  • Seksyon 504 nan Lwa sou Reyabilitasyon an, 42 U.S.C. §2000d ak règleman aplikasyon li yo, ki entèdi pwogram federal yo ak pwogram gouvènman federal la finanse yo fè diskriminasyon.
  • Seksyon 508 nan Lwa sou Reyabilitasyon ane 1973, 29 U.S.C. §794d. Konsèy Konfòmite pou Nòm nan zafè Achitekti ak Transpò (Konsèy Aksè) pibliye nòm teknoloji enfòmasyon ak kominikasyon (information and communication technology, ICT) pou Seksyon 508 la. Seksyon 508 la sèlman gen pou wè ak ajans federal yo, men nòm nou yo kadre avèk règleman Seksyon 508 yo. Mete sou sa, gen kèk sibvansyon federal ki mande pou respekte nòm Seksyon 508 yo.
  • Seksyon 255 nan Lwa sou Kominikasyon ane 1934 la, jan Lwa sou Telekominikasyon ane 1996 la amande li. Li mande pou founisè sèvis telekominikasyon yo ak fabrikan ekipman yo asire yo sèvis ak ekipman yo a aksesib pou moun ki gen andikap yo. Sa gen ladan l founisè sèvis Vwa sou Pwotokòl Entènèt (Voice over Internet Protocol, VoIP) ki konekte youn ak lòt yo ak fabrikan ekipman yo. Responsablite Depatman Egzekitif la se asire li founisè byen ak sèvis telekominikasyon yo respekte nòm yo. Pami lòt lwa ki gen pou wè ak aksesibilite kontni videyo ak kominikasyon, genyen sa ki vini annapre yo:
    • Direktiv Aksesibilite ki prevwa nan Seksyon 255 nan Lwa sou Telekominikasyon an
    • Gid Konsomatè sou Aksè nan Telekominikasyon pou Moun ki gen Andikap yo
  • Sant Enfòmasyon FCC, yo kreye nan kad Lwa sou Kominikasyon ak Aksesibilite Kontni Videyo (Communications and Video Accessibility Act, CVAA) nan 21yèm Syèk la, bay enfòmasyon sou pwodui telekominikasyon konsomatè yo
  • Lwa Ede Amerika Vote egzije pou sèvis ak aktivite ki gen rapò ak eleksyon yo aksesib; gade enstriksyon sou aksesibilite Vòt
  • Lwa sou Edikasyon pou Moun ki gen Andikap (Individuals with Disabilities Education Act, IDEA) prevwa yon "edikasyon piblik apwopriye ki gratis" pou tout timoun ki gen andikap soti nan lekòl matènèl rive nan lekòl segondè
  • Seksyon 1557 nan Lwa sou Swen Abòdab(Affordable Care Act, ACA) egzije pou pwogram ak sèvis sante yo rann teknoloji yo aksesib pou tout moun

Konsèy Gouvènans pou Aksesibilite ak Ekite Nimerik

Apèsi

Nan okazyon 33yèm anivèsè Lwa pou Ameriken ki gen Andikap yo, Gouvènè Healey te siyen Dekrè 614 ki kreye yon nouvo Konsèy Gouvènans pou Aksesibilite ak Ekite Nimerik.

Objektif Konsèy la se ranfòse ak fè pwomosyon aksesibilite ak ekite nimerik anndan Commonwealth la. Konsèy la konseye Sekretè EOTSS la ak CIAO w la sou tout aspè nan aksesibilite ak ekite nimerik la, tankou:

  1. Mizanplas, adopsyon, ak konsèvasyon nòm, direktiv, ak politik nan zafè aksesibilite ak ekite nimerik;
  2. Devlopman estrateji ak platfòm pou ankouraje pi bon pratik pou aksesibilite ak ekite nimerik;
  3. Elaborasyon politik nan zafè pasasyon mache, nòm kontraktyèl, ak lòt dokiman ki an rapò ak yo pou fè pwomosyon pou aksesibilite ak ekite nimerik, nan chita pale avèk lòt biwo branch egzekitif yo ak ajans yo; epi
  4. Konsiderasyon posiblite finansman gouvènman federal la pou priyorite nan zafè aksesibilite ak ekite nimerik.

Mete sou sa, Konsèy la responsab pou li fikse bi ak objektif ki klè pou kore misyon li epi detèmine sou ki domèn li ta dwe konsantre jefò li yo.

Konpozisyon Konsèy la

Se CIAO a ki prezidan Konsèy la. Konsèy la genyen ladan reprezantan ki soti nan chak Biwo Egzekitif, Biwo Gouvènè a pou Aksè ak Opòtinite, Komisyon Massachusetts pou Moun ki Soud ak Moun ki Tande Di, Komisyon Massachusetts pou Moun ki Avèg, ak Biwo Massachusetts pou Andikap. Konsèy la gen ladan li tou twa (3) moun nan piblik la yo nonmen.

Aktivite Konsèy la Fè pou Ane Fiskal 2025 lan

Pou kore misyon Konsèy la, li te kreye plizyè gwoup travay pou fè aktivite yo pou devlope ak modifye politik yo, egzijans yo ak plan yo pou sèvi kòm baz pou pwogram aksesibilite nimerik la. Objektif ak aktivite gwoup travay sa yo te baze sou premye evalyasyon aksesibilite Depatman Egzekitif la CIAO a te fè pandan Ane Fiskal 2024 la. Yo te idantifye chanjman politik, fòmasyon sou aksesibilite, rapò piblik, ak sansibilizasyon kominotè tankou inisyativ estratejik ki kadre avèk Dekrè 614 la, pandan yo te pèmèt anplwaye nan Commonwealth la genyen konesans, konprann egzijans yo epi pran responsablite yo pou entegre aksesibilite a nan aktivite pwofesyonèl yo ap fè chak jou. Genyen plis detay sou bagay lòt gwoup travay yo reyalize nan seksyon ki vini annapre a.

Aktivite Gwoup k ap Travay sou Chanjman Politik la Fè

Gwoup k ap Travay sou Chanjman Politik la te fè rekòmandasyon pou kreye yon anviwònman nimerik ki aksesib, itil, ak enklizif pou tout anplwaye ak rezidan Commonwealth nan Massachusetts ka patisipe nan pwogram, sèvis, ak aktivite yo. Men prensipal objektif ak bi gwoup travay sa a:

Objektif

Ogmante ekite nimerik gras ak itilizasyon politik ak nòm enklizif pou Depatman Egzekitif la ak plis ankò.

Bi
  1. Pase Men nan Politik Aksesibilite Nimerik Antrepriz la.
  2. Redije dokiman ki gen pou wè ak politik la epi defini egzijans pou resous nimerik Depatman Egzekitif Commonwealth la devlope ak achte.
  3. Mete an plas yon pwosesis pou evite politik la epi planifye fason pou diminye risk li pote yo.
  4. Redije yon Deklarasyon sou Aksesibilite ki ajou pou Mass.gov ak lòt aplikasyon yo.
1ye imaj: Politik Aksesibilite Nimerik Antrepriz la ak Dokiman ki Gen Pou Wè ak li
Lejann ki vini annapre a dekri 1ye imaj la. Li montre fason Politik Aksesibilite Teknoloji Enfòmasyon Antrepriz yo makonnen eleman aksesibilite yo ansanm.
1ye imaj la montre Politik Aksesibilite Nimerik la se nannan dokiman ki vini annapre yo, e dokiman sa yo gen pou wè ak li: Fòmasyon sou Aksesibilite, Nòm Konsepsyon, Devlopman, Dokiman ak Kominikasyon Elektwonik, Tès Aksesibilite, acha materyèl ak sèvis enfòmatik ki aksesib, Modèl Plan Diminisyon Risk ak Dega, Deklarasyon Aksesibilite pou Mass.gov, ak Fòm Demann Eksepsyon.

Gwoup k ap Travay sou Chanjman Politik la te egzamine ak revize Politik Aksesibilite Nimerik Antrepriz la ak dokiman ki gen pou wè ak li yo. Se nouvo règleman nan zafè aksesibilite pou sitwèb ak aplikasyon mobil ki prevwa nan Tit 2 nan Lwa pou Ameriken ki gen Andikap yo, 42 USC § 12131 et seq. ak responsablite pèmanan Commonwealth la genyen pou li asire l tout moun genyen menm aksè nan sèvis ak enfòmasyon gouvènman an ki te an pati fè yo fè travay sa a. Men sa yo te fè pou yo te pase men nan Politik Aksesibilite Nimerik ki la deja a:

  1. Yo te fè yon lis polititik aksesibilite teknoloji enfòmasyon ki egziste nan tout Depatman Egzekitif la.
  2. Yo te egzamine Politik Aksesibilite Nimerik Antrepriz ki la deja a epi yo te rekòmande fè chanjman nan fason yo aplike l, konpetans yo, responsablite yo, nòm yo, konfòmite, plan diminisyon risk ak dega, eksepsyon nan règleman yo, ak lòt egzijans ki gen pou wè ak pwosedi.
  3. Yo te egzamine epi amelyore premye vèsyon politik ki revize a ak vèsyon ki te vini annapre yo.
  4. Yo te pataje politik ki revize a pou aktè EOTSS yo, ki gen ladan yo ekip jiridik ak ekip ki responsab kontra yo, egzamine epi di sa yo panse.
  5. Yo te elabore premye vèsyon yo nan yon modèl Plan Diminisyon Risk ak Dega, Fòm Demann Eksepsyon, ak yon Deklarasyon sou Aksesibilite pou Mass.gov.
  6. Yo te prezante Politik Aksesibilite Nimerik Antrepriz la bay Konsèy Gouvènans pou Aksesibilite ak Ekite Nimerik pou l egzamine l nan mwa jen 2025.

Men sa Gwoup k ap Travay sou Chanjman Politik la prevwa fè pandan Ane Fiskal 
2026 la:

  1. Pibliye Politik Aksesibilite Nimerik Antrepriz ki revize a sou Mass.gov.
  2. Pibliye Deklarasyon sou Aksesibilite ki revize a sou Mass.gov.
  3. Reponn ak tout egzijans ki gen pou wè ak politik yo epi pibliye yo.
  4. Kolabore avèk ekip Jesyon Risk Antrepriz EOTSS yo ak ekip Gouvènans Nimerik la pou mete an plas pwotokòl suivi aplikasyon politik yo ak endikatè suivi yo.

Aktivite Gwoup k ap Travay sou Plan Fòmasyon sou Aksesibilite a Fè

Yo te kreye Gwoup k ap Travay sou Plan Fòmasyon sou Aksesibilite a pou li te ka elabore yon plan pou l entegre fòmasyon sou aksesibilite nimerik la nan fòmasyon anyèl ki obligatwa yo ak egzijans espesifik nan zafè fòmasyon. Epitou, gwoup sa a bay pwendvi li epi li patisipe nan fòmasyon ekip ACCESS la òganize yo. Daprè Dekrè 614 la, men prensipal objektif ak bi gwoup travay sa a:

Objektif

Li fè fòmasyon sou aksesibilite pou l ede anplwaye Commonwealth yo konprann aksesibilite nimerik la, ansanm avèk egzijans nan zafè aksesibilite ki lye ak pòs yo a.

Bi
  1. Elabore yon plan pou entegre fòmasyon sou aksesibilite nimerik la nan fòmasyon anyèl ki obligatwa yo pou pèmèt anplwaye Depatman Egzekitif yo aprann baz aksesibilite nimerik la.
  2. Idantifye epi elabore yon plan pou dirijan yo, kad yo ak ekip yo benefisye fòmasyon sou aksesibilite ki adapte ak pòs yo a pou fè yo konnen resous ak egzijans yo pou yo ka entegre yo nan travay yo ap fè chak jou.

Gwoup sa a kreye yon plan fòmasyon nan tèt kole avèk Biwo Massachusetts pou Andikap (Massachusetts Office on Disability, MOD) ak Sèvis Resous Imèn nan (Human Resources Division, HRD). HRD egzamine plan fòmasyon an. Li gen ladan l yon kou sou baz aksesibilite nimerik la ansanm avèk modil fòmasyon ki adapte ak chak pòs.

Yo ap entegre kou sou Prensipal Fondamantal Aksesibilite Nimerik la nan modil yo pou fòmasyon ki obligatwa pou Ane Fiskal 2026 la. Yo prevwa l ap genyen plizyè modil fòmasyon ki adapte ak chak pòs atravè platfòm MassAchieve la epi manadajè yo, direksyon Sekretarya a ak SIAO yo ap suiv yo.

Aktivite Gwoup k ap Travay sou Rapò Piblik la Fè

Daprè Dekrè 614 la, Gwoup k ap Travay sou Rapò Piblik la te gen responsablite pou li elabore yon plan ki vize mete an plas yon tablodbò piblik. Tablodbò sa a ap suiv pwogrè ki fèt pou devlopman pwogram aksesibilite nimerik la epi l ap pataje enfòmasyon sou lòt endikatè ki depase dimansyon modèl devlopman li chwazi yo epi ki aliyen avèk plan estratejik aksesibilite a. Men prensipal objektif gwoup travay sa a ak bi ki vini avèk li:

Objektif

Ranfòse responsablite ak transparans atravè itilizasyon rapò piblik pou idantifye tandans yo, bezwen yo, ak opòtinite pou kwasans epi montre gen devlopman.

Bi 
  1. Egzamine modèl devlopman aksesibilite nimerik ki an plas yo: Konprann modèl la ak dimansyon kle yo epi detèmine endikatè ki vini avèk modèl yo.
  2. Seleksyon platfòm rapò: Egzamine platfòm rapò ki la deja yo pou detèmine si yo apwopriye, pri yo ak jefò yo mande, epi jwenn yon akò pou chwazi youn.
  3. Pale avèk piblik la sou endikatè ki enpòtan pou li yo: Chita pale avèk moun ki konsène yo pou egzamine endikatè yo epi detèmine si yo enpòtan oswa si genyen lòt endikatè li ta dwe ajoute.

Gwoup k ap Travay sou Rapò Piblik la te gen responsablite pou fè rechèch sou modèl devlopman yo epi evalye yo pou l chwazi modèl ki pi byen raponn ak bezwen Commonwealth la genyen nan zafè rapò. Apre l fin egzamine plizyè modèl yo itilize nan sektè a, li te deside itilize yon modèl sèvis ransèyman gouvènman federal la ap itilize kounye a. Modèl sa a fleksib anpil. Li gen ladan l senk (5) nivo devlopman ak kritè pou respekte pou resevwa yon nòt ki soti nan youn (nivo inisyal) rive nan senk (nivo optimal). Gras ak dimansyon ki soti nan modèl devlopman aksesibilite gouvènman federal la, Gwoup la fè yon lis ki gen 10 endikatè aksesibilite ak ekite nimerik moun kapab suiv pou idantifye tandans yo, bezwen yo, opòtinite yo, ak nivo devlopman an.

Aktivite Gwoup k ap Travay sou Sansibilizasyon Kominotè a Fè

Li enpòtan anpil pou kolabore avèk moun ki konsène yo pou idantifye bezwen yo ak kote ki mande amelyorasyon yo pou devlope yon pwogram aksesibilite epi rann resous nimerik yo aksesib pou plis moun. Yo te kreye Gwoup k ap Travay sou Sansibilizasyon Kominotè a pou l te mete mwayen an plas pou yo ka kominike epi entèraji avèk anplwaye Commonwealth yo ak piblik la. Men objektif gwoup travay sa a ak bi ki vini avèk li:

Objektif

Enplike aktè kominotè yo pou konnen sa yo panse epi amelyore aksesibilite a nan tout kanal nimerik yo.

Bi
  1. Kreye yon sistèm seyans kòmantè ki fleksib ki rasanble anplwaye anndan yo ak piblik la pou pran kòmantè an tan reyèl sou eksperyans yo fè ki lye ak administrasyon nimerik la.
  2. Kreye yon modèl fòm fleksib pou pran kòmantè sou pwoblèm aksesibilite resous nimerik espesifik yo epi sijesyon ak rekòmandasyon jeneral pou pwogram aksesibilite nimerik la.

Te gen gwo pwogrè ki te fèt pandan Ane Fiskal 2025 lan, tankou rekritman aktè pou kreye gwoup patisipan ki gen ladan l anplwaye ak piblik la. Gwoup sa yo ap enpòtan anpil lè yo di sa yo panse sou aksesibilite sèvis nimerik gouvènman an, patisipe nan aktivite rechèch yo epi ede nan teste pwodui nimerik yo anvan yo mete yo an sèvis. Yo te teste premye seyans kòmantè avèk anplwaye anndan yo nan mwa me 2025 lan. Y ap itilize kòmantè yo te fè pandan seyans sa a pou wè si resous ak zouti nimerik yo itilize anndan yo aksesib. Yo prevwa fè lòt seyans kòmantè avèk piblik la melanje ak anplwaye anndan yo pandan Ane Fiskal 2026 la. Epitou, gwoup travay sa a kreye yon fòm opinyon pou li bay yon lòt mwayen pou fè kòmantè espesifik sou zafè aksesibilite pou resous nimerik yo epi fè rekòmandasyon ak sijesyon pou fè pwogram aksesibilite a avanse.

Plan Estratejik

Yo te kòmanse travay sou yon plan estratejik nan mwa mas 2024 la pou idantifye objektif, estrateji, ak mezi yo dwe pran pou finalize plan an. Soti mwa jiyè rive mwa out, manm Konsèy yo te patisipe nan faz rechèch la pou yo ranmase enfòmasyon sou aksesibilite nimerik nan tout Depatman Egzekitif la pou pèmèt yo defini objektif ak estrateji. Konsèy la te egzamine dènye vèsyon plan estratejik pou aksesibilite nimerik la nan mwa septanm pou l te fè kòmantè. Nava, prensipal konpayi ki responsab elaborasyon plan an te rankontre avèk Konsèy la mwa oktòb pou l te konnen sa yo te panse de plan an. Yo te kolekte rezilta rechèch la ak kòmantè Konsèy la, egzamine yo, epi entegre yo nan plan final la yo te prezante nan mwa novanm.

Objektif ak Bi Konsèy la pou Ane Fiskal 2026 lan

Konsèy la ap travay pou l defini objektif li yo pou Ane Fiskal 2026 la. Men sou ki sa travay Konsèy la konsantre:

  1. Finalize epi pibliye Politik Aksesibilite Nimerik Antrepriz la, chanjman nan pwogram acha materyèl oswa sèvis enfòmatik la, ansanm ak egzijans ki lye ak acha epi devlopman solisyon enfòmatik yo.
  2. Finalize epi pibliye Deklarasyon Aksesibilite ki ajou a sou platfòm Mass.gov nan ak fòm ki vini avèk li a pou kolekte kòmantè piblik la.
  3. Òganize seyans kòmantè avèk anplwaye anndan yo ak piblik la pou pi byen konnen eksperyans nimerik yo fè epi etann seyans sa yo nan tout Sekretarya yo.
  4. Finalize plan pou premye vèsyon tablodbò rapò piblik la pou prezante nivo devlopman aksesibilite a ak evolisyon l ofiyamezi tan ap pase.
  5. Idantifye epi antre an kontak avèk òganizasyon lokal, òganizasyon Eta ak òganizasyon nasyonal ki kore aksesibilite nimerik la ak moun ki gen andikap yo pou tabli relasyon pèmanan epi kreye opòtinite patenarya.
  6. Kolabore avèk lekòl K-12 yo, etablisman ansèyman siperyè yo, ak minisipalite yo pou ranfòse angajman Konsèy la, amelyore reprezantasyon li epi miltipliye opòtinite patenarya yo.
  7. Kreye yon plan rechèch ki gen objektif ki asosye ak li pou prepare pou Tit 2 nan Lwa pou Ameriken ki gen Andikap yo.
  8. Egzamine Manman Lwa Konsèy la epi chwazi moun nan piblik la ki pou ladan l soti 2026 pou rive 2028.

Konsèy la ap defini misyon ak objektif ki klè nan domèn sa yo. Ansanm avèk Plan Estratejik pou Aksesibilite ak Ekite Nimerik la, domèn sa yo ap ede reyalize pwogrè reyèl epi fè avanse misyon Konsèy la nan yon fason ki pratik.

Aplikasyon Dekrè 614 la

Moun ki Responsab Aksesibilite Teknoloji Enfòmasyon nan Sekretarya a

Moun ki Responsab Aksesibilite Teknoloji Enfòmasyon nan Sekretarya yo enpòtan anpil paske yo asire gen lidèchip ak reprezantasyon ki makonnen ak ekspètiz, enfliyans, ak otorite anndan chak Sekretarya. Yo se potomitan gouvènans ofisyèl la ak estrikti pwogram aksesibilite ak ekite nimerik Commonwealth la. Jiskaprezan, Biwo Egzekitif pou Administrasyon ak Finans, Biwo Egzekitif pou Enèji ak Afè Anviwònman, ak Biwo Egzekitif pou Sante ak Sèvis Sosyal pran rekrite SIAO yo.

EOTSS prevwa rekrite kat (4) lòt Responsab Aksesibilite pou dirije rès 6 Sekretarya yo. Pwosesis rekritman an ap vanse. Biwo Egzekitif pou Edikasyon ak Biwo Egzekitif pou Travay ak Devlopman Mendèv ap genyen yo chak pwòp SIAO pa yo. Pou asire tout Sekretarya yo gen bonjan pwoteksyon, yo te deside pou Biwo Egzekitif pou Devlopman Ekonomik la ak Biwo Egzekitif pou Lojman ak Kominote Vivab yo genyen yon sèl SIAO ki jere toude Sekretarya yo poutèt yo te fè yonsèl oparavan. Yo deside fè yon fizyon menm jan an tou pou Biwo Egzekitif pou Sekirite Piblik ak Biwo Egzekitif pou Sèvis Veteran yo poutèt gwosè yo epi paske yo gen sèvis k ap sèvi militè. Depatman Transpò Massachusetts prevwa mete Chèf Aksesibilite li genyen kounye a nan pòs SIAO 
pi devan.

EOTSS prevwa konsève kat (4) SIAO yo jiskaske yo kapab vin gen yon Sekretarya. Sekretarya yo kapab chwazi retire moun Responsab ki nan pòs EOTSS oswa yo kapab pibliye yon avi pou di pòs la vid. SIAO sa yo ap rann kont bay CIAO a, ki li menm ap rann kont yon fason endirèk bay Responsab Anchèf Enfòmasyon Sekretarya a oswa moun li deziyen an. Avèk sipò Konsèy la, ekip ACCESS la nan EOTSS, ak SIAO yo, Sekretarya yo kapab kòmanse travay toutbonvre pou yo elabore epi egzekite yon plan aksyon pou aksesibilite nimerik.

Ekip ACCESS nan EOTSS

Pou bay Sekretarya yo sipò pèmanan, yo fòme yon ekip aksesibilite santral anndan EOTSS, ki rele Sant Aksesibilite pou Konsiltasyon, Edikasyon, ak Sèvis oswa ACCESS. Se CIAO a ki dirije ekip la epi li gen ladan l sis (6) anplwaye. Li rekrite kat (4) moun ane sa a. Yon Enjenyè Aksesibilite konsantre l sou zafè devlopman lojisyèl kote li tou teste yo. Li fè odit debaz yo pou l montre ekip devlopman anndan yo pi bon fason pou yo kòde ak fason pou yo rezoud pwoblèm aksesibilite yo. Yon Kowòdonatè Fòmasyon sou Aksesibilite konsantre l sou elaborasyon yon pwogram fòmasyon sou aksesibilite pou l konplete epi apwofondi fòmasyon sou aksesibilite ki obligatwa pou tout anplwaye Commonwealth yo. Yo rekrite yon Kowòdonatè ki responsab Aksesibilite Dokiman ak Kominikasyon pou bay ekspètiz li sou fason pou elabore dokiman, imèl, bilten enfòmasyon ak piblikasyon sou rezo sosyal ki aksesib epi analize zouti ki pou ede fasilite kontwòl ak koreksyon dokiman ak kominikasyon yo. Yo rekrite yon Responsab Estrateji Aksesibilite nan zafè Pasasyon Mache ak Politik pou entegre aksesibilite nan chak etap pasasyon mache a ak jesyon kontra pou l bay sipò ak konsèy nan kad acha solisyon enfòmatik yo.

Ekip la prevwa grandi ofiyamezi yo ap idantifye bezwen yo epi ofiyamezi yo ap chanje. Travay planifikasyon estratejik yo ak pwochen egzijans nan zafè pwogram yo ap di si gen nesesite pou kreye nouvo pòs nan ekip ACCESS la epi dirèkteman anndan Sekretarya yo pou kore SIAO yo. Gen travay k ap fèt pou planifye aktivite nan EOTSS la epi yo idantifye pòs imedya ak alontèm pou okipe fonksyon ki enpòtan epi yo entegre yo nan plan pou pwochen opòtinite kwasans yo.

Travay ki Gen pou Wè ak Plan Estratejik

Dekrè 614 la egzije elaborasyon yon Plan Estratejik pou Aksesibilite ak Ekite Nimerik onivo Eta a. Plan sa a ap sèvi kòm baz pou yon pwogram onivo Eta a CIAO a dirije epi l ap ede chak Sekretarya elabore pwòp plan yo. Pou kòmanse travay planifikasyon an, yo te idantifye fim ki bay konsiltasyon nan domèn aksesibilite pou ede nan pwosesis elaborasyon plan an epi sèvi kòm patnè pou ede kreye pwosesis aksesibilite yo, pwosedi yo, endikatè pèfòmans kle yo, bi ak objektif pwogram yo epi idantifye ak chwazi yon kad pou modèl devlopman. Yo te chwazi Endis Transfòmasyon Aksesibilite Nimerik fim ki espesyalize nan aksesibilite a, Deque, kreye pou kouvri plizyè domèn aksesibilite ki gen ladan yo dire devlopman lojisyèl, pasasyon mache, resous imèn, dokiman, gouvènans, kominikasyon, ak lòt domèn yo dwe abòde. Kad modèl devlopman an bay yon apèsi klè pou idantifye kote Commonwealth la ye nan zafè aksesibilite, nan objektif li yo ak fason li prevwa amelyore li ofiyamezi tan an ap pase yon fason pou li entegre aksesibilite a nan tout domèn yo.

EOTSS te rive elabore plan estratejik la nan tèt kole avèk yon fim konsiltasyon prensipal, Nava PBC, pou l fè patenarya avèk fim li chwazi ki espesyalize nan aksesibilite a pou jwe wòl soutretan. Deque se te fim aksesibilite soutretan EOTSS ak Nava PBC te chwazi. Deque ap bay gouvènman an ak lòt sektè yo sèvis konsiltasyon nan zafè aksesibilite depi plis pase 20 lane epi li anplwaye konsiltan ki gen andikap ak sila yo ki pa gen andikap pou bay òganizasyon yo sèvis aksesibilite ak sipò, kit se gwo òganizasyon kit se ti òganizasyon.

Travay la te fini nan mwa jen 2025, sa ki te pèmèt yo elabore yon plan pou anplwaye anndan yo itilize epi yon modèl pou yo pibliye sou Mass.gov. Nava ak Deque rankontre avèk moun anndan nan tout sekretarya yo, biwo endepandan yo ak ajans deyò yo pou yo kolekte kòmantè plizyè gwoup moun. Epitou, yo te idantifye gwoup moun deyò yo epi yo te patisipe nan faz rechèch la pou yo di sa yo panse de elaborasyon plan an ak sa pou yo mete ladan li. Yo te elabore plizyè vèsyon nan plan an epi bay aktè yo egzamine l, tankou EOTSS ak Konsèy la. Yo te kolekte kòmantè yo epi analize yo pou yo entegre yo nan plan an pou plan final la. Rechèch la ak kòmantè yo te pèmèt yo fikse sis (6) objektif ki gen pou wè ak domèn kreyasyon lojisyèl ak resous nimerik ak pasasyon mache, fòmasyon, rekritman ak finansman pou pwogram, angajman kominotè, ak gouvènans aksesibilite nimerik avèk estrateji ak mezi ki koresponn ak li. Plan estratejik la gen ladan l bonjan mezi ki gen pou wè ak aksesibilite, tankou elaborasyon nòm aksesibilite nan zafè teknoloji enfòmasyon, tèm kontra, epi metòd tès ak koreksyon ki vini ak li ansanm avèk yon kalandriye.

plan estratejik aksesibilite a fini, l ap ede tout sekretarya yo elabore pwòp plan pèsonalize pa yo ki adapte ak bezwen sekretarya pa yo. Responsab Enfòmatik yo nan Sekretarya a ak SIAO yo ap resevwa modèl plan egzekisyon ki baze sou plan estratejik aksesibilite a pou bay plis konsèy, nòm ak estrateji pou kreyasyon ak difizyon kontni nimerik. Direksyon ak pèsonèl sekretarya a ap patisipe nan elaborasyon plan egzekisyon Sekretarya a ak ajans lan pandan Ane Fiskal 2026 la pou yo tanmen ak rapousuiv jefò elaborasyon pwogram nan. Epitou, pèsonèl sekretarya a te di y ap travay pou yo aliyen yo avèk Plan Aksyon Nimerik Commonwealth la pou asire tout bagay rete estab epi chak moun rann kont. Rann pwodui ak sèvis yo aksesib epi entegre divès pwendvi nan fason yo kreye yo epi aplike yo se yon prensip fondamantal nan Plan Aksyon Nimerik Commonwealth la. Epitou, sa pèmèt yo kadre yo avèk jefò planifikasyon estratejik nan zafè aksesibilite nimerik la.

Aktivite Ekip ACCESS la nan EOTSS

Dispozisyon pou Fòmasyon sou Aksesibilite Nimerik

Pou anplwaye ki kreye kontni nimerik yo rive respekte Tit 2 a nan ADA a, yo dwe enplike yo ak tout nanm yo. Li enpòtan anpil pou moun yo resevwa fòmasyon sou fason pou yo rann kontni sa a aksesib.

Men objektif fòmasyon ekip ACCESS la:

  1. Sansibilize dirijan yo epi jwenn sipò yo pou asire yo kore ak ankouraje chanjman ak fòmasyon ki nesesè yo ak tout fòs yo.
  2. Sansibilize kontribitè endividyèl yo epi ba yo mwayen pou yo kreye kontni ki aksesib.
  3. Kore Sekretarya yo anvan ak pandan kreyasyon kontni an pou diminye koreksyon ki nesesè apre lansman an.
  4. Ede korije kontni ki la deja a pou akselere pwosesis la epi redui tan ak jefò ki 
    nesesè yo.

Ekip ACCESS la ofri gid pou suiv selon rit ou sou Mass.gov, wèbinè fòmasyon regilye an dirèk, ak Sèvis Anpèmanans sou Aksesibilite defwa pa semèn ki envite moun ak ajans yo jwenn èd pou elaborasyon estrateji ak kontni yo.

Men sa plan fòmasyon ekip ACCESS pou Ane Fiskal 2026 la gen ladan l:

  1. Elaji pwogram fòmasyon yo pandan y ap ajoute nouvo tèm ak touche plis anplwaye, epi entegre prensip aksesibilite yo nan fòmasyon obligatwa ki deja la pou anplwaye Commonwealth yo.
  2. Travay avèk kòlèg Sèvis Resous Imèn yo pou finalize ak entegre yon fòmasyon sou prensip debaz aksesibilite nimerik nan kad fòmasyon anyèl ki obligatwa yo.
  3. Kreye yon sit fòmasyon espesyal ki gen ladan l egzanp pratik entèraktif ak lis verifikasyon entèraktif etap pa etap.
  4. Etann fòmasyon an ak sèvis an pèmanans yo nan Minisipalite yo ak Lekòl yo.

Travay Konsepsyon ak Devlopman nan zafè Aksesibilite

Pou ranfòse aksesibilite aplikasyon Commonwealth yo ak platfòm Mass.gov la, yon sistèm konsepsyon aksesib ki inifye ak pi bon pratik devlopman nesesè. Mezi sa yo ap pèmèt yo adopte yon apwòch ki pi prevantif ki vize entegre aksesibilite depi nan premye etap yo nan pwosesis devlopman lojisyèl la epi akselere devlopman an pandan yo ap redui pwoblèm yo detekte nan faz teste a. Men sa plan pou Ane Fiskal 2025-2026 la gen ladan l:

  1. Kolabore avèk ekip konsepsyon eksperyans itilizatè ak rechèch Sèvis Nimerik Massachusetts la pou entegre aksesibilite nan sistèm konsepsyon ak bibliyotèk modèl Massachusetts pou jodi a ak demen.
  2. Fikse epi aplike egzijans nan zafè aksesibilite pou faz pwojè planifikasyon ak faz devlopman lojisyèl.
  3. Eksplore ak mete an plas zouti pou evalye konsepsyon, fè analiz konsepsyon, ak teste kòd.
  4. Kolabore avèk ekip konsepsyon eksperyans itilizatè ak rechèch la pou asire etid yo aksesib epi yo gen ladan yo moun ki gen andikap k ap itilize teknoloji ki ede moun nan gwoup patisipan yo.
  5. Kreye epi pibliye yon baz konesans entèraktif pou fè rechèch anliy pou pèmèt konseptè yo, devlopè yo, testè yo, ak founisè sèvis endepandan yo konnen egzijans nan zafè aksesibilite, teknik koreksyon yo, ak pi bon pratik konsepsyon ak kodaj yo.

Li enpòtan anpil pou yo teste epi korije pwoblèm aksesibilite yo dekouvri yo pou rann resous nimerik yo pi aksesib. Ekip ACCESS la bay èd li nan kad plizyè pwojè tès ki kouvri plizyè Sekretarya epi l ap kontinye bay sèvis la pandan Ane Fiskal 2026 la. Pou kounye a, gen plizyè plan pou mete an plas ak rekrite yon ekip ki responsab sèvis tès aksesibilite EOTSS la. Ekip sa a ap fè tès yo anndan pou plis kontwòl, pi bon kalite, plis rapidite ak plis valè pou lajan.

Travay sou Aksesibilite Dokiman

Mass.gov gen plis pase 298,000 dokiman epi yo ajoute plis pase 4,000 nouvo dokiman chak mwa an mwayèn. Se sa ki fè li enpòtan pou dokiman sa yo fasil pou jwenn ak itilize. Dokiman ki anndan yo ogmante kantite sa a plis toujou, mete sou plizyè milye imèl chak jou, plizyè santèn bilten enfòmasyon, ak plizyè douzèn kont rezo sosyal Commonwealth ki pibliye kontni regilyèman epi ki mande verifikasyon, tès, ak koreksyon pou asire yo aksesib. Nan optik sa a, travay nou an chita sou twa (3) objektif:

  1. Lanse fòmasyon pou ede tout anplwaye Commonwealth yo redije dokiman ak kominikasyon ki pi aksesib.
  2. Kòmanse evalye dokiman ak kominikasyon ki deja la yo pou wè si yo aksesib.
  3. Evalye zouti ki pèmèt nou jere koreksyon gwo dokiman yo.

Chak anplwaye Commonwealth responsab pou l pibliye dokiman ak kominikasyon ki aksesib pou moun yo ak anplwaye parèy yo. Gras ak yon apwòch fòmasyon ak sansibilizasyon ki gen plizyè tèt, san wete chita pale endividyèl ak chita pale an gwoup, resous pou suiv selon rit ou, opòtinite pou suiv fòmasyon an dirèk, ak aktivite Anpèmanans, ekip aksesibilite santral la kòmanse fè anplwaye Commonewalth yo itilize pi bon pratik nan zafè redaksyon dokiman ki aksesib epi li ede lòt moun nan amelyore konpetans yo nan zafè pratik aksesibilite. Epitou, sila yo ki responsab pou kreye kontni sou sit Mass.gov yo oswa sit entranèt yo kòmanse entegre pratik sa yo nan fòmasyon yo pou moun ki redije kontni yo tou, sa ki se yon lòt estrateji pou fè anplwaye yo entegre aksesibilite nan fason yo travay chak jou.

Gras ak etid diferan zouti, n ap egzamine ak idantifye plizyè sistèm ki kapab idantifye dokiman ki pa aksesib yo ansanm avèk erè aksesibilite ki fèt pi souvan anndan dokiman sa yo. Apre etid la ak pwojè pilòt yo, n ap mete yon sistèm an plas pou nou kòmanse klase dokiman ki deja la yo. Objektif inisyativ sa yo se etabli yon nivo referans pou aksesibilite dokiman ak kominikasyon yo suiv regilyèman epi yo kore atravè fòmasyon ak chita pale, epi ki garanti transparans lè moun yo oswa anplwaye yo gen pwoblèm.

Entèlijans Atifisyèl ak Aksesibilite

Entèlijans atifisyèl la ap vale teren ak tout boulin. Se sa ki fè chak jou gen plis moun k ap itilize li nan tout Commonewealth la. Genyen plizyè inisyativ ak komite pou idantifye risk, avantaj, ak opòtinite ki konsène itilizasyon entèlijans atifisyèl la. Yo pa dwe neglije aksesibilite nimerik la nan inisyativ sa yo, komite sa yo ak chita pale sa yo piske gen plis moun k ap itilize l epi enpak li sou moun anndan ak moun deyò ogmante. Ekip ACCESS la patisipe nan Komite Risk Entèlijans Atifisyèl la ki nan Sant Ekselans Entèlijans Atifisyèl la pou l evalye pwopozisyon pwojè yo epi entegre aksesibilite pami kritè pou yo konsidere lè y ap bay apwobasyon yo. Ekip ACCESS la kreye paj wèb Entèlijans atifisyèl (EA) ak Aksesibilite sou Mass.gov pou l bay ekip etidyan ki nan pwogram InnovateMA yo, planifikatè pwojè yo, ak devlopè yo yon resous pou yo jwenn konesans epi konprann egzijans ki nesesè pou yo ogmante aksesibilite a nan travay yo pandan yo ap entegre entèlijans atifisyèl la. Epitou, yo mete an plas yon fòmasyon pou gwoup etidyan yo pou yo ka defini egzijans debaz yo nan zafè aksesibilite nimerik epi eksplike yo atant yo konsènan itilizasyon ak mizanplas entèlijans atifisyèl la. Ofiyamezi plis moun ap itilize entèlijans atifisyèl la nan sèvis nimerik ak pwogram yo, ekip ACCESS la ap jwe yon pi gwo wòl tou epi l ap pwopoze plis resous pi bon kalite pi devan.

Travay sou Aksesibilite Pasasyon Mache

Acha resous nimerik ki aksesib ak sèvis enfòmatik ki pwofesyonèl enpòtan anpil pou atenn objektif Commonwealth la nan zafè aksesibilite nimerik. Mete sou sa, zouti nimerik yon lòt antite kreye, pèsonalize, oswa konfigire epi itilize pou l mete an plas pwogram, sèvis, ak aktivite Commonewalth yo dwe aksesib selon lwa federal ak lwa 
Eta yo.

Objektif

Entegre nòm ak egzijans nan zafè aksesibilite nan tout faz acha materyèl oswa sèvis enfòmatik.

Objektif Acha Materyèl oswa Sèvis Enfòmatik ki Aksesib
  1. Chanje Tèm Kontra Aksesibilite pou Solisyon Enfòmati yo.
  2. Kreye yon Kesyonè sou Aksesibilite pou evalye kapasite Founisè a pou li bay solisyon enfòmatik ki aksesib.
  3. Kreye pwotokòl evalyasyon aksesibilite enfòmatik pou fasilite chwa founisè a.
  4. Defini règ ki klè konsènan fason founisè yo dwe teste pwodui yo epi asire yo aksesib. 
2yè imaj: Eleman nan Pwogram Acha Materyèl oswa Sèvis Enfòmatik ki Aksesib
Pwogram Acha Materyèl oswa Sèvis Enfòmatik ki Aksesib la gen ladan l sis (6) eleman: Kesyonè sou Aksesibilite, Rapò sou Konfòmite pou Aksesibilite, Tès ak Verifikasyon, Plan Diminisyon Risk ak Dega, Evalyasyon Founisè, ak Tèm Kontra.

Responsab Estrateji Aksesibilite nan zafè Pasasyon Mache ak Politik la nan tèt kole avèk ekip Jesyon Kontra EOTSS la te revize Tèm Kontra Aksesibilite Founisè a pou Solisyon Enfòmatik yo. Mete sou sa, yo te kreye epi teste yon kesyonè sou aksesibilite pou evalye kapasite founisè a pou li fè epi bay pwodui ki aksesib.

Travay la Fini
  1. Revize Tèm Kontra Aksesibilite pou Solisyon Enfòmatik yo epi pataje li pou Ekip Kontra EOTSS la egzamine. Men prensipal modifikasyon yo:
    1. ranfòse obligasyon founisè yo pou yo rezoud pwoblèm aksesibilite a;
    2. defini tès aksesibilite founisè yo eou verifye si yo respekte egzijans konfòmite yo; epi
    3. defini mezi koreksyon pou si yo pa respekte egzijans yo.
  2. Kreye epi teste yon Kesyonè sou Aksesibilite pou evalye kapasite founisè a pou li kreye, fè epi bay pwodui enfòmatik ki aksesib.
  3. Kreye yon Tablo Senp pou Evalye Aksesibilite Founisè a pou ranplase ansyen lis sistèm enfòmatik la ak teknoloji ki ede moun yo.

Yo prevwa fè travay ki vini annapre a pandan Ane Fiskal 2026 la.

  1. Jwenn apwobasyon pou tèm kontra aksesibilite ki revize a, pibliye l sou Mass.gov, epi entegre li nan tout acha materyèl ak sèvis enfòmatik nan Depatman Egzekitif la alavni.
  2. Pibliye Egzijans nan zafè Teste Aksesibilite Founisè sou Mass.gov nan kad Pwogram Konfòmite pou Acha Materyèl oswa Sèvis Enfòmatik ki Aksesib.
  3. Detèmine fason yo ka entegre tèm kontra aksesibilite ki revize a selon referans oswa selon tèm yo ajoute nan ansyen kontra yo lè sa nesesè.
  4. Devlope yon tablo evalyasyon senp pou Kesyonè Aksesibilite a.

Angajman pou Kolaborasyon nan zafè Aksesibilite Nimerik

Lefètke nou pataje enfòmasyon avèk moun nan lòt Eta ki travay sou aksesibilite nimerik, sa pèmèt nou tire leson nan inisyativ pa yo a epi tabli yon klima konfyans pandan n ap pataje sa nou aprann. Kolaborasyon sa yo enpòtan anpil pou tout patisipan yo.

Ekip ACCESS patisipe nan plizyè gwoup travay sou aksesibilite nimerik onivo nasyonal pou l reprezante Massachusetts ak travay li ap fè. Gen youn ki rele Kolaborasyon sou Aksesibilite Nimerik nan Plizyè Eta, Eta Maine te òganize epi akeyi okòmansman. Genyen plis pase 50 patisipan ki soti nan 29 Eta. Lòt la se Fowòm Aksesibilite Nimerik Asosyasyon Nasyonal Responsab Enfòmatik (National Association of State Chief Information Officers, NASCIO) fenk kreye. Pou premye fwa, aksesibilite nimerik te pami Dis Prensipal Priyorite Politik ak Teknolojik CIO Eta NASCIO a pou ane 2025 la. Byenke patisipan yo pataje kèk pwen komen ant yo, kolaborasyon ant plizyè Eta a gen ladan inisyativ aksesibilite nan Eta kote pa gen okenn pwogram enpòtan nan kad CIO Eta a. Gwoup NASCIO a gen ladan yon bon valè moun ki nouvo nan zafè aksesibilite 
nimerik la.

Nan toude gwoup yo, planifikasyon ak aplikasyon chanjman pou pliye anba nouvo règleman Tit 2 ADA a se sijè yo te abòde pi souvan. Li gen ladan l chita pale sou rekritman ak opsyon resous yo, chanjman nan politik ak pwogram, pratik pasasyon mache, ak sèvis ki disponib yo.

Epitou, ekip la ap patisipe nan nouvo sougwoup NASCIO a, Aksesibilite Nimerik: Sougwoup ki Responsab Aplikasyon Politik. Se ap yon espas entèraktif sou sitwèb NASCIO a k ap konsantre sou politik nan zafè aksesibilite nimerik. Li gen ladan moun nan Eta a k ap travay sou politik aksesibilite nimerik ofisyèl onivo Eta a ak dokiman ki gen rapò ak li yo.

Kontra Avèk Founisè ki Espesyalize nan Aksesibilite Enfòmatik

Commonwealth la gen yon kontra onivo Eta a pou sèvis pwofesyonèl ki la pou garanti aksesibilite teknoloji enfòmasyon li deplwaye a. Yon kontra onivo Eta vle di nou kapab asire nou yo founisè yo genyen ekspètiz pou yo bay sèvis sa yo:

  • Teste sitwèb ak aplikasyon yo pou wè si yo aksesib
  • Evalye ak rezoud pwoblèm aksesibilite sitwèb yo, aplikasyon yo, ak dokiman genyen
  • Etabli estrateji, politik, ak pwosedi pou aksesibilite
  • Fè fòmasyon sou egzijans ak teknik aksesibilite yo
  • Reponn ak egzijans nan zafè aksesibilite pou kontni odyo ak videyo
  • Mete an plas mezi pou ede anplwaye ki itilize sistèm ki pi ansyen yo

Kontra aktyèl la, ITS61, ap fini 30 jen EOTSS ap travay avèk Divizyon Sèvis Operasyonèl la (Operational Services Division, OSD) pou li etabli yon nouvo kontra onivo Eta a OSD jere ki ap an plas 1ye jiyè 2025. Ekip Apwovizyònman Estratejik la (Strategic Sourcing Team, SST) ki gen reprezantasyon ekip pasasyon mache EOTSS ak ekip ACCESS la, amelyore òf yo, chanje kritè kalifikasyon ki nesesè yo, etabli kritè evalyasyon yo, epi pibliye Apèl Dòf pou nouvo kontra onivo Eta a, ITS82.

Manm ekip ACCESS la ap kontinye kore nouvo kontra OSD jere a nan fason sa a:

  • Redaksyon ak piblikasyon Gid Itilizasyon Kontra, ki gen enfòmasyon detaye sou fason pou itilize diferan kategori yo ak redaksyon Demann Devi ak Dokiman Travay
  • Patisipe nan sansibilizasyon ak maketin, sitou pou lekòl yo ak minisipalite yo
  • Kontwole pèfòmans founisè yo
  • Reflechi sou demann pou nouvo founisè yo

Konklizyon

Li enpòtan anpil pou kreye ak achte kontni nimerik ki aksesib pou tout moun. Rann pwogram, sèvis ak aktivite yo pi fasil pou itilize epi pi akeyan pou tout moun se yon aspè fondamantal nan zafè aksesibilite a. Sansibilizasyon ak fòmasyon anplwaye Commonwealth yo ap ede rann zouti nimerik yo pi aksesib epi pi fasil pou itilize. Li enpòtan anpil pou defini ak prevwa egzijans, nòm, zouti ak resous ki klè pou amelyore ak ranfòse pwosesis ak plan nan zafè aksesibilite nimerik nan Commonwealth la.

Plan estratejik pou aksesibilite ak ekite nimerik la, pwogram nan, ak Konsèy Gouvènans lan se yon baz solid pou pwochen devlopman ak inisyativ pwogram nan. Plan estratejik pou aksesibilite ak ekite nimerik la ak plan detaye a ap pèmèt Commonwealth la amelyore tikal pa tikal zafè aksesibilite ak ekite a. Inisyativ ki soti nan plan sa a, pwogram aksesibilite a ak Konsèy Gouvènans lan ap bay endikatè pèfòmans kle ki mezirab pou suiv nivo devlopman pwogram nan epi bay plis opòtinite nan zafè fòmasyon, zouti ak alokasyon resous.

Kreyasyon pòs Responsab Anchèf Aksesibilite Teknoloji Enfòmasyon an, Konsèy Gouvènans pou Aksesibilite ak Ekite Nimerik la, Ekip ACCESS la, ak Responsab Aksesibilite Teknoloji Enfòmasyon nan Sekretarya a ap pèmèt yo fè aksesibilite ak ekite pase nan yon nivo devlopman ki siperyè epi y ap pòte ekspètiz ki nesesè pou reyalize pwochen inisyativ aksesibilite yo. Zafè aksesibilite a se pa yon bagay ou fè yon sèl fwa epi w fini. Se yon travay pèmanan pou montre pwogrè ki fèt yo ede moun konprann li. Nòm ak atant sektè a ap kontinye evolye ak miltipliye plis tan ap pase. Tout anplwaye Commonwealth yo genyen menm responsabilite pou yo asire yo zouti ak kontni nimerik yo enklizif, aksesib epi fasil pou itilize. Sa ap ede kreye yon anviwònman akeyan kote moun kapab viv, aprann epi travay nan Commonwealth nan Massachusetts.

Help Us Improve Mass.gov  with your feedback

Please do not include personal or contact information.
Feedback