Sèvis Aksè Lengistik MDAR yo (MDAR's Language Access Services)

MDAR angaje l pou l bay sèvis ki nesesè pou tout moun patisipe nan pwogram nou yo, tankou sèvis lang yo. Jwenn plis enfòmasyon sou kijan pou jwenn aksè nan sèvis lang MDAR yo anba a:

Si w gen difikilte pou w konprann angle, gen asistans gratis nan lang ki disponib sou demann: Tanpri imèl Olivia.Palmer@Mass.gov

Tradiksyon Sit Entènèt  Mass.Gov yo 

Tradiksyon Sit Entènèt  Mass.Gov yo

Tanpri sonje: tout sit Mass.gov yo ka tradui otomatikman anba "Chwazi Lang" ki anlè ekran an. 

Demann Tradiksyon ak Entèpretasyon

MDAR ka bay tradiksyon dokiman piblik yo, ansanm ak sèvis entèpretasyon pou reyinyon piblik (an pèsòn oswa vityèl) sou demann. Ou ka soumèt demann yo nan fason sa yo: 

MDAR kenbe yon lis ajou dokiman depatman an ki te deja tradui

Plan Aksè Lengistik MDAR

Nan yon efò pou amelyore aksè lengistik nan tout deoatman an, MDAR te pibliye yon Plan Aksè Lengistik ("LAP") an Fevriye 2025. 

LAP fè efò pou elimine baryè pou moun ki gen konpetans limite nan lang anglè ("LEP") pou jwenn aksè nan sèvis lang ki deja egziste yo epi asire tout anplwaye yo ka ede moun ki nan LEP yo jwenn aksè nan resous sa yo. LAP rasanble tout dokiman ki gen rapò ak aksè lang pou anplwaye yo epi li eksplike fòmasasyon regilye pou nouvo anplwaye yo.  

Si ou gen nenpòt kòmantè oswa kesyon, ou ka ranpli fòm kòmantè sa a oswa kontakte MDAR.EJ@Mass.gov

Plan Aksè Lengistik MDAR la 

02/2025 Atelye sou Aksè Lengistik

An fevriye 2025, Ekip Jistis Anviwònmantal (Environmental Justice, EJ) te òganize yon atelye pou pataje plis enfòmasyon sou sèvis aksè lang ki disponib pou moun ki pa pale anglè yo. 

Ekip Jistis Anviwònmantal la te revize an detay...  

  • Kijan pou mande tradiksyon yon dokiman MDAR. 
  • Kijan pou mande entèpretasyon pou yon apèl telefòn, yon reyinyon, oswa yon evènman, 
  • Divès dokiman ki tradui ki disponib piblikman; epi 
  • Kijan pou itilize teknoloji tradiksyon vityèl MDAR la.  

Si ou gen nenpòt kesyon sou atelye a, oswa efò nou yo nan sa ki gen rapò ak aksè lengistik, tanpri kontakte kowòdonatè Aksè Lang MDAR la: Olivia.Palmer@Mass.gov     

Kou Lang Panyòl MDAR  

Nan lane 2024 ak 2025 MDAR te pase yn kontra ak Language Connections, yon founisè sèvis tradiksyon ak entèpretasyon ki baze nan Boston, Massachusetts, pou konsepsyon ak òganize yon kou fòmasyon panyòl vityèl pou Manadjè ak vandè Mache Kiltivatè yo. 

pou ankouraje pousuit aprantisaj  epi bay enfòmasyon sa a ak lòt moun ki enterese nan aprann baz panyòl pou yon anviwònman Mache Agrikiltè, nou te poste dokiman ki devlope yo sou yon paj entènèt:

Kou Lang Panyòl MDAR   

W ap chèche sèvis aksè?

Biwo Egzekitif pou Enèji ak Afè Anviwònman Règleman ki vize garanti yon aksè siyifikatif pou Moun ki Andikape 

Si w gen yon andikap, èd ak sèvis gratis disponib sou demann: Tanpri imèl EEADiversity@mass.gov oswa rele 617-626-1282.

Help Us Improve Mass.gov  with your feedback

Please do not include personal or contact information.
Feedback