Massachusetts State Seal An official website of the Commonwealth of Massachusetts Here's how you know

Official websites use .mass.gov

A .mass.gov website belongs to an official government organization in Massachusetts.

Secure websites use HTTPS

A lock icon or https:// means you've safely connected to the official website. Share sensitive information only on official, secure websites.

Aprann sou Sant Sèvis Tribinal yo

Chèche konnen ki sèvis yo ofri nan Sant Sèvis Tribinal yo.

Gen nèf (9) Sant Sèvis Tribinal - yon (1) Sant Sèvis Tribinal Vityèl ak uit (8) Sant Sèvis Tribinal fizik ki sitiye nan sèten sit tribinal yo.

Sant Sèvis Tribinal Vityèl la :

  • Louvri pou akèy apati 9 am-2 pm, lendi jiska vandredi, pou itilizatè tribinal ki gen oswa ki vle depoze ka nan sistèm tribinal nou an.
  • evalye elijiblite litigan ki reprezante tèt yo pou Sèvis Sant Sèvis Tribinal la ;
  • bay enfòmasyon jiridik ak asistans limite pa telefòn oswa videyo ; epi
  • fè referans pou youn nan Sant Sèvis Tribinal lokal yo ak / oswa sèvis èd kominotè / jiridik.

Sant Sèvis Tribinal yo bay :

  • Sèvis an pèsòn lendi-jedi, 8:30 am-1 pm ; 2–4:30 pm ak vandredi, 8:30 am-1 pm
  • Sant Sèvis Tribinal Taunton bay sèvis an pèsòn lendi, madi, ak jedi sèlman apati 8:30 a.m.-1 p.m. ; 2 a 4:30 p.m.
  • Tout Sant Sèvis Tribinal yo bay sèvis adistans tou ant lendi ak vandredi. Konekte w avèk Sant Sèvis Vityèl Tribinal pou akèy la.
  • Tanpri sonje bagay sa yo :
    • Lè fonksyònman yo konresponn ak lè pèsonèl la ap travay ak kliyan tribinal la.
    • Lè vizit an pèsòn yo ap limite lè yo rive nan kantite moun yo ka resevwa a; lè a ap varye chak jou sou baz kantite a ak kote a.

Adrès Sant Sèvis Jiridik Yo

Sant Sèvis Jiridik Vizyèl

Anvan w vizite Sant Sèvis Tribinal lokal ou a an pèsòn, prepare w davans nan konekte w ak Sant Sèvis Tribinal Vityèl la dabò. Ou pral kapab :

  • Detèmine alavans si youn nan Sant Sèvis Tribinal lokal yo ka ede w avèk sitiyasyon w nan,
  • Reponn kesyon debaz,
  • Ranpli yon fòmilè akèy epi revize materyèl ou bezwen yo anvan Sant Sèvis Tribinal la ka ede w,
  • Konekte ak youn nan uit (8) lokal Sant Sèvis Jiridik yo epi prepare w pou w resevwa sèvis an pèsòn oswa a distans, epi
  • Oryante w nan resous kominotè yo.

Kòman M Ka Konekte Ak Sant Sèvis Jiridik Vityèl La?

  • Rejwenn nou sou Zoom. Antre Meeting ID 1615261140; oswa
  • Rele nou nan (646) 828-7666. Antre Meeting ID 1615261140 epi prese # #

Kòman Sant Sèvis Jiridik La Ka Ede M?

Nou ka:

  • Bay Enfomasyon Legal
  • Ede nan Fomilè Jiridik nan Kèk Tip Ka
  • Enfòmasyon sou règleman, pwosedi, ak pratik tribinal la
  • Dokiman tribinal ak enstriksyon alekri (gen kèk yo ofri nan plizyè lang)
  • Bay Èd nan Lang ou Chwazi a
  • Konekte W ak Èd Legal ak Sipò Kominotè
  • Odinatè ki gen aksè a resous sou entènèt ki disponib sou yon baz premye arive, premye sèvi

Nou pa ka:

  • Ba Ou Konsèy Legal oswa Defann Ou nan Tribinal
  • Ede W nan Preprasyon Pwosè oswa nan Chèche Prèv
  • Ede W si W Gen yon Avoka
  • Enfòme W sou Fason Ka w la ap Avanse oswa Fè w konnen

Sant Sèvis Jiridik yo pa ka reponn ak tout demann yo Tip Ka

Egzanp tip ka nou ka ede:

  • Kesyon Familyal (Divòs, lojman timoun yo, pansyon alimantè, tan parantal)
  • Responsablite Minè oswa Adilt
  • Chanjman Non oswa Koreksyon nan Non Dosye Eta Sivil
  • Administrasyon Volontè
  • Sa ki gen rapò ak Pwopriyetè/Lokatè
  • Òdonans prevansyon Abi/Restriksyon oswa Asèlman
  • Angajman Sivil/Aktik 35
  • Ti Plent

Men egzanp kèk ka nou pa ka ede:

  • Siveyans Fomèl/Enfomèl pou Pwopriyete
  • Adopsyon
  • Reklamasyon
  • Imigrasyon
  • Majorite ka yo soti nan Tribinal Minè
  • Ka Tribinal Federal yo ak Ka nan Lòt Eta/Peyi

Help Us Improve Mass.gov  with your feedback

Please do not include personal or contact information.
Feedback